49
Pou direktè koral la; Yon Sòm fis a Koré yo
1 Tande sa, tout pèp yo; prete zòrèy nou,
tout sila ki rete nan mond la!
2 Ni ✡ Sòm 62:9ba, ni wo, rich avèk malere ansanm.
3 Bouch mwen va ✡ Sòm 37:30pale sajès,
Epi meditasyon a kè m va vin konprann.
4 Mwen va apiye zòrèy mwen vè yon pwovèb;
Mwen va eksprime yon ✡ Nonb 12:8 devinèt
sou ap la.
5 Poukisa mwen ta gen ✡ Sòm 23:4krent nan move jou yo,
Lè inikite a lènmi m yo antoure m,
6 Malgre sila ki ✡ Job 31:24mete konfyans nan richès yo,
E ki ògeye nan kantite fòs lajan yo?
7 Nanpwen moun ki kab sou okenn mwayen
✡ Mat 25:8-9sove frè li, ni li p ap kab bay Bondye
yon racha pou li.
8 Paske ✡ Mat 16:26redanmsyon nanm li koute chè,
epi li ta dwe sispann fè esèy sa a nèt.
9 Pou li ta ✡ Sòm 22:29viv toujou jis pou letènite
Pou li ✡ Sòm 16:10 pa ta janm tonbe en pouriti menm.
10 Paske li wè ke menm moun saj yo mouri;
Sila ki bèt ak sila ki fou yo mouri menm jan,
Epi ✡ Sòm 39:6kite byen yo pou lòt yo.
11 Yo ✡ Jen 4:17reflechi anndan kè yo ke kay yo se pou tout tan,
Epi kote yo rete a se pou tout jenerasyon yo;
Yo te rele peyi yo a menm non ak yo.
12 Men yon ✡ Sòm 49:20nonm nan gran ògèy li p ap dire;
Li tankou bèt ki peri.
13 Konsa, se ✡ Jr 17:11chemen a sila ki manke sajès yo,
Ak sila ki swiv yo e ki vin dakò avèk pawòl yo.
14 Tankou mouton, yo fin chwazi pou rive nan sejou lanmò;
Lanmò va bèje yo;
Epi moun dwat yo va domine sou yo nan maten.
Epi fòm yo va ✡ Job 24:19fini nèt pa sejou lanmò a,
Jiskaske yo pa gen kote pou rete.
15 Men ✡ Jen 5:24Bondye va rachte nanm mwen soti
pouvwa a sejou lanmò a,
Paske Li va resevwa m.
16 Ou pa bezwen pè ✡ Sòm 37:7lè yon nonm vin rich,
Lè glwa lakay li vin ogmante;
17 Paske lè l mouri li p ap pote anyen ale;
Glwa li a p ap swiv li desann.
18 Sepandan, pandan l ap viv, li ✡ Det 29:19bat bravo pou pwòp tèt li—
Epi malgre moun ta bay ou glwa lè ou fè byen
pou pwòp tèt ou——
19 Li va ale nan jenerasyon a zansèt li yo;
Yo p ap janm wè ✡ Job 33:30limyè an.
20 Lòm, nan pwòp glwa avèk ògèy li;
Poutan, san konprann,
Se tankou bèt ki peri.