12
Anplis, Det 8:18sonje Kreyatè ou a nan jou jenès ou yo,
avan move jou yo rive e ane yo pwoche lè ou va di:
“Mwen pa pran plezi nan yo;”
Avan És 5:30solèy la ak limyè a, lalin nan ak zetwal yo vin tounwa,
e nwaj yo retounen apre lapli yo;
nan jou ke gadyen kay la tranble a,
e mesye pwisan yo vin Sòm 35:14koube a.
Lè sa yo k ap moule a rete san travay
akoz anpil nan yo ki manke,
e sila k ap gade nan fenèt yo vin mal pou wè.
Lè pòt vè lari yo vin fèmen akoz bri moulen an vin ba,
e yon moun va leve ak son zwazo a,
epi tout fi chanson yo va chante byen dous.
Anplis mesye yo va vin pè yon wo plas
ak gwo danje sou wout la.
Lè pye zanmann nan fleri, krikèt volan rale kò l olon wout la,
e dezi gason an pa ka.
Paske lòm nan ap prale nan Job 17:3kay etènèl li a,
pandan sila k ap fè dèy yo vire toupatou nan wout la.
Sonje Li avan kòd ajan an kase,
e Za 4:2-3bòl an lò a kraze kivèt dlo la kote pwi a vin fann,
e wou sitèn nan vin kraze.
Paske konsa pousyè la va retounen nan tè a jan li te ye a,
e lespri a va retounen kote Nonb 16:22 Bondye ki te bay li a.
Ekl 1:2“Vanite sou vanite”, predikatè a di: “tout se vanite!”
Anplis ke li se yon nonm saj, predikatè a te enstwi pèp la ak konesans. Wi, li te reflechi, chache twouve, e te aranje I Wa 4:32anpil pwovèb. 10 Predikatè a te chache jwenn bèl mò pou ekri Pwov 22:20pawòl verite yo byen kòrèk. 11  Trav 2:37Pawòl a moun saj yo tankou pwent pike bèt yo ye; tankou klou ki kloure nèt, se konsa ansanm a pawòl sila yo ye. Se yon sèl Bèje ki bay yo tout.
12 Men anplis ke sa, fis mwen, veye byen: ekri I Wa 4:32anpil liv se yon bagay san rete, e anpil devosyon a liv yo va fatige kò ou. 13 Konklizyon lè tout bagay fin tande se: Ekl 3:14Gen lakrent Bondye e kenbe kòmandman li yo, akoz se sa ki aplike a tout moun. 14 Paske Ekl 3:17Bondye va pote tout zèv nan jijman; tout sa ki kache, kit li bon kit li mal.

12:1 Det 8:18

12:2 És 5:30

12:3 Sòm 35:14

12:5 Job 17:3

12:6 Za 4:2-3

12:7 Nonb 16:22

12:8 Ekl 1:2

12:9 I Wa 4:32

12:10 Pwov 22:20

12:11 Trav 2:37

12:12 I Wa 4:32

12:13 Ekl 3:14

12:14 Ekl 3:17