4
Paske sèt fanm va kenbe Jen 30:23yon sèl gason nan jou sa a pou di l: “Nou va manje pwòp pen nou e mete pwòp rad nou. Sèlman, kite nou rele pa non ou. Souple retire wont nou an!”
Nan jou sa a, branch SENYÈ a va bèl, plen ak glwa, e fwi tè a va fè yo leve tèt yo wo akoz bèlte a tout retay Israël yo. Li va rive ke sila ki rete Sion an ak sila yo ki rete Jérusalem nan va rele sen— tout moun ki anrejistre pou Egz 32:32 lavi Jérusalem yo lè Senyè a fin lave fè sòti tout salte fi a Sion yo, e pirifye Jérusalem de tout san vèse pou fè l sòti nan mitan li, pa lespri jistis ak És 1:31 lespri brile a. SENYÈ la va fè sou tout landwa Mòn Sion, ak sou tout asanble li yo, yon Egz 13:21-22nwaj pa jou, lafimen a menm, epi eklere ak yon flanm dife pandan nwit la, paske sou tout glwa la, va genyen yon kouvèti. Va gen Sòm 27:5abri pou bay lonbraj kont chalè jounen an, e pou pwoteje kont tanpèt ak lapli.

4:1 Jen 30:23

4:3 Egz 32:32

4:4 És 1:31

4:5 Egz 13:21-22

4:6 Sòm 27:5