15
Alò, SENYÈ a te di mwen: “Menm si Egz 32:11-14Moïse ak Samuel te kanpe devan M, kè M pa t ap avèk pèp sa a. Voye yo sòti nan prezans Mwen! Kite yo ale nèt! Konsa l ap rive ke lè yo mande ou: ‘Ki jan n ap prale?’, alò, ou va di yo: ‘Se konsa SENYÈ a pale:
“Sila ki Jr 14:12pou mouri yo, a lanmò;
ak sila ki pou nepe yo, a nepe;
sila ki pou gwo grangou yo, a gwo grangou a;
e sila ki pou kaptif yo, a kaptivite.” ’
“Mwen va Lev 26:16-25chwazi sou yo kat kalite jan,” pale SENYÈ a: “nepe ki pou touye, chen ki pou chire yo, e bèt syèl yo, ak bèt latè pou devore e detwi yo. Mwen va Lev 26:33fè yo yon objè sezisman pami tout wayòm latè yo, akoz Manassé, fis a Ézéchias la, wa Juda a, pou sa li te fè Jérusalem nan.”
“Anverite, se kilès k ap gen pitye pou ou, O Jérusalem?
Oswa kilès k ap Na 3:7fè gwo kri pou ou?
Oswa k ap vire sou kote pou mande si ou byen?
Ou menm ki abandonen Mwen an,” deklare SENYÈ a,
“Ou kontinye ap fè bak.
Pou sa, Mwen te És 1:4lonje men M kont ou
e Mwen te pou detwi ou.
Mwen bouke demontre ou konpasyon!
Mwen te vannen yo ak yon fouchèt vannen nan pòtay peyi a.
Mwen te Jr 18:21prive yo de pitit yo.
Mwen te detwi pèp Mwen an.
Yo pa t vire kite chemen yo.
És 3:25-26Vèv pa yo vin plis ke grenn sab lanmè devan Mwen.
Mwen te fè parèt kont yo;
kont manman a yon jennonm,
yon destriktè a midi.
Mwen te sibitman fè desann sou li gwo doulè ak sezisman.
Sila ki te I Sam 2:5fè sèt pitit gason te vin chagren;
li te rale denyè souf.
Solèy pa li te vin desann nan mitan lajounen;
li te soufri wont e li te menm imilye.
Konsa, Mwen va remèt sila ki chape de nepe yo
devan lènmi yo,” deklare SENYÈ a.
 
10 Malè se mwen, manman m, ki te fè mwen,
yon Jr 1:18-19nonm ki fè twoub leve,
yon nonm ki fè kontansyon nan tout latè a!
Mwen pa t prete lajan a lòt moun, ni pèsòn pa t prete mwen;
malgre sa, yo tout ban m madichon.
11 SENYÈ a te di: “Anverite, Mwen va Sòm 138:3bay ou fòs pou sa ki bon.
Anverite, Mwen va fè lènmi an fè siplikasyon pou ou
nan yon tan gwo dezas, ak yon tan gwo doulè.
12 Èske yon moun ka kraze fè;
Jr 28:14fè ki sòti nan nò, oswa bwonz?
13 Mwen va bay gwo richès ou ak trezò ou yo,
kon piyaj ki Sòm 44:12san frè;
sa a, konsa, pou tout peche ou yo,
menm anndan tout lizyè ou yo.
14 Mwen va fè lènmi ou yo mennen yo nan yon
Sòm 44:12peyi ke ou pa konnen;
paske yon dife te vin limen nan kòlè Mwen
ki va brile sou ou.”
 
15  Jr 12:3Ou menm ki konnen, O SENYÈ,
sonje mwen e pran vanjans sou pèsekitè mwen yo.
Nan pasyans Ou, O SENYÈ, pa retire m nèt;
rekonèt ke pou non Ou, mwen te sipòte repwòch.
16 Pawòl Ou yo te vin twouve;
mwen te Éz 3:3manje yo.
Pawòl Ou yo te vin pou mwen yon gwo jwa
ki fè kè m rejwi;
paske mwen te rele pa non Ou, O SENYÈ Bondye Dèzame yo.
17 Mwen Sòm 1:1pa t chita nan sèk moun k ap fè banbòch,
ni mwen pa t vante tèt mwen wo.
Akoz men Ou sou mwen, mwen te chita apa pou kont mwen,
paske Ou te ranpli mwen ak endiyasyon.
18 Poukisa, doulè mwen an rete tout tan,
e Job 34:6blese mwen an reste san gerizon?
Èske Ou menm, anverite,
va devni pou mwen kon yon sous twonpe,
ak dlo sou sila yo pa ka depann?
 
19 Konsa, pale SENYÈ a:
Job 34:6“Si ou retounen, alò, Mwen va mennen ou ankò
pou ou kanpe devan M.
Si ou separe sa ki presye soti de sa ki san valè,
ou va vin tankou bouch Mwen.
Yo va retounen kote ou;
men ou menm, ou pa p retounen kote yo menm.
20 Mwen va fè ou devan pèp sa a, yon miray fòtifye ak bwonz.
Malgre yo goumen kont ou, yo p ap genyen sou ou;
paske Sòm 46:7Mwen avèk ou pou ba ou sekou
e pou delivre ou,” deklare SENYÈ a.
21 “Konsa, Mwen va delivre ou nan men a mechan yo
e Mwen va Jen 48:16rachte ou soti nan men a vyolan yo.”

15:1 Egz 32:11-14

15:2 Jr 14:12

15:3 Lev 26:16-25

15:4 Lev 26:33

15:5 Na 3:7

15:6 És 1:4

15:7 Jr 18:21

15:8 És 3:25-26

15:9 I Sam 2:5

15:10 Jr 1:18-19

15:11 Sòm 138:3

15:12 Jr 28:14

15:13 Sòm 44:12

15:14 Sòm 44:12

15:15 Jr 12:3

15:16 Éz 3:3

15:17 Sòm 1:1

15:18 Job 34:6

15:19 Job 34:6

15:20 Sòm 46:7

15:21 Jen 48:16