3
Josué te leve bonè nan maten. Li menm avèk tout fis Israël yo te kite Jos 2:1Sittim pou te rive nan Jourdain an, e yo te fè kan avan yo te travèse.
Jos 1:11Nan fen twa jou, ofisye yo te pase nan mitan kan an. Yo te kòmande pèp la e te di: “Lè nou wè Det 31:9lach akò SENYÈ a, Bondye nou an, avèk prèt Levit yo k ap pote li, alò, nou va sòti nan plas nou pou swiv li. Sepandan, va gen antre nou ak li yon distans anviwon de mil koude (3,000 pye) pa mezi. Pa vin pi prè li, pou nou kapab konnen chemen ke nap pran, paske nou pa t janm fè wout sa a avan.”
Konsa, Josué te di a pèp la: Egz 19:10-11“Konsakre tèt nou; paske demen SENYÈ a va fè mèvèy yo nan mitan nou.”
Josué te pale avèk prèt yo e te di: “Vin leve lach akò a pou travèse lòtbò a avan pèp la.”
Alò, SENYÈ a te di a Josué: “Jou sa a, Mwen va kòmanse Jos 4:14egzalte ou nan zye tout Israël la, pou yo kapab konnen ke menm jan ke M te avèk Moïse la, Mwen va avèk ou. Anplis, ou va kòmande prèt k ap pote lach akò a e di yo: ‘Lè nou rive arebò dlo yo nan Jourdain an, nou va rete kanpe nan dlo Jourdain an.’ ”
Konsa, Josué te di a fis Israël yo: “Vin la pou koute pawòl a SENYÈ a, Bondye nou an.” 10 Josué te di: “Pa sa nou va konnen ke Bondye vivan an pami nou e ke Li va, anverite, Egz 33:2deplase soti devan nou Kananeyen an, Etyen an, Evyen an, Ferezyen an, Gigazyen an, Amoreyen an ak Jebizyen an. 11 Gade byen, lach akò Job 41:11SENYÈ a tout latè a ap travèse devan nou antre nan Jourdain an.
12 “Alò, pou sa, Jos 4:2pran pou nou menm douz mesye soti nan tribi Israël la, yon nonm pou chak tribi. 13 Li va rive ke lè pla pye a prèt ki pote lach SENYÈ a, SENYÈ tout latè a, poze nan dlo a Jourdain an, dlo Jourdain an va koupe, e dlo k ap kouri desann soti anwo yo va Egz 15:8rete fè yon pil.”
14 Pou sa, lè pèp la kite tant pa yo pou travèse Jourdain an avèk prèt k ap pote Sòm 132:8lach akò a devan pèp la, 15 epi lè sila ki te pote lach la te antre nan Jourdain an, epi depi pye a prèt k ap pote lach la te tanmen fonse bò dlo a; (paske I Kwo 12:15Jourdain an toujou depase rivaj li yo pandan tout sezon rekòlt la), 16 dlo ki t ap kouri desann soti anwo yo te kanpe, e te leve wo fè Jos 3:13yon pil, a yon gran distans de la, nan Adam, vil ki akote Tsarthan an; epi dlo sa yo ki t ap kouri desann vè lanmè Det 1:1Araba a, ak Lamè Sale a, te vin koupe nèt. Konsa pèp la te travèse anfas Jéricho.
17 Prèt yo ki t ap pote lach akò SENYÈ a te kanpe fèm Egz 14:21-29sou tè sèk nan mitan Jourdain an pandan tout Israël t ap travèse sou tè sèk, jiskaske tout nasyon an te fin travèse Jourdain an.

3:1 Jos 2:1

3:2 Jos 1:11

3:3 Det 31:9

3:5 Egz 19:10-11

3:7 Jos 4:14

3:10 Egz 33:2

3:11 Job 41:11

3:12 Jos 4:2

3:13 Egz 15:8

3:14 Sòm 132:8

3:15 I Kwo 12:15

3:16 Jos 3:13

3:16 Det 1:1

3:17 Egz 14:21-29