30
Alò, lè Rachel te wè ke Jen 29:31li pa t fè pitit pou Jacob, li te vin jalou. Li te di a Jacob: “Ban mwen pitit, oswa, m ap mouri.”
Epi chalè Jacob te brile kont Rachel. Li te di: “Èske mwen nan plas Bondye, ki te Jen 20:18anpeche vant ou bay fwi a?”
Li te reponn: “Men sèvant mwen an, Bilha, antre an relasyon avèk li pou li kapab pouse fè sou jenou mwen yo. Konsa, pa li menm, mwen kapab fè timoun tou.” Jen 16:2
Epi Jen 16:3-4 li te ba li sèvant li, Bilha kòm madanm, e li te antre nan relasyon avèk li. Bilha te vin ansent, e li te fè yon fis pou Jacob.
Alò, Rachel te di: “Bondye te Sòm 35:24ban mwen rezon. Li te vrèman tande vwa m, e Li te ban mwen yon fis.” Pou sa, li te nonmen li Dan.
Sèvant a Rachel la, Bilha te vin ansent ankò, e li te fè pou Jacob yon dezyèm fis. Alò, Rachel te di: “Avèk gwo lit mwen te mennen avèk sè mwen an, mwen te vrèman vin genyen l.” Epi li te nonmen li Nephtali.
Lè Léa te wè ke li pa t fè pitit ankò, li te pran sèvant li a, Zilpa, e li te bay li a Jacob kòm madanm. 10 Sèvant a Léa a, Zilpa te fè yon fis pou Jacob. 11 Konsa, Léa te di: “A la chans!” Epi li te nonmen li Gad.
12 Sèvant Léa a, Zilpa te fè pou Jacob yon dezyèm fis. 13 Epi Léa te di: “A la kontan mwen kontan! Pou sa, fanm yo va rele mwen kontan.” Epi li te nonmen li Aser.
14 Alò, nan jou rekòlt ble yo, Reuben te sòti pou twouve mandragò nan chan an, e li te pote yo bay manman li, Léa. Alò, Rachel te di a Léa: “Souple, ban m kèk nan mandragò fis ou yo.”
15 Men Léa te di l: “Èske se yon ti bagay sa ye pou ou pou pran mari mwen? Konsa, èske ou ta renmen pran mandragò a fis mwen yo tou?”
Rachel te reponn: “Pou sa, li kapab kouche avè ou aswè a, kòm twòk pou mandragò a fis ou yo.”
16 Lè Jacob te sòti nan chan an nan aswè, alò, Léa te sòti pou rankontre li. Li te di l: “Ou oblije antre an relasyon ak mwen aswè a, paske vrèman mwen te achte ou avèk mandragò a fis mwen yo.” Epi li te kouche avèk li nan nwit lan.
17 Bondye te okipe Léa, e li te fè yon senkyèm fis pou Jacob. 18 Epi Léa te di: “Bondye te ban mwen salè mwen, akoz ke m te bay sèvant mwen an a mari mwen.”
19 Léa te vin ansent ankò, e li te fè yon sizyèm fis pou Jacob. 20 Alò Léa te di: “Bondye te ban mwen yon bon kado! Koulye a mari mwen va rete avè m akoz ke mwen fè sis fis pou li.” Alò li te nonmen li Zabulon.
21 Apre sa li te fè yon fi, e li te nonmen li Dina.
22 Alò, I Sam 1:19-20 Bondye te sonje Rachel. Li te okipe li, e Li te Jen 29:31 louvri vant li. 23 Konsa, li te vin ansent, e li te fè yon fis. Konsa, li te di: “Bondye És 4:1retire repwòch mwen.” 24 Li te rele li Joseph, e li te di: “ Jen 35:17Ke SENYÈ a ban m yon lòt fis.”
25 Alò, li te rive ke lè Rachel te fè Joseph, Jacob te di a Laban: “ Jen 24:54-56 Voye mwen ale, pou mwen kapab ale nan pwòp plas mwen e nan pwòp peyi mwen. 26 Ban mwen madanm mwen yo, ak pitit mwen yo, Jen 29:18-27 pou sila mwen te sèvi ou yo. Kite mwen pati, paske ou menm ou konnen sèvis ke m te rann ou yo.”
27 Men Laban te di li: “Si sa fè ou plezi, rete avè m; mwen devine Jen 29:18-27 ke Bondye te beni mwen akoz ou menm.” 28 Li te pale toujou: Jen 29:15“Nonmen salè ou, e mwen va ba ou li”.
29 Men li te di li: Jen 31:6“Ou menm ou konnen jan mwen te sèvi ou, ak jan bèt ou yo te byen okipe avè m. 30 Paske ou pa t gen anpil lè m te vini an, yo vin miltipliye anpil, e SENYÈ a te beni ou tout kote ke m vire. Men koulye a, se lè pou mwen okipe pwòp lakay mwen tou?”
31 Epi Laban te di: “Kisa mwen kapab ba ou?”
Epi Jacob te reponn: “Ou pa bezwen ban m anyen. Si w ap fè yon sèl bagay pou mwen, mwen va okipe bann ou yo ankò, epi kenbe yo. 32 Kite mwen pase nan tout bann mouton ou yo, pou retire chak Jen 31:8mouton ki takte, oswa trase, avèk tout sa ki nwa pami ti mouton yo, chak sa ki takte oswa trase pami kabrit yo. Se sa yo ki va sèvi kòm salè mwen. 33 Konsa entegrite mwen va reponn pou mwen pita, lè ou vin parèt konsènan salè mwen. Chak sa ki pa takte, oswa trase pami kabrit yo, e ki nwa pami jenn mouton yo, si li twouve avè m, konsidere ke mwen te vòlè l.”
34 Laban te di li: “Sa bon. Kite sa fèt selon pawòl ou.”
35 Alò, nan menm jou sa a, li te rete tout mal kabrit ki te trase, oswa takte, ak tout femèl kabrit ki te takte, chak ki te gen blan ladann, ak tout nwa pami mouton yo, e li te bay fis li yo okipe yo. 36 Epi li te mete yon distans twa jou antre li menm avèk Jacob, e Jacob te bay manje a tout rès bann mouton yo pou Laban.
37 Jacob te pran bwa vèt nan pye sikrèn, pye zanmann, ak pye bwadòm, e li te kale tras blan nan yo pou fè parèt blan ki te nan bwa yo. 38 Li te plase bwa li te kale yo devan bann mouton yo, nan flèv dlo yo, e nan basen dlo kote bann mouton yo te vin bwè a. Se la yo te kwaze lè yo te vin pou bwè. 39 Alò, bann mouton yo te kwaze kote bwa kale yo, e yo te fè pote sa ki te trase, takte e pentle yo.
40 Jacob te separe ti mouton yo, e te fè bann mouton yo rete anfas, pou yo t ap gade tout sa ki te trase yo, ak tout nwa yo, ki te nan bann mouton Laban yo. Li te mete pwòp bann mouton li yo apa, pou yo pa t avèk bann mouton Laban yo. 41 Anplis de sa, nenpòt kilè bèt ki pi fò nan bann mouton yo ta kwaze, Jacob ta mete bwa yo devan zye a bèt ki nan basen dlo yo, pou yo ta kwaze akote bwa yo; 42 men lè bann mouton an te fèb, li pa t mete yo ladann. Konsa pi fèb yo te vin pou Laban, e pi fò yo pou Jacob.
43 Konsa, Jen 12:16nonm nan te vin pwospere anpil. Li te vin gen gwo bann mouton, sèvant ak sèvitè, chamo avèk bourik.

30:1 Jen 29:31

30:2 Jen 20:18

30:3 Jen 16:2

30:4 Jen 16:3-4

30:6 Sòm 35:24

30:22 I Sam 1:19-20

30:22 Jen 29:31

30:23 És 4:1

30:24 Jen 35:17

30:25 Jen 24:54-56

30:26 Jen 29:18-27

30:27 Jen 29:18-27

30:28 Jen 29:15

30:29 Jen 31:6

30:32 Jen 31:8

30:43 Jen 12:16