47
“Vin desann chita nan pousyè a, O Sòm 137:8fi vyèj Babylone nan;
Chita atè san twòn, O fi a Kaldeyen yo!
Paske ou p ap rele fanm dous ankò, ni bèl fanm.
Pran yon wòch moulen pou moulen farin.
Retire Jen 24:65vwal ou leve jip la wo, dekouvri janm yo.
Travèse rivyè yo.
Toutouni ou va dekouvri e wont ou va vin parèt.
Mwen va És 34:8pran vanjans
e Mwen p ap bliye pèsòn.”
 
És 41:14Redanmtè nou an, SENYÈ dèzame yo se non Li,
Sila Ki Sen an Israël la.
És 23:2Chita an silans e antre nan fènwa a,
O fi a Kaldeyen yo,
paske ou p ap rele ankò rèn a wayòm yo.
Mwen te fache ak pèp Mwen an;
Mwen te pwofane eritaj Mwen an,
e Mwen te livre pèp Mwen nan men ou.
Ou pa t montre yo gras,
men menm ak Det 28:50granmoun nan vyeyès yo,
ou te fè jouk ou byen lou.
Malgre, ou te di: ‘Se És 47:5rèn ke m ap ye jis pou tout tan.’
Bagay sila yo, ou pa t konsidere yo, ni sonje kote yo t ap rive.
 
“Alò, tande sa, ou menm, moun sansyèl yo,
ki viv ansekirite, k ap di nan kè nou:
‘Se mwen menm e nanpwen lòt.
Mwen p ap janm Rev 18:7chita tankou yon vèv,
ni konnen pèt timoun.’
Men de bagay sa yo va rive sou nou Sòm 73:19sibitman
nan yon jou:
pèt a pitit ak afè vin vèv la.
Yo va rive an mezi plen nèt;
malgre tout maji nou ak gwo pouvwa
wanga nou konn fè yo.
10 Ou te santi ou te Sòm 52:7byen pwoteje nan mechanste ou
e ou te di: ‘Pèsòn pa wè m’.
Sajès ou ak konesans ou, yo fin chape kite ou;
paske nan kè ou, ou te di:
‘Se mwen menm e nanpwen lòt sof ke mwen’.
11 Men És 57:1malè va vini sou ou ke ou p ap gen
maji pou detounen.
Gwo dega ke ou p ap ka menm konprann va vini sou ou.
Destriksyon ke ou pa t janmn sispèk
va rive sou ou sibitman.
 
12 Kanpe fèm nan tout És 47:9maji ak wanga
ke ou te sèvi depi nan jenès ou yo.
Petèt ou va reyisi, petèt ou va fè moun tranble.
13 Ou vin Jr 51:58-64fatige ak tout konsèyè yo.
Alò koulye a, kite mèt zetwal ki fè pwofesi ak yo,
k ap fè prediksyon avni ak nouvèl lin yo,
vin kanpe pou pwoteje ou sou sa k ap vin rive ou yo.
14 Gade byen, yo És 5:24tankou pay.
Dife ap brile yo.
Yo p ap ka sove kò yo devan pouvwa flanm yo.
P ap gen chabon ki pou chofe kò yo,
ni flanm dife pou yo chita devan l!
15 Men kijan tout travay lavi ou ap tèminen:
Tout sa yo ki Rev 18:11fè komès ak ou depi nan jenès ou yo
va mache egare nan chemen pa yo;
nanpwen moun ki pou ta sove ou.

47:1 Sòm 137:8

47:2 Jen 24:65

47:3 És 34:8

47:4 És 41:14

47:5 És 23:2

47:6 Det 28:50

47:7 És 47:5

47:8 Rev 18:7

47:9 Sòm 73:19

47:10 Sòm 52:7

47:11 És 57:1

47:12 És 47:9

47:13 Jr 51:58-64

47:14 És 5:24

47:15 Rev 18:11