48
1 Alò, li te rive ke apre bagay sa yo, ke Joseph te vin enfòme: “Gade byen, papa ou malad.” Epi li te pran de fis li yo, ✡ Jen 41:51-52 Manassé ak Éphraïm avèk li. 2 Epi lè yo te fin pale a Jacob: “Gade byen, fis ou a, Joseph gen tan vin kote ou,” Israël te ranmase fòs li, e li te chita sou kabann nan.
3 Epi Jacob te di a Joseph: “Bondye Toupwisan an te parèt a mwen nan ✡ Jen 28:19Luz nan peyi Canaan an e Li te beni mwen, 4 epi li te di mwen: ‘Gade byen, Mwen va fè nou donnen anpil fwi e miltipliye anpil, epi Mwen va fè ou vin yon konpanyen pèp la, e Mwen va bay peyi sa a a desandan aprè ou, kòm ✡ Jen 17:8posesyon k ap dire pou tout tan.’
5 “Alò, de fis ou yo ki te fèt a ou menm nan peyi Égypte la avan mwen te vin kote ou an Égypte la, se pa m; ✡ Jen 41:50-52Éphraïm avèk Manassé se pou mwen, menm jan ke ✡ I Kwo 5:1-2Ruben avèk Siméon. 6 Men pitit ou yo ki te fèt apre yo va pou ou; yo va rele selon non frè pa yo nan eritaj yo. 7 Alò, pou mwen, lè m te retounen nan Paddan, ✡ Jen 35:19Rachel te mouri, nan tristès mwen, nan peyi Canaan an pandan vwayaj la, lè te toujou gen yon distans pou rive nan Ephrata (ki vle di Bethléem).”
8 Lè Israël ✡ Jen 48:10te wè fis a Joseph yo, li te di: “Kilès moun sa yo ye?”
9 Joseph te di a papa li: “✡ Jen 33:5Sa yo se fis mwen yo, ke Bondye te ban mwen isit la.” Epi li te di: “Mennen yo la a, souple, pou m kapab beni yo.” 10 Alò, ✡ Jen 27:1 zye Israël yo te tèlman vin fèb akoz laj ke li pa t kapab wè. Epi Joseph te mennen yo toupre li, li te ✡ Jen 27:27 bo yo e li te anbrase yo.
11 Israël te di a Joseph: “Mwen pa t janm sipoze ke m ta wè figi ou, e gade byen, Bondye kite mwen wè pitit ou yo tou.”
12 Epi Joseph te pran yo sou jenou li, e te ✡ Jen 42:6bese ba avèk figi li jis atè. 13 Joseph te pran yo tou pou Ephraïm avèk men dwat li vè bò goch Israël, e men goch li vè bò dwat Israël, e li te rale yo toupre li. 14 Men Israël te lonje men dwat li, li te mete li sou Éphraïm, ki te pi jenn nan, e men goch li te sou tèt Manassé, avèk men l kwaze, poutan ✡ Jen 41:51-52 Manassé te premye ne.
15 Li te beni Joseph, e te di: “Bondye devan sila zansèt mwen yo Abraham avèk Isaac te mache a, ✡ Jen 49:24Bondye ki te bèje m nan pandan tout vi m jis rive jounen jodi a. 16 ✡ Jen 22:11-18 Zanj ki te rachte mwen de tout mal la, beni jènjan sa yo; epi ke non mwen kapab viv toujou nan yo, e non a zansèt mwen yo, Abraham avèk Isaac; epi ke yo kapab grandi vin fè yon gwo pèp nan mitan mond lan.”
17 Lè Joseph te vin wè ke papa li te ✡ Jen 48:14poze men dwat li sou tèt Éphraïm, sa te fè l pa kontan, e li te sezi men papa li pou deplase li sou Éphraïm, ale vè tèt Manassé. 18 Joseph te di papa l: “Se pa sa, papa, paske se sila a ki premye ne a. Mete men dwat ou sou tèt li.”
19 Men papa li te refize, e te di: “Mwen konnen, fis mwen, mwen konnen; li osi va devni yon pèp, e li osi va vin gran. Poutan, pi jenn frè li a va pi gran pase li, e ✡ Jen 28:14desandan li yo va devni yon gran pèp a nasyon yo.”
20 Li te beni yo nan jou sa a, e te di: “Pa nou menm, Israël va eksprime benediksyon li yo e va di: ‘Ke Bondye kapab fè nou tankou Éphraïm ak Manassé!’ ”
21 Epi Israël te di a Joseph: “Gade byen, mwen prèt pou mouri, men Bondye va avèk ou, e Li va ✡ Jen 28:15mennen ou retounen nan peyi a zansèt ou yo. 22 Mwen bay ou yon pòsyon anplis ke frè ou yo, ke m te pran nan men Amoreyen yo avèk nepe mwen ak banza mwen.”✡ Jos 24:32