28
Mechan yo Lev 26:17-36sove ale lè pa gen k ap kouri dèyè yo;
men moun dwat yo gen kouraj kon lyon.
Pa transgresyon a yon pèp, I Wa 16:8-28chèf peyi yo vin anpil;
men lòd se etabi pa yon nonm bon konprann ak konesans.
Yon moun pòv ki peze malere
se tankou gwo lapli ki lave tè a san kite anyen.
Sila ki abandone lalwa a Sòm 49:18bay lwanj a moun mechan;
men sila ki kenbe lalwa a va kanpe devan yo.
Moun mechan yo Sòm 92:6pa konprann lajistis;
men sila ki chache SENYÈ yo konprann tout bagay.
Pwov 19:1Pi bon se malere ki mache ak ladwati a
pase sila ki kwochi a, menm si l gen anpil richès.
Sila ki kenbe lalwa a se yon fis ak bon konprann;
men sila ki fè zanmi ak moun Pwov 23:20voras fè papa l wont.
Sila ki agrandi richès li avèk Egz 22:25enterè sou lajan,
ranmase li pou sila k ap fè gras a malere a.
Sila ki vire zòrèy li pou pa koute lalwa a,
menm Sòm 66:18lapriyè li abominab.
10 Sila ki egare moun dwat la nan move chemen an
va li menm tonbe nan pwòp fòs li;
men Mat 6:33 sila ki san tò a, va gen bon eritaj.
11 Mesye rich la saj nan pwòp zye l;
men malere ki gen bon konprann nan wè l jis li sonde l nèt.
12 Lè moun ladwati a gen viktwa, gen anpil glwa;
men Pwov 28:28lè mechan yo leve tout moun kache kò yo.
13 Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè;
men sila ki Sòm 32:5 konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.
14 A la beni se sila ki toujou Pwov 23:17gen lakrent Bondye a!
Men sila ki fè kè l di, va tonbe nan malè.
15 Tankou lyon k ap rele fò ak lous k ap atake,
se konsa yon Egz 1:14 chèf mechan ye sou yon pèp malere.
16 Yon Ekl 10:16gouvènè ki peze pèp la manke bon konprann;
men sila ki rayi richès ki pa jis, pwolonje jou li yo.
17 Yon nonm ki Jen 9:6twouble ak koupabilite san moun
va yon fijitif jiskaske li mouri.
Pinga pèsòn ba li soutyen.
18 Sila ki mache san tò a va delivre;
men sila ki Pwov 10:27kwochi a va tonbe byen vit.
19  Pwov 12:11Sila ki laboure tè a va gen anpil manje;
men sila ki swiv vanite va jwenn anpil mizè.
20 Yon nonm Pwov 10:6fidèl va gen anpil benediksyon;
men sila ki fè vit pou jwenn richès, p ap chape anba pinisyon.
21 Montre patipri pa bon,
paske yon sèl mòso pen ka fè yon moun transgrese.
22 Yon nonm ak Pwov 23:6move zye kouri dèyè richès
e li pa konnen kisa k ap rive li.
23 Sila ki bay yon moun repwòch
va jwenn plis favè pase sila ki Pwov 29:5 fè flatè ak lang li an.
24 Sila ki vòlè papa li oswa manman l
epi di: “Sa pa yon transgresyon”,
se Pwov 18:9 parèy ak yon moun ki detwi.
25 Yon nonm awogan ap Pwov 15:18pwovoke konfli;
men sila ki mete konfyans nan SENYÈ a va pwospere.
26 Sila ki Pwov 3:5mete konfyans nan pwòp kè li a se yon moun fou;
men sila ki mache ak sajès la va delivre.
27 Sila ki Pwov 11:24bay a malere a p ap janm manke;
men sila ki fèmen zye l ap jwenn anpil malediksyon.
28 Lè mechan yo leve, pèp la kache kò yo;
men lè yo peri moun dwat yo vin plis.

28:1 Lev 26:17-36

28:2 I Wa 16:8-28

28:4 Sòm 49:18

28:5 Sòm 92:6

28:6 Pwov 19:1

28:7 Pwov 23:20

28:8 Egz 22:25

28:9 Sòm 66:18

28:10 Mat 6:33

28:12 Pwov 28:28

28:13 Sòm 32:5

28:14 Pwov 23:17

28:15 Egz 1:14

28:16 Ekl 10:16

28:17 Jen 9:6

28:18 Pwov 10:27

28:19 Pwov 12:11

28:20 Pwov 10:6

28:22 Pwov 23:6

28:23 Pwov 29:5

28:24 Pwov 18:9

28:25 Pwov 15:18

28:26 Pwov 3:5

28:27 Pwov 11:24