39
Pou direktè koral la. Pou Jeduthyèn. Yon Sòm David
Mwen te di, mwen va veye chemen mwen,
pou m pa Job 2:10fè peche ak lang mwen.
Mwen va veye bouch mwen,
konsi li gen yon brid ladann
toutotan mechan yo rete nan prezans mwen.
Mwen te Sòm 38:13tankou bèbè e mwen te rete an silans.
Mwen te evite menm sa ki ta kab bon.
Konsa, tristès mwen te vin pi mal.
Sòm 32:4Kè m te cho anndan m.
Pandan mwen t ap reflechi dife a t ap brile.
Konsa, mwen te pale ak lang mwen:
SENYÈ, fè m konnen Job 6:11longè a jou mwen yo.
Fè m konnen ke m fèb anpil.
Gade byen, Ou te fè jou mwen yo kontwole
tankou lajè a men m ki louvri.
Lavi mwen konsi li pa anyen devan zye Ou.
Anverite, lavi chak moun, Sòm 89:47se yon sèl grenn souf.
Anverite, tout moun mache toupatou tankou yon lonbraj.
I Kor 7:31Anverite, yo fè gwo zen pou ryen.
Li ranmase byen yo, men l pa konnen kilès k ap rasanble yo.
Konsa, SENYÈ, kisa m ap tann nan?
Sòm 38:15Espwa m se nan Ou.
Sòm 51:9-14Delivre mwen de tout transgresyon mwen yo.
Pa fè m repwòch a moun san sajès yo.
Mwen tounen tibebe.
Mwen pa ouvri bouch mwen,
akoz se II Sam 16:10Ou ki te fè sa.
10  Job 9:34Rete touman Ou sou mwen.
Kou men Ou venk mwen.
M ap peri.
11 Avèk repwòch, Ou fè chatiman
a yon nonm pou inikite li.
Ou Job 13:28manje tankou mit nan rad sa ki konsidere
pi chè pou li menm nan.
Anverite, tout moun se sèlman yon souf.
12 Tande lapriyè mwen, O SENYÈ e
prete zòrèy Ou a kri mwen.
Pa rete an silans lè dlo ap koule nan zye m.
Paske mwen se yon etranje devan Ou,
yon vwayajè tankou tout papa zansèt mwen yo.
13  Job 7:19Vire rega figi Ou lwen m, pou m kab ri ankò,
avan ke m mouri pou m pa la ankò.”

39:1 Job 2:10

39:2 Sòm 38:13

39:3 Sòm 32:4

39:4 Job 6:11

39:5 Sòm 89:47

39:6 I Kor 7:31

39:7 Sòm 38:15

39:8 Sòm 51:9-14

39:9 II Sam 16:10

39:10 Job 9:34

39:11 Job 13:28

39:13 Job 7:19