40
1 Anplis, SENYÈ a te di a Job:
2 “Èske li k ap jwenn fot va ✡ És 45:9fè kont ak Tou Pwisan an?
Kite li ki repwòche Bondye reponn sa.”
3 Epi Job te reponn SENYÈ a epi te di:
4 “Anverite, mwen pa anyen; ki repons mwen kab bay Ou?
Mwen ✡ Job 21:5poze men m sou bouch mwen.
5 Yon fwa mwen te pale e ✡ Job 9:3-15mwen pa replike;
menm de fwa, e mwen pa gen anyen pou m ta mete anplis.”
6 Epi ✡ Job 38:1SENYÈ a te reponn nan mitan toubiyon an. Li te di:
7 Alò, mare senti ou kon gason;
Mwen va ✡ Job 38:3mande ou yon bagay e ou va enstwi M.
8 Èske anverite ou va anile jijman Mwen an?
Èske ou va kondane Mwen pou ou menm kab jistifye?
9 Oswa èske ou gen yon bra tankou Bondye,
ak yon vwa ki ka ✡ Job 37:5gwonde tankou pa Li a?
10 ✡ Sòm 93:1Abiye ou menm ak mayifisans ak grandè
e mete sou ou lonè ak laglwa.
11 Vide fè parèt nèt tout lakòlè k ap ✡ És 42:25debòde nan ou.
Fè yon ti gade sou tout sila ki gen ògèy yo, e desann yo.
12 Fè rega sou tout sila ki gen ògèy yo, e ✡ I Sam 2:7fè yo imilye yo;
foule mechan yo nèt kote yo kanpe.
13 ✡ És 2:10-12Kache yo ansanm nan pousyè a;
mare yo nan plas kache a.
14 Epi konsa M ap konfese a ou menm
ke se pwòp men dwat ou ki kab sove ou.
15 Gade byen Beyemòt la ✡ Job 40:19ke M te fè
menm tankou Mwen te fè w la;
Li manje zèb tankou bèf.
16 Gade koulye a, fòs li nan ren li
e pouvwa li nan gwo venn a vant li yo.
17 Li koube ke li tankou yon sèd;
venn nan kwis li yo koude ansanm nèt.
18 Zo li se tiyo ki fèt an bwonz;
janm li tankou ba fè.
19 Li se ✡ Job 41:33premye nan chemen Bondye a;
fòk se Sila ki fè l la, ki pou pwoche nepe li.
20 Anverite, mòn yo ✡ Sòm 104:14mennen bay li manje
e tout bèt sovaj latè yo jwe la.
21 Anba zèb dlo, li kouche;
nan kouvèti wozo a ak marekaj la.
22 Plant dlo yo kouvri li ak lonbraj;
bwa sikrèn k ap koule dlo a antoure li.
23 Lè rivyè a vin anraje, li pa twouble;
li gen konfyans malgre ✡ Jen 13:10Jourdain an rive jis nan bouch li.
24 Èske gen moun ki kab kaptire li lè l ap veye;
menm ak pwent anfè, èske yon moun kab pèse nen l?