41
Èske ou ka rale Sòm 74:14Levyatan an deyò ak yon zen lapèch?
Oswa peze lang li desann ak yon kòd?
Èske ou kab II Wa 19:28mete yon kòd nan nen l,
oswa pèse machwè l ak yon zen?
Èske l ap fè ou anpil siplikasyon,
oswa èske l ap pale ak ou ak pawòl dous?
Èske l ap fè yon akò avèk ou?
Èske ou va pran l pou yon sèvitè pou tout tan?
Èske ou va jwe avè l konsi se yon zwazo,
oswa èske ou va mare li pou demwazèl ou yo?
Èske komèsan yo va fè komès avè l?
Èske y ap divize li pami machann yo?
Èske ou kab plen po li ak gwo lans,
oswa tèt li ak fren lapèch?
Poze men ou sou li! Sonje batay la byen!
Ou p ap fè l ankò
Gade byen, esperans ou fo.
Èske ou p ap vin bese ou, menm devan rega li?
10 Nanpwen moun ki gen kouraj ase pou l ta tante Job 3:8fè l leve.
Ebyen, se kilès li ye ki kab kanpe devan M?
11 Kilès ki te Wo 11:35ban Mwen yon bagay pou M ta rekonpanse li?
Tout bagay anba tout syèl la se pa M.
12 Konsa, Mwen p ap rete an silans akoz manm li yo,
oswa gran pwisans li, oswa jan kò l byen òganize.
13 Se kilès ki kab retire pwotèj eksteyè li?
Kilès ki kab penetre pwotèj fèt ak chenn doub?
14 Kilès ki kab ouvri pòt figi li?
Gwo laperèz antoure dan l.
15 Gwo kal li yo se gran ògèy li;
yo fèmen byen byen di.
16 Youn tèlman pre lòt ke menm lè pa kab pase antre yo.
17 Yo jwenn youn ak lòt;
yo kole yo chak youn sou lòt e yo pa kab separe.
18 Lè li estène, li fè limyè vin parèt;
e zye li tankou Job 3:9pòpyè zye nan maten.
19 Tòch dife yo sòti nan bouch li;
sann volan yo vòltije vin parèt.
20 Sòti nan nen l, se lafimen;
konsi k ap sòti nan yon gwo bonm k ap bouyi,
oswa fèy sèch k ap pran dife.
21 Souf li ka limen chabon,
e flanm yo sòti nan bouch li.
22 Kou li se yon rezèvwa fòs
e gwo laperèz danse devan l.
23 Tout pli sou chè li vin jwenn ansanm;
byen solid sou li, e yo pa kab deplase.
24 Kè li di tankou wòch,
di menm tankou gwo wòch moulen.
25 Lè l leve pi pwisan yo vin pè;
akoz gwo son kraze brize a, yo fè bak nèt.
26 Nepe ki rive kote li pa kab fè anyen,
ni gwo lans lan, flèch la, ni frenn nan.
27 Pou li moso fè se konsi se pay;
bwonz se tankou bwa pouri.
28 Flèch pa kab fè l sove ale;
wòch fistibal se kras raje devan l.
29 Baton yo menm se pay.
Li ri lè frenn nan kouri vin jwenn l.
30 Pati anba li se tankou cha kanari;
li gaye tankou yon baton ki vannen sou labou.
31 Li fè pwofondè li yo bouyi tankou yon bonm;
li fè lanmè a vin tankou yon ja pomad.
32 Dèyè l, li fè yon pa kim dlo briye;
konsi ou ta konnen se cheve blanch k ap soti nan fon dlo a.
33 Nanpwen Job 40:19anyen sou latè ki tankou li;
yon bèt ki fèt san pè anyen.
34 Li gade sou tout bagay ki wo;
Li se wa sou tout Job 28:8fis ògèy yo.

41:1 Sòm 74:14

41:2 II Wa 19:28

41:10 Job 3:8

41:11 Wo 11:35

41:18 Job 3:9

41:33 Job 40:19

41:34 Job 28:8