50
1 Konsa pale SENYÈ a: “Kote sètifika divòs ak sila
Mwen te voye manman ou ale a?
Oswa a sila ke M dwe yo, èske Mwen te ✡ Det 32:30vann ou?
Gade byen, ou te vann pou inikite ou yo
e akoz transgresyon ou yo, ou te vin voye ale.
2 Poukisa pa t gen moun lè M te vini an?
Lè M te rele a, èske pa t gen moun pou reponn?
Èske men M tèlman kout pou li pa ka rachte?
Oswa èske Mwen pa gen okenn pouvwa pou rachte moun?
Gade byen, Mwen fè lanmè a sèk ak repwòch Mwen;
Mwen ✡ Jos 3:16fè rivyè yo vin dezè;
pwason yo gen move sant akoz mank dlo e yo
mouri ak swaf.
3 Mwen ✡ És 13:10abiye syèl yo ak fènwa
e kouvri yo ak twal sak.”
4 Senyè a te ban Mwen lang a ✡ És 8:16disip yo,
pou M ka konnen jan pou bay yon pawòl soutyen
a sila ki fatige.
Li fè M leve maten apre maten,
Li fè zòrèy Mwen leve pou koute kon yon disip.
5 SENYÈ a te ouvri zòrèy Mwen;
epi Mwen ✡ Mat 26:39pa t dezobeyi,
ni Mwen pa t fè bak.
6 Mwen ✡ Mat 26:67te bay do M a sila ki te vle frape Mwen yo
ak machwè M a sila ki t ap rache bab Mwen yo;
Mwen pa t kouvri figi Mwen devan imilyasyon ak krache.
7 Paske Senyè BONDYE a ✡ És 42:1fè M sekou;
pou sa, Mwen pa t vin wont;
pou sa, Mwen te fè figi M vin di tankou silèks.
Epi Mwen konnen ke M p ap vin wont.
8 Sila ki ✡ És 45:25jistifye Mwen an toupre;
se kilès ki gen ka kont Mwen?
Ann kanpe a youn lòt.
9 Gade byen, Senyè BONDYE a fè M sekou;
se kilès ki kondane Mwen?
Gade byen, yo tout va vin epwize tankou yon vètman;
mit papiyon twal yo va manje yo.
10 Se kilès pami nou ki krent SENYÈ a,
ki obeyi vwa a ✡ És 49:2-3sèvitè Li a,
ki mache nan fènwa a e ki pa gen limyè a?
Kite li mete konfyans nan non SENYÈ a
e depann de Bondye li a.
11 Gade byen, nou tout ki ✡ Pwov 26:18limen yon dife,
ki antoure nou ak tòch ki limen dife yo,
mache nan limyè dife nou te fè a,
e pami sann cho kote nou rasanble dife a.
Men sa nou va jwenn nan men Mwen an:
Nou va kouche nan touman.