30
1 Men koulye a, sila ki pi jenn pase mwen yo ap ✡ Job 12:4giyonnen m.
Papa a sila mwen pa ta dakò pou
mete ansanm ak chen,
ap mennen bann mwen yo.
2 Anverite, ki byen fòs men yo ta kab fè m?
Gwo fòs te deja disparèt nan yo
3 akoz mank bagay ak grangou, yo fin sèch nèt;
sila ki seche a tè nèt nan lannwit lan, ak pèt e ak dezolasyon an,
4 Ki rache fèy raje nan mitan rakèt la,
e ki manje rasin bayawonn.
5 Yo chase yo deyò lavil la;
yo kriye dèyè yo tankou yon vòlè,
6 jiskaske yo vin rete nan vale tèrib yo,
nan twou tè ak nan wòch yo.
7 Pami rak tibwa yo, yo rele fò;
anba machacha a, yo vin rasanble ansanm.
8 Moun fou, menm sila san non yo,
yo te ranmase retire sou latè.
9 Alò, koulye a, se mwen menm yo pase nan ✡ Job 12:4rizib;
mwen te devni yon pawòl betiz pou yo.
10 Yo rayi mwen, kanpe lwen m
e yo pa sispann ✡ És 50:6krache nan figi m.
11 Akoz Li te lage fisèl banza a pou te aflije mwen,
yo ✡ Sòm 32:9rete retire brid la nèt devan m.
12 Sou men dwat lan, nich sa yo pote vin leve.
Yo ✡ Sòm 140:4-5rale pye mwen akote e
bati kont mwen tout manèv destriksyon yo.
13 Yo ✡ És 3:12kraze chemen m,
yo pwofite akoz mwen defèt nèt.
Pa gen moun ki anpeche yo.
14 Tankou nan yon gran brèch, yo vin parèt;
nan mitan tanpèt, yo woule.
15 ✡ Job 3:25Gwo perèz yo vin vire kont mwen;
yo tanmen gate respè mwen tankou van
e bonè mwen disparèt tankou nwaj.
16 Konsa, koulye a ✡ Sòm 42:4nanm mwen vide anndan pou kite m;
anpil jou afliksyon te sezi mwen.
17 Nan lannwit, li frennen ✡ Job 30:30zo m yo anndan m,
e sa ki manje m yo pa pran repo.
18 Ak gwo fòs, vètman m vin ✡ Job 2:7tòde sou mwen;
li mare m nèt tankou kolye manto m.
19 Li te jete mwen nan ✡ Sòm 69:2-14labou
e mwen te vin tankou pousyè ak sann.
20 Mwen ✡ Job 19:7kriye a Ou menm pou sekou, men Ou pa reponn mwen;
mwen kanpe e Ou vin okipe m ak malveyans.
21 Ou te vin mechan anvè mwen;
avèk fòs a men Ou, Ou ✡ Job 16:9-14pèsekite m.
22 Ou ✡ Job 9:17leve m wo sou van e fè m monte;
epi Ou fè m fonn nèt nan yon gwo tanpèt.
23 Paske, mwen konnen ke Ou ap ✡ Job 9:22mennen m a lanmò
e jis rive nan gwo ✡ Ekl 12:5kay asanble a
ki prepare pou tout sila ki vivan yo.
24 Malgre, èske yon moun ki nan yon gwo pil mazi
ki kraze nèt pa lonje men l;
oswa nan move eta l konsa, li pa ✡ Job 19:7kriye sekou?
25 Èske mwen pa t kriye pou sila ki gen difikilte yo?
Èske nanm mwen pa t plen tristès pou ✡ Job 24:4malere a?
26 Lè m ✡ Job 3:25-26t ap tann sa ki bon an, se pa bon an ki te rive;
lè m te tann limyè, alò se tenèb ki te vini.
27 Mwen fè cho nèt ✡ Lam 2:11anndan m, e m pa kab poze.
Jou plen ak afliksyon yo parèt devan m.
28 Mwen fè dèy toupatou san rekonfò.
Mwen kanpe nan asanble a pou mwen ✡ Job 19:7rele sekou.
29 Mwen te vin frè ak ✡ Sòm 44:19chen mawon
e zanmi parèy a otrich.
30 Chè m vin nwa sou mwen
e ✡ Sòm 102:3 zo m yo brile ak lafyèv.
31 Pou sa, ✡ És 24:8ap mwen an jwe nan doulè ak tristès
e flit mwen an nan son a sila k ap kriye yo.