20
Pou direktè koral la; Yon sòm David
Ke SENYÈ a kapab reponn ou Sòm 50:15nan jou gran twoub la!
Ke non Bondye Jacob la kapab
kenbe ou ansekirite an wo!
Ke Li kapab voye bay ou èd soti nan
sanktiyè a,
epi Sòm 110:2 bay ou soutyen soti nan Sion.
Ke Li kapab Trav 10:4sonje tout ofrann sereyal ou yo,
ke Li twouve tout ofrann brile ou yo byen akseptab!
Ke Li kapab bay ou dezi a kè ou,
e Sòm 145:19 akonpli tout plan ou yo!
Nou va chante avèk jwa akoz viktwa ou.
Nan non Bondye nou an, nou va monte drapo nou yo.
Ke SENYÈ a kapab I Sam 1:17akonpli tout priyè ou yo.
Alò, mwen konnen ke SENYÈ a
va delivre moun onksyone pa Li a.
Li va És 58:9reponn li soti nan syèl sen Li an,
avèk delivrans pwisan men dwat Li a.
Genyen kèk ki fè konfyans nan cha yo, e kèk nan cheval yo,
II Kwo 32:8Men nou va fè konfyans nan non SENYÈ a, Bondye nou an.
Yo te pliye e yo te tonbe,
men Sòm 37:24nou te leve e nou te kanpe dwat.
Delivre nou O SENYÈ!
Ke Sòm 3:7Wa a kapab reponn nou nan jou ke nou rele Non Li an.

20:1 Sòm 50:15

20:2 Sòm 110:2

20:3 Trav 10:4

20:4 Sòm 145:19

20:5 I Sam 1:17

20:6 És 58:9

20:7 II Kwo 32:8

20:8 Sòm 37:24

20:9 Sòm 3:7