3
1 Mwen se moun ki te ✡ Sòm 88:7-16wè afliksyon
akoz baton kòlè Li a.
2 Li te bourade mwen e te fè m
mache nan ✡ Job 30:26tenèb, pa nan limyè.
3 Anverite, li te ✡ Sòm 38:2vire men L
kont mwen plizyè fwa, tout jounen an.
4 Li te fè chè m ak po m vin epwize sòti sou mwen,
Li te ✡ Sòm 51:8kase zo m yo.
5 Li te ✡ Job 19:8jennen mwen e te antoure m
ak ametim ak difikilte.
6 Nan kote ki ✡ Sòm 88:5-6fènwa, li te fè m abite,
tankou sila ki fin mouri lontan yo.
7 Li te ✡ Job 3:23antoure m anndan pou m pa ka sòti;
Li te fè chenn mwen an byen lou.
8 Menm lè m kriye e rele sekou,
Li ✡ Job 30:20fèmen lapriyè m deyò.
9 Li te ✡ És 63:17bloke wout mwen yo ak wòch taye;
Li te fè chemen mwen yo vin kwochi.
10 Li pou mwen tankou yon lous ki kouche ap tann,
tankou yon lyon nan kote an kachèt.
11 Li te detounen tout chemen mwen yo
e Li te ✡ Job 16:12-13chire mwen an mòso;
Li te fè m vin dezole nèt.
12 Li te koube banza Li e Li te ✡ Job 6:4chwazi m
kon pwen final pou flèch Li.
13 Li te fè flèch nan ✡ Jr 5:16fouwo L yo
antre anndan m.
14 Mwen te vin yon ✡ Sòm 22:6-7rizib pou tout pèp mwen an,
chante giyonnen yo tout lajounen.
15 Li te ✡ Jr 9:15plen mwen ak anmetim;
Li te fè m sou ak dlo absent.
16 Li te ✡ Sòm 3:7kase dan m ak gravye;
Li fè m kache nan pousyè.
17 Nanm mwen ✡ És 59:11p ap jwenn lapè ankò;
bonè vin bliye pou mwen.
18 Konsa mwen di: “Fòs mwen fin peri
e ✡ Job 17:5espwa m ki sòti nan SENYÈ a, avè l.”
19 Sonje soufrans mwen ak mizè mwen an;
dlo absent ak anmetim ki nan kè m nan.
20 Anverite, nanm mwen vin ✡ Sòm 42:5-11koube anndan mwen.
21 Men sa mwen raple a lespri mwen;
pou sa, mwen gen ✡ Sòm 130:7espwa.
22 Lamou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann,
✡ Mal 3:6paske mizerikòd Li p ap janm manke.
23 Yo renouvle chak maten; gran se ✡ Eb 10:23fidelite Ou.
24 “SENYÈ a se ✡ Sòm 16:5pòsyon mwen,” nanm mwen pale;
pou sa mwen gen espwa nan Li.
25 SENYÈ a montre dousè Li a sila ki ✡ Sòm 27:14tann Li yo,
a moun ki chache Li a.
26 Se bon pou sila ki ✡ Sòm 37:7tann an silans sali SENYÈ a.
27 Se bon pou yon nonm ki ta pote jouk la nan jenès li.
28 Kite li ✡ Jr 15:7chita apa pou kont li e rete an silans,
akoz Li te poze sa sou li.
29 Kite li mete bouch li nan pousyè;
petèt ka gen ✡ Jr 31:17espwa.
30 Kite li ranje ✡ Job 16:10machwè li, bay sila k ap frape l la;
kite li ranpli ak repwòch.
31 Paske se pa pou tout tan ke Senyè a ap ✡ Sòm 77:7rejte,
32 Paske si se gwo doulè ke Li fè rive;
alò, Li va gen ✡ Sòm 78:38mizerikòd selon gran lanmou
dous Li a.
33 Paske ✡ Sòm 119:67-75se pa ak kè kontan ke Li aflije
oswa atriste fis a lòm yo.
34 Pou kraze anba pye Li tout prizonye a peyi yo,
35 Pou retire ✡ Sòm 140:12jistis sou yon nonm
nan prezans a Pi Wo a,
36 Pou ✡ Jr 22:3fè yon nonm tò nan pwosè legal pa li,
sou bagay sa yo, Senyè a p ap dakò.
37 Se kilès la ki pale e ✡ Sòm 33:9-11sa vin rive,
amwenske Senyè a te pase lòd la?
38 Èske sa pa soti nan bouch a Pi Wo a
✡ Job 2:10pou sa ki bon ak sa ki mal vin soti?
39 Poukisa nenpòt nonm vivan, oswa nenpòt moun,
✡ Jr 30:15ta plenyen lè l gade pwòp peche l yo.
40 Annou ✡ Sòm 119:59egzamine, sonde wout nou yo
e annou retounen kote SENYÈ a.
41 Nou ✡ Sòm 25:1leve kè nou ak men nou vè Bondye
nan syèl la;
42 Nou te ✡ Né 9:26peche e nou te fè rebèl;
Ou pa t padone.
43 Ou te kouvri nou ak ✡ Lam 2:2-21kòlè e te kouri dèyè nou;
Ou te touye e Ou pa t gen pitye menm.
44 Ou te ✡ Lam 3:8kouvri tèt Ou ak yon nwaj,
pou okenn lapriyè pa ka pase ladann.
45 Ou fè nou vin ✡ I Kor 4:13poupou bèt ak fatra
ki rejte nan mitan lòt pèp yo.
46 Tout lènmi nou yo te ✡ Job 30:9-10ouvri bouch yo kont nou.
47 ✡ És 24:17-18Sezisman ak pyèj tonbe sou nou,
ravaj ak destriksyon.
48 ✡ Sòm 119:136Zye m koule nèt ak flèv dlo
akoz destriksyon a fi a pèp mwen an.
49 Zye m koule ✡ Sòm 77:2san sès, san rete,
50 Jiskaske SENYÈ a ✡ Sòm 80:14gade anba
soti nan wotè syèl la pou wè.
51 Zye m pote doulè rive nan nanm mwen,
akoz tout fi nan vil yo.
52 ✡ I Sam 26:20Lènmi m yo san koz te fè lachas dèyè m tankou zwazo;
53 Yo te fè m rete an silans ✡ Dan 6:17nan twou fòs la
e te poze yon wòch sou mwen.
54 Dlo yo te koule ✡ Sòm 69:2depase tèt mwen;
mwen te di: “Mwen fin koupe retire nèt”!
55 Mwen ✡ Sòm 130:1te rele non Ou, O SENYÈ,
soti nan twou fòs pi ba a.
56 Ou te ✡ Job 34:28tande vwa m:
pa kache zòrèy W de lapriyè mwen pou sekou.
57 Ou te ✡ Sòm 145:18vin rapwoche lè m te rele Ou a;
Ou te di: “Pa pè!”
58 O Senyè, Ou ✡ Jr 50:34te plede ka pou nanm mwen an;
Ou te rachte lavi mwen.
59 O SENYÈ, Ou te wè jan m oprime;
✡ Sòm 26:1jije ka m nan.
60 Ou te wè tout vanjans pa yo;
tout ✡ Jr 11:19manèv yo kont mwen.
61 Ou te tande ✡ Sòm 74:18repwòch yo, O SENYÈ,
tout manèv yo kont mwen.
62 ✡ Sòm 59:7-12Lèv a sila k ap atake m yo
ak konplo yo kont mwen tout lajounen.
63 Gade jan yo ✡ Sòm 139:2chita ak jan yo leve;
se mwen ki sijè chan giyonnen yo a.
64 Ou va ✡ Sòm 28:4rekonpanse yo, O SENYÈ,
selon zèv men yo.
65 Ou va bay yo yon kè ki di;
✡ Egz 14:8madichon pa yo va sou yo.
66 Ou va ✡ Lam 3:43kouri dèyè yo nan kòlè Ou
e detwi yo soti anba syèl SENYÈ a!