3
Paske gade byen, Senyè BONDYE dèzame yo va Lev 26:26retire sou Jérusalem ak Juda ni sipò, ni mwayen materyo,
tout sa ki pou founi pen
e tout sa ki pou founi dlo;
II Wa 24:14Nonm pwisan an,
gèrye la,
jij ak pwofèt la,
divinò a ak ansyen an,
Kapitèn dè senkant yo,
nonm ki resevwa onè a,
konseye a,
atizan an,
ak sila ki fò nan fè wanga a.
Konsa, Mwen va fè Ekl 10:16senp tigason yo vin chèf sou yo,
e timoun san kontwòl yo va vin renye sou yo.
Epi pèp la va Mi 7:3-6oprime,
youn pa yon lòt e chak pa vwazen li;
jenn yo va fè rebèl kont granmoun yo
e sila ki enferyè a kont sila ki gen onè a.
Lè yon nonm És 4:1mete men l sou frè l lakay papa l, epi di:
“Se ou ki gen manto a, se ou k ap chèf nou an,
e tout miray kraze sa yo va anba pouvwa ou”,
Nan jou sa a, li va diskite ak yo e li va di:
“Se pa mwen menm k ap Éz 34:4geri nou an;
paske lakay mwen pa gen ni pen, ni manto;
se pa mwen menm pou nou ta chwazi chèf sou pèp la.”
Paske Jérusalem chape glise e Juda fin tonbe akoz
pawòl ak zak yo kont SENYÈ a;
pou yo És 65:3 fè rebèl kont prezans sen Li an.
Vizaj figi yo fè temwen kont yo,
e yo montre tout moun peche yo tankou Sodome.
Yo pa menm kache sa a. Malè a yo menm!
Paske yo Pwov 8:36mennen mal la vin tonbe sou yo.
10 Di a Det 28:1-14moun dwat yo sa prale byen pou yo,
paske yo va manje fwi a zèv yo.
11 Malè a mechan an!
Sa prale mal pou li.
Paske Det 28:15-68sa li merite a, se sa k ap rive li.
12 O pèp Mwen an! Moun ki oprime yo se timoun
ak fanm ki gouvène sou yo.
O pèp Mwen an! És 9:16 Sila k ap gide ou yo, egare ou,
e konfonn direksyon chemen nou yo.
 
13 Se És 66:16SENYÈ a ki parèt kon advèsè yo
e ki kanpe pou jije pèp la.
14 SENYÈ a Job 22:4antre nan jijman ak ansyen ak prens a pèp Li a.
“Se nou ki te devore chan rezen an;
piyaj malere a fèt anndan lakay nou.
15 Se kilès ki bannou dwa pou Sòm 94:5kraze pèp Mwen an,
e foule figi malere yo?” SENYÈ dèzame yo pale.
 
16 Anplis SENYÈ a di: “Akoz Kan 3:11fi a Sion yo ògeye,
mache ak tèt anlè ak zye k ap sedwi,
mache ak ti pa kout pou atire zye gason,
e fè sone tout ti son braslè sou pye yo.
17 Pou sa, SENYÈ a va aflije tèt fi a Sion yo ak kal,
e SENYÈ a va fè tèt yo chòv.”
18 Nan jou sa a, SENYÈ a va retire bèlte a braslè pye yo, bando sou tèt yo, Jij 8:21-26dekorasyon kwasan yo, 19 zanno zòrèy yo, braslè yo, vwal yo, 20  Egz 29:38dekorasyon tèt yo, chenn nan pye yo, bèl twal sentiwon yo ak bwat pafen yo, bwòch yo, 21 bag dwèt yo, Jen 24:47zanno nen yo. 22 Vètman gwo fèt yo, gwo manto yo, bous lajan yo, 23 miwa men yo, ti sou-vètman yo, tiban yo, ak vwal yo.
24 Epi li va fin rive ke olye sant pafen dous,
ap gen move odè pouriti;
olye se sentiwon, ap gen yon kòd;
olye se I Pi 3:3cheve swa byen ranje,
ap gen yon tèt chòv;
olye se bèl vètman, ya mete twal sak;
epi y ap pote etanp sou kò pou ranplase bote.
25 Gason nou yo va És 1:20tonbe devan nepe,
ak moun pwisan nou yo nan batay.
26 Epi pòtay vil la va kriye fò ak lamantasyon,
doulè ak dezolasyon nèt. Li va Lam 2:10chita atè.

3:1 Lev 26:26

3:2 II Wa 24:14

3:4 Ekl 10:16

3:5 Mi 7:3-6

3:6 És 4:1

3:7 Éz 34:4

3:8 És 65:3

3:9 Pwov 8:36

3:10 Det 28:1-14

3:11 Det 28:15-68

3:12 És 9:16

3:13 És 66:16

3:14 Job 22:4

3:15 Sòm 94:5

3:16 Kan 3:11

3:18 Jij 8:21-26

3:20 Egz 29:38

3:21 Jen 24:47

3:24 I Pi 3:3

3:25 És 1:20

3:26 Lam 2:10