46
És 2:18Bel vin pwostène,
Nebo koube nèt.
Imaj pa yo kon pote sou bèt;
menm sou tout kalite bèt domestik.
Bagay ke nou pote yo se chaj lou;
yon fado ki pèze sa yo ki fatige.
Yo koube nèt e yo vin pwostène ansanm.
Yo pa t ka delivre chaj lou a,
men yo menm Jij 18:17-24vin prizonye yo.
 
Koute Mwen, O lakay Jacob
ak tout retay lakay Israël la;
nou menm ki te Sòm 71:6pote menm depi nan nesans,
ki te pote depi nan vant.
Jis rive nan vyeyès nou, Mwen se Li,
e menm lè Sòm 71:18cheve nou blanch, Mwen va pote nou.
Mwen te fè, e Mwen va pote.
Mwen va pote, e Mwen va delivre.
 
És 40:18-25A kilès nou ta fè Mwen sanble,
fè Mwen vin egal e konpare Mwen,
konsi nou te menm bagay?
Kèk kon És 40:19vide lò ki sòti nan bous,
oswa peze ajan sou balans.
Anplwaye yon òfèv,
e l ap fè l vin tounen yon dye.
Yo pwostène—
e anverite, yo adore l.
Yo fè l monte sou zepòl pou pote l;
yo pote l, mete li nan plas li, e li kanpe la.
Li p ap ka deplase nan plas li.
Malgre yon moun ta kriye anvè li, És 41:28li p ap ka reponn;
li p ap ka delivre l nan gwo pwoblèm li an.
 
Sonje sa e kanpe fèm kon gason;
És 44:19kenbe sa nan tèt nou ankò, transgresè yo.
Sonje Det 32:7ansyen bagay ki pase lontan yo,
paske Mwen se Bondye e nanpwen lòt.
Mwen se Bondye, epi pa gen tankou Mwen,
10 ki deklare lafen depi nan kòmansman
e depi tan lansyen yo, bagay ki pa t janm fèt yo.
Mwen ki di w: Sòm 33:11“Volonte m va etabli e Mwen va akonpli tout bon plezi M.”
11 M ap rele yon zwazo ki manje chè soti nan lès,
yon nonm volonte Mwen an,
k ap soti nan yon peyi lwen.
Anverite, Mwen te Nonb 23:19pale.
Anverite, Mwen va fè sa rive.
Mwen ki te fè plan an;
Mwen k ap fè l rive.
 
12 Koute Mwen, nou menm, moun Sòm 76:5tèt di,
ki lwen ladwati yo!
13 Mwen mennen ladwati Mwen vin toupre.
Li pa lwen,
epi sali Mwen p ap fè reta.
Mwen va bay És 61:3sali nan Sion
e glwa Mwen a Israël.

46:1 És 2:18

46:2 Jij 18:17-24

46:3 Sòm 71:6

46:4 Sòm 71:18

46:5 És 40:18-25

46:6 És 40:19

46:7 És 41:28

46:8 És 44:19

46:9 Det 32:7

46:10 Sòm 33:11

46:11 Nonb 23:19

46:12 Sòm 76:5

46:13 És 61:3