29
Alò, Jacob te ale nan vwayaj li a, e li te vini nan peyi ki te pou Jij 6:3-33 fis a lès yo. Lè li te gade, li te wè yon Jen 24:10-11 pwi nan chan an, e gade byen, te gen twa bann mouton ki te kouche la akote li, paske se te avèk pwi sa a ke yo te bay tout bèt yo dlo. Alò, wòch la sou bouch pwi a te byen laj. Lè tout bèje mouton yo te rasanble la, yo te konn woule wòch la sòti nan bouch pwi a, pou te bay mouton yo dlo, e te remete wòch la nan plas li sou bouch pwi a.
Jacob te di yo: “Frè m yo, kibò nou sòti?”: Yo te reponn: “Nou sòti nan Jen 28:10Charan.”
Li te di yo: “Èske nou konnen Laban, Jen 24:24-29 fis Nachor a?” Epi yo te di: “Nou konnen li.”
Li te mande yo: “Èske tout bagay ale byen pou li?” Epi yo te reponn: “Wi, tout bagay ale byen pou li. Men fi li a, Egz 2:16Rachel k ap vini avèk mouton yo.”
Li te di: “Gade byen, li toujou gwo lajounen; li poko lè pou rasanble bèt. Bay bèt yo dlo, e mete yo nan patiraj toujou.”
Men yo te di: “Nou pa kapab jiskaske tout bèje mouton yo fin rasanble, e yo woule wòch la sòti nan bouch pwi a. Se nan lè sa a nou va bay mouton yo dlo.”
Pandan li t ap pale avèk yo, Rachel te parèt avèk mouton papa l yo, paske li te yon bèje. 10 Lè Jacob te wè Rachel, fi Laban an, frè manman li, ak mouton Laban yo, frè manman l, Jacob te pwoche. Li te woule wòch la sòti nan pwi a, e li te bay dlo a bann mouton Laban an, frè manman l lan. 11 Epi Jacob te bo Jen 33:4Rachel. Li te leve vwa li, e li te kriye. 12 Jacob te di Rachel ke li te yon Jen 28:5moun fanmi papa l, e ke li te fis a Rebecca. Li te kouri di papa l sa.
13 Alò, lè Jen 24:29-31Laban te tande nouvèl Jacob la, fis a sè li, li te kouri pou ale rankontre avè l e te Jen 33:4anbrase li. Li te bo li, e te mennen li lakay li. Konsa, Jacob te eksplike Laban tout bagay sa yo. 14 Laban te di li: “Anverite, ou se Jen 2:23zo mwen avèk chè mwen.” Konsa, li te rete avèk li pandan yon mwa.
15 Alò Laban te di a Jacob: “Akoz ke ou se moun fanmi mwen, èske sa vle di ke ou ta dwe sèvi mwen gratis? Di m, kisa pou m bay ou kòm salè?”
16 Alò, Laban te gen de fi. Non pi gran an se te Léa, e lòt la se te Rachel. 17 Epi zye a Léa yo te fèb, men Rachel te Jen 12:11,14 byen bèl nan figi l, ni nan fòm li. 18 Alò Jacob te Jen 24:67renmen Rachel, e konsa li te di: “ Os 12:12Mwen va sèvi ou pandan sèt ane pou fi ou ki pi jèn nan, Rachel.”
19 Laban te di: “Li pi bon pou m bay ou li pase pou m ta bay li a yon lòt gason. Rete avè m.” 20 Jacob te sèvi sèt ane pou Rachel, men yo te parèt a li menm kòmsi se te kèk jou akoz lamou li te gen pou li.
21 Konsa, Jacob te di a Laban: “Ban mwen madanm mwen, paske tan mwen an gen tan fin konplete, pou m kapab Jij 15:1antre nan relasyon avè l.” 22 Laban te rasanble tout mesye yo nan plas la, e li te fè yon gwo fèt.
23 Men nan aswè, li te pran fi li, Léa, e li te mennen li kote Jacob. Li te antre an relasyon avèk li. 24 Laban osi te bay sèvant li, Zilpa, pou Léa kòm sèvant. 25 Nan maten, gade byen, li vin parèt ke se te Léa! Konsa, li te di a Laban: Jen 12:18 “Kisa sa ou te fè m la a?
“Èske se pa pou Rachel ke m te sèvi ou a? Poukisa ou fè m desepsyon sila a?”
26 Men Laban te di: “Se pa koutim peyi nou pou fè maryaj a pi jèn nan avan premye ne a. 27 Konplete semèn nan avèk sila a, e nou va bay ou lòt la tou; pou sèvis sa a, Jen 31:41ou va sèvi m yon lòt sèt ane.”
28 Jacob te fè sa, li te konplete semèn nan avèk fi a, e li te ba li fi li, Rachel, kòm madanm li. 29 Laban osi te bay sèvant li, Bilha a fi li, Rachel kòm sèvant li. 30 Alò, Jacob te antre an relasyon ak Rachel osi, e vrèman, Jen 29:17-18 li te renmen Rachel plis ke Léa, e li te sèvi avèk Laban pandan yon lòt sèt ane.
31 Alò, SENYÈ a te wè ke Léa te manke renmen, e Li te ouvri vant li, men Rachel te rete san pitit. 32 Léa te vin ansent. Li te fè yon fis, e li te nonmen li Reuben, paske li te di: “Akoz ke SENYÈ a te Jen 16:11wè doulè mwen, asireman koulye a mari mwen va renmen m.” 33 Li te vin ansent ankò, li te fè yon fis, e li te di: Det 21:15 “Akoz ke SENYÈ a te tande ke mwen te rayi, pou sa Li te ban mwen fis sila a osi.” Alò, li te bay li non Siméon.
34 Li te vin ansent ankò, li te fè yon fis. Konsa, li te di: “Alò fwa sa a mari mwen va vin atache a mwen, paske mwen te fè twa fis pou li.” Pou sa, li te nonmen li Jen 49:5 Lévi.
35 Epi li te vin ansent ankò. Li te fè yon fis, e li te di: “Fwa sa, mwen va louwe SENYÈ a.” Pou sa li te nonmen li Jen 49:8Juda. Epi konsa, li te vin sispann fè pitit.

29:1 Jij 6:3-33

29:2 Jen 24:10-11

29:4 Jen 28:10

29:5 Jen 24:24-29

29:6 Egz 2:16

29:11 Jen 33:4

29:12 Jen 28:5

29:13 Jen 24:29-31

29:13 Jen 33:4

29:14 Jen 2:23

29:17 Jen 12:11,14

29:18 Jen 24:67

29:18 Os 12:12

29:21 Jij 15:1

29:25 Jen 12:18

29:27 Jen 31:41

29:30 Jen 29:17-18

29:32 Jen 16:11

29:33 Det 21:15

29:34 Jen 49:5

29:35 Jen 49:8