13
Pwofesi konsènan És 47:1-15 Babylon ke Ésaïe, fis a Amots la, te wè a.
Leve yon drapo sou Jr 51:25 mòn toutouni an! Leve vwa nou vè yo! Fè sign ak men pou yo ka antre nan pòt a prens yo! Mwen te pase lòd anvè konsakre Mwen yo; menm Jl 3:11gran gèrye Mwen yo. Mwen te rele sila ki rejwi nan pwisans Mwen yo, pou egzekite kòlè Mwen. Yon És 5:30bri a gwo zen sou mòn yo, tankou bri anpil moun! Yon son a gwo bri nan wayòm yo; son a nasyon yo ki vin rasanble ansanm! SENYÈ dèzame yo ap rasanble lame a pou batay. Yo sòti nan yon peyi byen lwen, soti nan ekstremite pi lwen yo, SENYÈ a avèk zouti a gwo kòlè Li yo, pou És 24:1 detwi tout peyi a.
Rele anmwey, paske És 2:12jou SENYÈ a toupre! Li va rive tankou yon destriksyon k ap sòti nan Toupwisan an. Akoz sa, tout men yo va tonbe san fòs e És 19:1kè a tout moun va fann. Y ap vin pè anpil; doulè ak gwo lapèn va sezi yo nèt. Yo va És 26:17 vire tòde tankou fanm k ap akouche; youn va gade lòt ak sezisman. Figi yo k ap fè flanm dife. Gade byen, És 13:6jou SENYÈ a ap vini, byen sovaj ak gwo kòlè tèrib; kòlè k ap brile pou fè peyi a dezole! Li va ekstèmine pechè ki sou li yo. 10 Konsa, zetwal syèl yo ak fòmasyon yo p ap bay limyè yo. És 24:23 Solèy la va nwa lè l leve e lalin nan p ap bay limyè li. 11 Konsa Mwen va pini mond lan pou mechanste li ak És 3:11 mechan yo pou inikite yo. Mwen va mete fen ak awogans moun ògeye e desann awogans a sila ki san pitye a. 12 Mwen va fè lòm mòtèl la vin És 4:1pi ra pase lò san tach, e limanite ke lò Ophir. 13 Pou sa, Mwen va fè syèl yo tranble e latè va fin souke jiskaske li kite plas li nan kòlè a SENYÈ dèzame yo nan Lam 1:12 jou kòlè Li k ap anflame a. 14 Konsa li va rive ke menm tankou yon antilop k ap chase, oswa I Wa 22:17mouton san moun pou rasanble yo, yo chak va vire vè pwòp pèp yo, e yo chak va sove ale rive nan pwòp peyi yo. 15 Nenpòt moun yo rankontre, yo va És 14:9frennen touye nèt, e nenpòt moun ke yo kaptire, va mouri pa nepe. 16  Sòm 137:8-9Timoun piti pa yo, anplis, va kraze an mòso devan zye yo. Lakay yo va piyaje e madanm yo va vyole.
17 Gade byen, Mwen va fè Mèdes Jr 51:11leve kont yo; kont sila ki p ap bay ajan valè yo, ni pran plezi nan lò yo. 18 Banza yo va koupe jennonm yo tankou zèb; yo p ap menm gen konpasyon pou fwi zantray la, ni Esd 9:5-10zye yo p ap fè pitye pou timoun. 19 Konsa, Babylon Dan 4:30 bèlte a wayòm yo, glwa ak ògèy a Kaldeyen yo, va tankou lè ke Bondye te boulvèse Sodome ak Gomorrhe a. 20 Li És 14:23p ap janm abite ankò, ni pèsòn p ap viv ladann soti nan yon jenerasyon a yon lòt. Arab la p ap monte tant li la, ni bèje yo p ap fè twoupo yo kouche la. 21 Men se És 34:11-15bèt sovaj dezè ki va kouche la, e lakay yo va plen jakal. Anplis, otrich va viv la e kabrit mawon k ap vòltije la. 22 Chat mawon va plenyen nan fò ki wo yo, e jakal yo nan bèl És 25:2palè yo. Move lè pa li a va rive ase vit e jou li yo p ap pwolonje.

13:1 És 47:1-15

13:2 Jr 51:25

13:3 Jl 3:11

13:4 És 5:30

13:5 És 24:1

13:6 És 2:12

13:7 És 19:1

13:8 És 26:17

13:9 És 13:6

13:10 És 24:23

13:11 És 3:11

13:12 És 4:1

13:13 Lam 1:12

13:14 I Wa 22:17

13:15 És 14:9

13:16 Sòm 137:8-9

13:17 Jr 51:11

13:18 Esd 9:5-10

13:19 Dan 4:30

13:20 És 14:23

13:21 És 34:11-15

13:22 És 25:2