50
Pawòl ke SENYÈ a te pale konsènan Jen 10:10Babylone, peyi Kaldeyen yo, pa Jérémie, pwofèt la:
“Deklare e pwoklame pami nasyon yo.
Pwoklame sa e leve yon drapo.
Pa kache sa, men di: Jr 51:31 ‘Babylone te kaptire
Bel gen tan plen regre,
Merodac fin nan gwo twoub!
Imaj li yo fè wont, e zidòl li yo fin sans espwa.’
Paske yon nasyon gen tan monte kont li soti nan És 13:7nò;
sa va fè peyi li vin yon objè degoutan
e p ap genyen moun ki rete ladann.
Ni moun, ni bèt fin egare ale; yo ale nèt!
 
“Nan jou sa yo ak nan lè sa a,” deklare SENYÈ a:
“Fis Israël yo va vini, ni yo menm, ni fis a Juda yo tou;
yo va avanse ap kriye Éz 3:12-13pandan yo prale
e se SENYÈ a, Bondye ke yo va chache a.
Yo va És 35:8mande pou chemen ki ale nan Sion an,
e vire figi yo vè direksyon li.
Yo va di ‘Vin mete tèt nou ak SENYÈ a,
nan yon akò k ap dire jis pou tout tan,
youn ki p ap janm bliye.’
Pèp Mwen an gen tan vin És 53:6mouton ki pèdi.
Bèje yo te egare yo.
Yo te fè yo vire akote mòn yo.
Yo te avanse soti sou mòn pou rive sou kolin,
e yo te bliye plas repo yo.
Tout moun ki rive sou yo te devore yo;
epi advèsè yo te di: Jr 2:3 ‘Nou pa koupab,
paske se yo ki te peche kont SENYÈ
ki se abitasyon ladwati a,
menm SENYÈ a, espwa a papa zansèt yo.’
 
“Detounen kite És 48:20mitan Babylone!
Sòti nan peyi Kaldeyen yo.
Fè konsi se mal kabrit k ap mache nan tèt bann an.
Paske gade byen, Mwen va Jr 51:1leve fè parèt kont Babylone,
yon gwo foul nasyon pwisan soti nan peyi nò a.
Yo va rale lign batay yo kont li.
Depi la, yo va vin an kaptivite.
Flèch yo va tankou yon gèrye ekspè,
ki pa janm retounen men vid.
10 Chaldée va vin yon viktim;
tout moun ki piyaje li va jwenn kont yo,”
deklare SENYÈ a.
 
11 “Akoz nou kontan, akoz nou ap fete,
o nou menm ki te konn Jr 12:14piyaje eritaj Mwen an;
akoz nou fè sote tankou yon jenn gazèl
k ap foule sereyal;
epi ki vin ranni kon jenn poulen,
12  Jr 15:9manman nou va tèlman wont,
sila ki te bay nou nesans lan va imilye.
Gade byen, li va pi piti pami nasyon yo,
yon savann, yon peyi sèch, yon dezè.
13 Akoz endiyasyon SENYÈ a, li p ap abite,
men li va dezole nèt.
Tout moun ki pase kote Babylone va vin sezi.
E va sifle kon koulèv akoz tout dega li yo.
14 Monte lign batay ou kont Babylone tout kote,
nou tout ki konn koube banza.
Tire sou li.
Pa konsève flèch nou yo,
paske li te peche kont SENYÈ a.
15 Leve kriye batay la kont li tout kote!
Li te tonbe. Mi defans li yo fin tonbe,
miray li yo fin demoli.
Paske sa se Sòm 137:8vanjans SENYÈ a.
Pran vanjans sou li.
Jan li te konn fè a, fè l konsa.
16 Koupe retire Jl 1:11kiltivatè Babylone nan;
ak sila ki voye kouto nan lè rekòlt la.
Akoz krent nepe opresè a,
yo chak va retounen vè pwòp pèp pa yo,
e yo chak va sove ale nan pwòp peyi yo.
 
17 “Israël se yon Jl 3:2bann moun kap kouri devan lachas
lyon an te chase yo ale.
Premye ki te devore li a se te wa Assyrie a,
e dènye ki te kraze zo li yo se te Nebucadnetsar, wa Babylone nan.”
18 Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la:
“Gade byen, Mwen va pini wa Babylone nan ak peyi li a,
menm jan ke M És 10:12te pini wa Assyrie a.
19 Epi Mwen va És 65:10mennen Israël retounen nan patiraj li
e li va jwen manje li sou Carmel ak sou Basan;
epi dezi li va satisfè nan peyi kolin Éphraïm ak Galaad yo.
20 Nan jou sa yo ak nan lè sa a”, deklare SENYÈ a:
“rechèch va fèt pou jwenn inikite Israël la,
men És 43:25p ap genyen;
epi pou peche a Juda yo, men yo p ap jwenn;
paske Mwen va padone sila ke M kite kon retay yo.”
 
21 “Kont peyi Merathaïm nan monte;
kont li ak kont moun Éz 23:23Pékod yo.
Touye yo e detwi yo nèt,” deklare SENYÈ a;
“epi fè selon tout sa ke M te kòmande nou yo.
22 Bri batay la nan peyi a
ak destriksyon an vin gran.
23 Gade kijan Jr 51:20-24mato k ap frape tout latè a
fin koupe an moso e kraze!
Gade kijan Babylone te vin yon objè degoutan pami nasyon yo!
24 Mwen te Jr 48:43-44poze yon pèlen pou ou
e ou menm te kenbe tou, o Babylone.
Pandan ou pa t menm konnen,
ou tou te dekouvri, ou e te pran,
akoz ou te goumen kont SENYÈ a.”
25 SENYÈ a te ouvri depo zam Li.
Li te fè parèt És 13:5zam endiyasyon Li yo,
paske Senyè BONDYE Dèzame yo
gen travay ki pou fèt nan peyi Kaldeyen yo.
26 Vin kote li soti nan lizyè ki pi lwen an.
Ouvri depo li yo.
Anpile li kon gwo pil.
És 14:23Detwi li nèt.
Pa kite anyen rete pou li.
27  És 34:7Mete tout jenn towo li yo a nepe.
Kite yo desann nan masak la!
Malè a yo menm, paske jou pa yo a rive,
lè pinisyon pa yo a.
28 Tande És 48:20bri a sila k ap sove ale yo,
ak sila k ap pran flit kite tè Babylone nan,
pou deklare an Sion vanjans a SENYÈ Bondye nou an;
vanjans pou tanp Li an.
 
29 “Rele anpil kont Babylone,
tout sila ki konn koube banza yo.
Fè kan kont li tout kote,
pa bay li mwayen pou chape menm.
Rekonpanse li selon zèv li yo.
Selon tout sa li te fè yo, konsa fè li;
paske li te vin Egz 10:3awogan kont SENYÈ a,
kont Sila Ki Sen an Israël la.
30 Pou sa, És 13:17jennonm pa l yo va tonbe nan lari;
e tout mesye lagè li yo va tonbe an silans
nan jou sa a,” deklare SENYÈ a.
31 “Gade byen, Jr 21:13Mwen kont ou,
O sila ki plen awogans lan”, deklare Senyè BONDYE dèzame yo,
“Paske jou pa ou a fin rive,
lè ke M va pini ou a.
32  És 10:12-15Sila ki awogan an va glise tonbe, san pèsòn pou leve li;
epi Mwen va mete dife nan vil li yo
e li va devore tout andwa l yo.”
33 Konsa pale SENYÈ dèzame yo:
“Fis Israël yo vin oprime, ansanm ak fis a Juda yo.
És 14:17Tout moun ki te pran yo an kaptivite yo
te kenbe yo di.
Yo te refize lage yo.
34 Redanmtè yo a fò.
SENYÈ dèzame yo se non Li;
Li va plede ka yo ak gwo fòs
pou L ka mennen lapè sou tè a,
ak gwo twoub sou sila ki rete Babylone yo.
 
35 “Yon nepe kont Kaldeyen yo”, deklare SENYÈ a:
“Kont moun ki rete Babylone yo,
kont Dan 5:1-8ofisye li yo ak mesye saj li yo!
36 Yon nepe kont És 44:25moun anfle yo;
yo va devni moun fou!
Yon nepe kont mesye pwisan li yo;
yo va twouble nèt!
37 Yon nepe kont Sòm 20:7cheval li yo,
kont cha lagè yo,
kont tout etranje ki rete nan mitan l yo
e yo va vin tankou fanm!
Yon nepe rete sou trezò li yo,
e yo va piyaje!
38 Yon sechrès sou dlo li yo,
e yo va vin sèch nèt!
Paske se yon peyi És 46:1-7imaj taye,
e yo fou pou zidòl sa yo.
39 Akoz sa, És 13:21bèt dezè yo va viv la,
ansanm ak chen mawon.
Anplis, otrich va viv ladann,
e li p ap janm gen moun ladann ankò,
ni moun k ap viv la de jenerasyon an jenerasyon.
40 “Tankou lè Bondye te boulvèse Jen 19:24-25Sodome ak Gomorrhe
ak vwazen li yo,” deklare SENYÈ a:
“Nanpwen moun k ap viv la, ni fis a lòm k ap rete ladann.
 
41 “Gade byen, yon pèp ap vini És 13:2-5soti nan nò,
Yon gwo nasyon ak anpil wa
va leve soti nan dènye pwent latè.
42 Yo sezi banza yo, ak lans yo;
yo mechan e yo san mizerikòd.
És 5:30Vwa yo gwonde tankou lanmè.
Yo monte sou cheval yo,
chaken byen òdone tankou moun
pou fè batay kont ou, O fi a Babylone nan.
43 Wa Babylone nan te tande rapò de yo,
e men li pann san fòs.
Jr 30:6Gwo dekourajman sezi li;
gwo doulè tankou yon fanm k ap pouse pitit.
44 Gade byen, youn va monte kon yon lyon
soti nan rakbwa Jourdain an,
rive nan yon abitasyon byen fò;
paske nan yon moman, Mwen va fè yo kouri kite li.
Epi nenpòt moun ki Nonb 16:5chwazi,
Mwen va dezinye l mete sou li.
Paske se kilès ki tankou Mwen?
E se kilès k ap fè m tan lè M?
Kilès ki bèje ki ka kanpe devan M?”
45 Pou sa, tande Sòm 33:11konsèy SENYÈ a,
ke li te fè kont Babylone;
plan a ke Li deja fome kont peyi Kaldeyen yo:
Anverite, yo va vin trennen deyò,
menm piti nan bann mouton yo.
Anverite, li va fè abitasyon yo dezole sou yo.
46 Latè vin souke ak gwo kri “Babylone te vin pran!”
E És 5:7gwo kri sa a vin tande pami nasyon yo.

50:1 Jen 10:10

50:2 Jr 51:31

50:3 És 13:7

50:4 Éz 3:12-13

50:5 És 35:8

50:6 És 53:6

50:7 Jr 2:3

50:8 És 48:20

50:9 Jr 51:1

50:11 Jr 12:14

50:12 Jr 15:9

50:15 Sòm 137:8

50:16 Jl 1:11

50:17 Jl 3:2

50:18 És 10:12

50:19 És 65:10

50:20 És 43:25

50:21 Éz 23:23

50:23 Jr 51:20-24

50:24 Jr 48:43-44

50:25 És 13:5

50:26 És 14:23

50:27 És 34:7

50:28 És 48:20

50:29 Egz 10:3

50:30 És 13:17

50:31 Jr 21:13

50:32 És 10:12-15

50:33 És 14:17

50:35 Dan 5:1-8

50:36 És 44:25

50:37 Sòm 20:7

50:38 És 46:1-7

50:39 És 13:21

50:40 Jen 19:24-25

50:41 És 13:2-5

50:42 És 5:30

50:43 Jr 30:6

50:44 Nonb 16:5

50:45 Sòm 33:11

50:46 És 5:7