60
Pou direktè koral la; selon melodi “Lis Akò La”.
Yon powèm David, pou enstwi; lè l te lite avèk Aram-Naharaim e avèk Aram-Zobah; epi, Joab te retounen e te frape douz-mil Edomit nan Vale Sèl la.
O Bondye, Sòm 44:9 Ou te rejte nou.
Ou te kraze nou.
Ou te fache.
O restore nou ankò.
Ou te fè Sòm 18:7 latè tranble.
Ou te fann li pou l ouvri.
Geri brèch li yo, paske l ap sekwe.
Ou te Sòm 66:12 fè pèp Ou a wè anpil bagay di.
Ou te bay nou diven pou bwè ki fè nou toudi.
Ou te bay yon drapo pou sila ki gen lakrent Ou yo,
pou fè l byen parèt akoz verite a.
Tan
 
Pou Det 33:12 byeneme Ou yo kab delivre,
Sove avèk men dwat Ou e reponn nou!
Bondye te pale nan sentete Li:
“Mwen va triyonfe!
Mwen va divize Sichem
e tire yon lin nan vale Jen 33:17Succoth la.
Galaad se pou Mwen e Manassé se pa M.
Anplis, Éphraïm se kas sou tèt Mwen.
Juda se Jen 49:10baton wayal Mwen an.
Moab se basen lave Mwen.
Sou II Sam 8:2-14Edom, Mwen va jete soulye Mwen.
Mwen rele viktwa sou peye Filisten yo.”
 
Kilès k ap fè m rive nan vil fòterès la?
Kilès k ap mennen mwen antre Edom?
10 Èske Ou menm, SENYÈ a, pa t Sòm 60:1 rejte nou?
Epi èske Ou p ap sòti avèk lame nou yo, O Bondye?
11 O bannou sekou kont advèsè a,
paske delivrans pa lòm se an ven.
12 Nan Bondye, nou va fè bèl bagay yo ak gwo kouraj.
Se Li menm ki va foule lènmi nou yo anba pye.

60:1 Sòm 44:9

60:2 Sòm 18:7

60:3 Sòm 66:12

60:5 Det 33:12

60:6 Jen 33:17

60:7 Jen 49:10

60:8 II Sam 8:2-14

60:10 Sòm 60:1