4
Alò, lòm nan te vin nan relasyon avèk madanm li, Ève. Li te vin ansent e li te vin kouche fè Cain. Konsa, li te di: “Mwen gen tan fè yon ti nonm avèk èd SENYÈ a:” Ankò, li te bay nesans a frè li, Abel. Epi Luc 11:50-51 Abel se te yon bèje bann mouton, men Cain t ap laboure tè a.
Li te vin rive pi devan ke Cain te pote yon ofrann bay SENYÈ a, ki sòti nan fwi rekòlt tè a. Eb 11:5Abel, osi, sou pati pa l te pote nan premye pòtre twoupo, e nan pòsyon pi gra a nan yo.
Konsa, SENYÈ a te kontan pou Abel avèk ofrann pa l la, men pou I Sam 16:7 Cain, avèk ofrann pa li a, Li pa t kontan. Alò, Cain te vin byen fache, e figi li te vin ba.
Alò, SENYÈ a te di a Cain: “ Jn 4:4Poukisa ou fache konsa? Epi poukisa figi ou vin ba konsa? Si ou fè sa ki bon èske figi ou p ap leve ankò? Nonb 32:23Epi si ou pa fè sa ki bon, peche ap kouche devan papòt ou. Dezi li se pou ou, Job 11:14-15men ou oblije vin mèt li.”
Cain te di frè l la, Abel, “An ale nan chan.” Epi li te vin rive ke pandan yo te nan chan an, Cain te leve kont Abel, frè l la, e li te Mat 23:35 touye li.
Alò, SENYÈ a te di a Cain: “ Jen 3:9Kote frè ou a, Abel?” Epi li te di: “Mwen pa konnen. Èske mwen se gadyen frè m nan?”
10 Li te di: “Kisa ou te fè la a? Nonb 35:33 Vwa san a frè ou a ap rele ban Mwen sòti nan tè a. 11 Koulye a Jen 3:14ou modi, soti nan tè a, ki te ouvri bouch li pou resevwa san Abel nan men ou an. 12 Depi koulye a, Det 28:15-24lè ou kiltive tè a, li p ap bay ou fòs li ankò. Ou va vin yon vagabon k ap mache toupatou sou latè.”
13 Cain te di a SENYÈ a: “Pinisyon mwen an twò di pou m sipòte! 14 Byen gade! Jodi a ou gen tan pouse m kite sifas tè a. Konsa, fas ou p ap wè m; Det 28:64-67 mwen va vin yon vagabon k ap plede mache toupatou sou latè, e Nonb 35:19 nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m.”
15 Alò, SENYÈ a te di li: “Pou sa, nenpòt moun ki touye Cain, vanjans va tonbe sou li Jen 4:24sèt fwa plis.” Epi SENYÈ a te chwazi yon sign pou Cain, dekwa ke pèsòn ki jwenn li pa ta touye l. 16 Konsa, Cain te sòti de prezans II Wa 24:20 SENYÈ a, e li te al rete sou teren Nod nan pati lès Eden an.
17 Cain te antre an relasyon avèk madanm li. Li te vin ansent, e li te bay nesans a Hénoc; epi li te bati yon vil. Li te bay vil la non Henoc, menm non ak fis li a. 18 Alò, Hénoc te fè Irad, e Irad te devni papa a Mehujaël, Mehujaël te vin papa a Metuschaël, e Metuschaël te vin papa a Lémec.
19 Lémec te pran pou li Jen 2:24de madanm: youn yo te rele Ada, e non a lòt la se te Tsilla. 20 Ada te bay nesans a Jabal. Li te papa a tout sila ki te rete nan tant yo, e ki te okipe bèt yo. 21 Frè li a te rele Jubal. Li te papa a tout sila ki te jwe ap avèk shaloumo yo. 22 Epi pou Tsilla, li te bay nesans a Tubal-Cain, yon bòs fòjewon ki fè zouti avèk bwonz ak fè. Sè a Tubal Cain an se te Naama.
23 Lémec te di a madanm li yo:
“Ada avèk Tsilla, koute vwa m.
Nou menm ki madanm a Lémec yo;
byen okipe pawòl mwen.
Egz 20:13Paske mwen te touye yon mesye
akoz ke li blese m;
e yon gason akoz li frape m.
24 Si Cain vanje Jen 4:15sèt fwa,
alò Lémec swasann-dis-sèt fwa.”
25 Adam te antre an relasyon ankò avèk madanm li, epi li te bay nesans a yon fis. Li te rele li Seth, paske li te di “Bondye te chwazi ban mwen yon lòt fis nan plas Abel, Jen 4:8paske Cain te touye li”. 26 Pou Seth, li menm, li te bay nesans a Jen 3:9; Luc 3:38yon fis, epi li te rele non li Énosch.
Nan lè sa a, lèzòm te kòmanse ap rele non SENYÈ a.

4:2 Luc 11:50-51

4:4 Eb 11:5

4:5 I Sam 16:7

4:6 Jn 4:4

4:7 Nonb 32:23

4:7 Job 11:14-15

4:8 Mat 23:35

4:9 Jen 3:9

4:10 Nonb 35:33

4:11 Jen 3:14

4:12 Det 28:15-24

4:14 Det 28:64-67

4:14 Nonb 35:19

4:15 Jen 4:24

4:16 II Wa 24:20

4:19 Jen 2:24

4:23 Egz 20:13

4:24 Jen 4:15

4:25 Jen 4:8

4:26 Jen 3:9; Luc 3:38