3
Jenn Fi an
Sou kabann mwen, pandan nwit la,
mwen te chache sila Kan 1:7ke nanm mwen renmen an.
Mwen te chache l, men m pa t jwenn li.
Koulye a fòk mwen leve mache toupatou nan vil la;
nan Jr 5:1ri yo ak nan plas yo.
Fòk mwen chache sila ke nanm mwen renmen an.
Mwen te chache l, men m pa t jwenn li.
Kan 5:7Gadyen ki fè tou vil la te twouve m.
Mwen te mande l: “Èske ou konn wè
sila ke nanm mwen renmen an?”
Lè m Pwov 8:17fenk kite yo mwen te jwenn
sila ke nanm mwen renmen an.
Mwen te kenbe l, mwen te refize lage l
jiskaske mwen mennen l rive lakay manman m,
pou l antre nan chanm a sila ki te vin ansent mwen an.
 
M ap Kan 2:7avèti nou, O fi a Jérusalem yo,
nan non antilòp ak bich mawon an,
pou nou pa fè lanmou leve
ni ouvri zye l jiskaske se plezi li.
 
Se kisa k ap monte kite dezè a
tankou pilye lafimen yo,
byen pafime ak fèy bazilik ak Egz 30:34 lansan,
plen ak poud santi bon machann yo?
Gade byen, se kanape vwayaj Salomon k ap monte;
swasant òm pwisan kap antoure l,
mesye pwisan Israël yo.
Yo tout ki konn manyen nepe,
Jr 50:9ki fò nan afè lagè;
chak mesye gen nepe l bò kote li,
pou fè gad kont menas lannwit yo.
 
Wa Salomon te fè pou kont li
yon kanape vwayaj ak bwa Liban an.
10 Li te fè pye li ak ajan e repo pou do a ak lò.
Kote pou chita a fabrike ak twal mov,
e tout anndan li byen dekore pa Kan 1:5fi Jérusalem yo.
11 Ale, O fi a Sion yo,
e fikse byen Wa Salomon ak kouwòn sila a
manman l te kouwone l nan És 62:5 jou fèt maryaj li,
nan jou kè kontan li an.

3:1 Kan 1:7

3:2 Jr 5:1

3:3 Kan 5:7

3:4 Pwov 8:17

3:5 Kan 2:7

3:6 Egz 30:34

3:8 Jr 50:9

3:10 Kan 1:5

3:11 És 62:5