2
Jenn Fi An
Mwen se flè Woz Saron an,
flè Lis a vale yo.
 
Salomon
Tankou yon flè lis pami pikan yo,
se konsa Kan 1:9cheri mwen an ye
pami tout jenn fi yo.
 
Jenn Fi an
Tankou yon Kan 8:5pye pòm pami bwa nan forè,
se konsa cheri mwen an ye pami jennonm yo.
Nan lonbraj li mwen te pran gwo plezi pou m te chita;
konsa fwi li te dous nan gou m.
Li te mennen m nan gwo sal bankè li,
e Sòm 20:5 drapo li monte sou mwen an se lanmou.
Ban m fòs ak II Sam 6:19 gato rezen,
rafrechi m ak pòm,
akoz mwen malad ak lanmou.
Kite men goch li rete anba tèt mwen
ak men dwat li pou l Pwov 4:8anbrase m.
M ap Kan 3:5avèti nou, O fi a Jérusalem yo,
nan non antilòp ak bich mawon an,
pou nou pa fè lanmou m leve,
ni ouvri zye li jiskaske se plezi li.
 
Koute! Men cheri mwen an!
Men l ap vini!
L ap monte Kan 2:17sou mòn yo,
epi vòltije sou kolin yo!
Cheri mwen an tankou yon Pwov 6:5antilòp,
oswa yon jenn sèf.
Gade byen, li kanpe dèyè mi kay nou an;
l ap gade nan fenèt yo, l ap gade nan jalouzi a.
 
10 Cheri mwen an te reponn mwen
e te di m: Kan 2:13“Leve vini cheri mwen an,
pi bèl mwen an.
11 Paske gade, sezon fredi a fin pase,
lapli fin pati nèt.
12 Flè yo deja parèt nan peyi a;
tan an chante a fin rive!
Vwa Jen 15:9toutrèl la ap koute deja nan peyi a.
13 Fwi Mat 24:32pye fig etranje a fin mi,
e chan rezen yo bay odè pafen.
Leve vini, annou pati!”
Salomon
14 O toutrèl nan Jr 48:28fant wòch mwen an,
nan kote sekrè chemen ki monte apik,
kite mwen wè figi ou, kite mwen tande vwa ou!
Paske vwa ou dous e fòm ou bèl nèt.
15  Éz 13:4Kenbe rena yo pou nou,
ti rena k ap detwi chan rezen yo,
paske chan nou yo ap fè flè.
Jenn Fi an
16 Cheri mwen an se pa m,
e mwen se pa l.
Li fè patiraj twoupo li pami flè lis yo.
17  Kan 4:6Jiskaske joune a vin fè fre
lè lonbraj yo kouri ale;
vire, cheri mwen an,
fè tankou antilòp la, oswa jenn sèf sou mòn Bether a.

2:2 Kan 1:9

2:3 Kan 8:5

2:4 Sòm 20:5

2:5 II Sam 6:19

2:6 Pwov 4:8

2:7 Kan 3:5

2:8 Kan 2:17

2:9 Pwov 6:5

2:10 Kan 2:13

2:12 Jen 15:9

2:13 Mat 24:32

2:14 Jr 48:28

2:15 Éz 13:4

2:17 Kan 4:6