5
Sonje, O SENYÈ, sa ki te rive nou an.
Gade pou wè Sòm 44:13-16repwòch nou.
Eritaj nou te bay kon don a És 1:7etranje yo,
kay nou yo a moun nou pa konnen.
Nou te devni òfelen Egz 22:24san papa.
Manman nou yo tankou vèv.
Nou oblije achte És 3:1dlo pou nou bwè.
Bwa nou se pou vann, yo vann nou li.
Sila k ap kouri dèyè nou yo rive sou kou nou.
Nou vin bouke nèt.
Né 9:36-37Nanpwen repo pou nou.
Nou te vin soumèt devan Os 9:3Egypte ak Assyrie
pou nou jwenn ase pen.
Jr 14:20Papa zansèt nou yo te peche,
men yo pa la ankò;
se nou menm ki te pote inikite pa yo.
Se Né 5:15esklav yo k ap domine sou nou;
nanpwen moun ki pou delivre nou nan men yo.
Nou Jr 40:9-12riske lavi nou pou jwenn pen
akoz nepe nan dezè a.
10 Po nou vin Job 30:30kwit tankou yon fou,
akoz gwo chalè grangou a.
11 Yo te ravaje tout És 13:16fanm Sion yo;
vyèj lavil a Juda yo.
12 Prens yo te pann pa men yo;
És 47:6ansyen yo te vin pa respekte.
13 Jennonm yo te Jij 16:21fòse travay devan moulen an
e timoun yo te kilbite anba gwo chaj bwa yo.
14 Ansyen yo ale kite pòtay la;
jennonm yo ale kite És 24:8mizik yo.
15 Jwa nan kè nou vin Jr 25:10sispann;
danse vin ranplase pa fè dèy.
16 Kouwòn nan soti sou tèt nou;
És 3:9-11malè a nou menm, paske nou te peche!
17 Akoz sa, És 1:5kè nou febli;
akoz bagay sa yo, zye nou pa wè klè.
18 Akoz Mi 3:12Mòn Sion ki kouche dezole nèt,
rena yo fè patwouj ladann.
 
19 Ou menm, O SENYÈ, Ou renye jis pou tout tan;
Sòm 45:6twòn Ou se de jenerasyon an jenerasyon.
20 Poukisa Ou Sòm 13:1bliye nou jis pou tout tan?
Poukisa Ou abandone nou jis rive tout tan sa a?
21  Sòm 80:3Restore nou a Ou menm O SENYÈ,
pou nou ka vin restore.
Fè jou nou yo vin jan yo te ye nan tan pase yo.
22 Men Sòm 60:1-2Ou deja fin rejte nou nèt.
Ou rete byen fache nèt ak nou.

5:1 Sòm 44:13-16

5:2 És 1:7

5:3 Egz 22:24

5:4 És 3:1

5:5 Né 9:36-37

5:6 Os 9:3

5:7 Jr 14:20

5:8 Né 5:15

5:9 Jr 40:9-12

5:10 Job 30:30

5:11 És 13:16

5:12 És 47:6

5:13 Jij 16:21

5:14 És 24:8

5:15 Jr 25:10

5:16 És 3:9-11

5:17 És 1:5

5:18 Mi 3:12

5:19 Sòm 45:6

5:20 Sòm 13:1

5:21 Sòm 80:3

5:22 Sòm 60:1-2