59
Pou direktè koral la; Nan melodi la “Pa Detwi”. Yon powèm David lè Saül te voye yo lakay pou touye l.
Sòm 143:9Delivre mwen de lènmi m yo, O Bondye mwen;
Plase mwen byen wo an sekirite
byen lwen de sila ki leve kont mwen yo.
Delivre m de sila ki fè inikite yo,
e sove mwen de Sòm 26:9moun ki vèse san yo.
Paske gade byen, yo Sòm 56:6fè anbiskad pou lavi m.
Mesye fewòs ki fè atak kont mwen yo,
pa akoz transgresyon mwen, ni peche m, O SENYÈ.
Se pa akoz mwen koupab ke yo vin kouri mete yo kont mwen an.
Sòm 7:6Leve Ou menm pou wè, e fè m sekou!
Ou menm, O SENYÈ Bondye dèzame yo, Bondye Israël la,
leve e pini tout nasyon yo.
Pa bay gras a moun mechan yo ki fè trèt nan inikite.
Tan
Yo retounen nan aswè.
Yo rele tankou Sòm 22:16 chen pandan yo antoure lavil la.
Gade byen, yo fè pete gwo gaz ak bouch yo.
Sòm 57:4Nepe yo nan lèv yo, paske yo di:
“Kilès ki tande”?
Men Ou menm, O SENYÈ, Sòm 37:13ri sou yo!
Ou menm, giyonnen tout nasyon sa yo.
O Fòs mwen, m ap veye tann Ou.
Bondye se Sòm 9:9 sitadèl mwen.
10 Bondye mwen an ak lanmou dous Li a, va devan m.
Bondye va kite mwen Sòm 54:7 triyonfè sou advèsè mwen yo.
11 Pa fin touye yo, Det 4:9 sinon moun mwen yo ka bliye.
Gaye yo avèk pouvwa Ou, e rale fè yo desann,
O SENYÈ, boukliye nou an.
12 Akoz peche a bouch yo avèk pawòl lèv yo,
Kite yo So 3:11 sezi pran nan pwòp ògèy yo.
Paske se malediksyon avèk manti yo bay.
13 Detwi yo nan kòlè Ou!
Detwi yo pou yo disparèt nèt.
Pou Moun kab Sòm 83:18 konnen se Bondye k ap renye sou Jacob,
jis rive sou tout latè.
Tan
14 Kite yo Sòm 59:6retounen nan aswè.
Kite yo rele anlè tankou chen, pandan yo antoure vil la.
15 Yo Job 15:23gaye toupatou.
Yap tan tout lanwit si yo pa satisfè.
 
16 Men pou mwen, mwen va chante de fòs Ou.
Wi, avèk jwa, mwen va chante sou lanmou dous Ou nan maten.
Paske Ou te toujou sitadèl mwen,
yon II Sam 22:3 pwotèj nan jou gran twoub mwen an.
17 A Ou menm, gran fòs mwen, mwen va chante lwanj a Ou menm.
Paske Bondye se sitadèl mwen,
Bondye ki montre mwen lanmou dous la.

59:1 Sòm 143:9

59:2 Sòm 26:9

59:3 Sòm 56:6

59:4 Sòm 7:6

59:6 Sòm 22:16

59:7 Sòm 57:4

59:8 Sòm 37:13

59:9 Sòm 9:9

59:10 Sòm 54:7

59:11 Det 4:9

59:12 So 3:11

59:13 Sòm 83:18

59:14 Sòm 59:6

59:15 Job 15:23

59:16 II Sam 22:3