14
1 Sa ki te rive selon pawòl SENYÈ a a Jérémie konsènan ✡ Jr 17:8gwo sechrès la:
2 Juda kriye ak doulè
e pòtay li yo vin abandone.
Yo chita atè pou fè dèy e ✡ I Sam 5:12kri Jérusalem vin monte.
3 Prens pa yo te ✡ I Wa 18:5voye sèvitè yo chache dlo nan sitèn,
men nanpwen dlo.
Yo te retounen ak veso yo vid.
Yo te vin wont, imilye e yo te kouvri tèt yo.
4 Akoz ✡ Jl 1:19tè sèch la vin fann, paske pa t gen lapli sou peyi a;
kiltivatè yo te vin wont.
Yo te kouvri tèt yo.
5 Paske menm femèl sèf nan chan an te fè pitit
e kite yo, akoz ✡ És 15:6nanpwen zèb.
6 ✡ Job 39:5-6Bourik mawon yo kanpe sou kolin sèch yo.
Y ap rale soufle fò tankou chen mawon;
zye yo vin febli, paske nanpwen anyen ki vèt.
7 Anverite, inikite nou yo temwaye kont nou,
O SENYÈ, aji pou koz a non Ou!
8 O Espwa Israël la,
✡ És 43:3Sovè li nan tan gwo twoub la,
poukisa Ou tankou yon etranje nan peyi a?
Oswa yon vwayajè ki te monte tant li lannwit?
9 Poukisa Ou tankou yon nonm twouble,
tankou yon nonm pwisan ki pa kapab bay sekou?
Malgre sa, Ou nan mitan nou, O SENYÈ e nou vin rele pa non Ou;
pa abandone nou!
10 Konsa pale SENYÈ a a pèp sa a:
“Malgre yo tèlman renmen egare;
yo pa t kenbe pye yo nan bon kontwòl.
Akoz sa, SENYÈ a pa aksepte yo;
koulye a, li va sonje inikite yo e rele yo bay
kont randi pou peche yo.”
11 Pou sa, SENYÈ a te di m: ✡ Egz 32:10“Pa fè lapriyè nan favè a pèp sa a. 12 Lè yo fè jèn, Mwen p ap koute kri yo; epi lè yo ofri ofrann brile ak ofrann sereyal, Mwen p ap aksepte yo. Pito Mwen va fè yo disparèt ak nepe, ak gwo grangou, bèt ak maladi k ap ravaje chan yo.” 13 Men “A, Senyè, BONDYE a!” Mwen te di: “Gade, pwofèt yo ap di yo: ‘Ou ✡ Jr 5:12p ap wè nepe, ni gwo grangou, men se lapè k ap rete nèt nan plas sa a.’ ”
14 Epi SENYÈ a te di Mwen: ✡ Jr 5:31 “Pwofèt yo ap pwofetize sa ki fo nan non Mwen. Mwen pa t voye yo, ni kòmande yo, ni pale avèk yo; y ap pwofetize yon vizyon ki fo, prediksyon, sa ki san enpòtans, ak manti k ap sòti nan pwòp panse pa yo. 15 Pou sa, pale SENYÈ a, selon pwofèt ki pwofetize nan non Mwen, malgre se pa Mwen ki te voye yo—-men yo kontinye ap di: ‘P ap gen nepe ni gwo grangou nan peyi sa a’,✡ Jr 23:15 ak nepe e gwo grangou, pwofèt sa yo ap rankontre fen yo! 16 Pèp la tou, a sila yo bay pwofesi sa a ap jete deyò nan lari Jérusalem akoz gwo grangou ak nepe; epi p ap menm gen moun ki pou antere yo——ni yo menm, ni madanm yo, ni fis yo ni fi yo——paske Mwen va ✡ Pwov 1:31vide pwòp mechanste pa yo sou yo.
17 “Ou va di yo pawòl sa a:
‘Kite zye m koule ak dlo lannwit kon lajounen
e pa kite dlo yo sispann;
Paske ✡ És 37:22fi vyèj a pèp mwen an te kraze ak yon kou
byen pwisan,
a yon enfeksyon ki sòti nan maleng.
18 Si mwen ale andeyò peyi a,
gade byen, tout sila ki mouri ak nepe yo!
Oswa si mwen antre nan vil la; gade byen, maladi ak gwo grangou!
Paske ✡ Jr 6:13pwofèt la, ak prèt la tou te fè ale vini
nan yon peyi ke yo pa t menm konnen.’ ”
19 Èske Ou te rejte Juda nèt?
Oswa èske Ou te rayi Sion?
Poukisa Ou te frape nou jiskaske nou ✡ Jr 30:13vin pa ka geri?
Nou t ap tann lapè, men anyen ki bon pa t vini.
Epi yon tan pou nou ta ka geri;
men gade byen, se gwo laperèz!
20 Nou konnen mechanste nou yo, O SENYÈ,
inikite a papa zansèt nou yo,
paske ✡ Jr 8:14nou te peche kont Ou.
21 Pa meprize nou, ✡ Sòm 25:11pou koz a pwòp non Ou;
pa kite twòn a glwa ou a dezonore;
sonje e pa anile akò avèk nou yo.
22 Èske genyen pami zidòl a nasyon yo ki konn bay lapli?
Oswa èske syèl yo ka fè lapli pou kont yo?
Èske se pa Ou menm, O SENYÈ, Bondye nou an?
Akoz sa, nou mete ✡ Lam 3:26espwa nan Ou,
Paske Ou se Sila ki te fè tout bagay sa yo.