11
Anplis, Éz 3:12-14Lespri a te leve m monte e te mennen mwen nan pòtay lès lakay SENYÈ a ki te anfas vè lès. Epi gade byen, venn-senk mesye nan antre pòtay la e pami yo, mwen te wè Jaazania, fis a Azzur a ak Pelathia, fis a Benaja a, chèf yo a pèp la. Li te di mwen: “Fis a lòm, sila yo se mesye yo ki fè plan inikite e ki Sòm 2:1bay move konsèy nan vil sa a, ka p di: ‘Tan pou bati kay yo pa pwòch. Jr 1:13Vil sa a se chodyè a e nou se chè a.’ Akoz sa, Éz 3:4-17pwofetize kont yo, fis a lòm, se pou ou pwofetize!”
Lespri SENYÈ a te tonbe sou mwen e Li te di mwen: “Pale konsa, ‘Konsa pale SENYÈ a: “Konsa ou reflechi, o lakay Israël, paske Jr 11:20Mwen konnen panse nou yo. Nou te És 1:15miltipliye moun ki touye yo nan vil sa a e plen ri yo nèt avèk yo.”
“ ‘Pou sa, pale Senyè BONDYE a: Éz 24:3-13“Moun touye nou yo ke nou te fè kouche nan mitan vil la, se chè a e vil la se chodyè a; men M ap mennen nou sòti ladann. Nou te Pwov 10:24pè yon nepe; pou sa, mwen va mennen yon nepe rive sou nou,” deklare Senyè BONDYE a. “Epi Mwen va mennen nou sòti nan mitan vil la, Mwen va delivre nou nan men a etranje yo e Éz 5:8egzekite jijman kont nou. 10 Nou va Jr 52:9-10tonbe pa nepe. Mwen va jije nou jis rive nan lizyè Israël la; pou nou ka konnen ke Mwen se SENYÈ a. 11 Vil la p ap yon Éz 11:3-7chodyè pou nou, ni nou p ap chè nan mitan l; men Mwen va jije nou jis rive nan lizyè Israël la. 12 Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a; paske nou pa t mache nan règleman Mwen yo, ni nou pa t Éz 18:8-9swiv lalwa Mwen yo, men nou te aji selon lalwa a nasyon sila ki antoure nou yo.” ’ ”
13 Alò, li te vin rive ke pandan mwen t ap pwofetize a, ke Éz 11:1Pelathia, fis a Benaja a, te mouri. Epi mwen te tonbe sou figi mwen, mwen te kriye fò ak yon gwo vwa e mwen te di: “Anmwey, Senyè BONDYE! Èske Ou va mennen retay Israël la pou fin detwi nèt?” 14 Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di: 15 “Fis a lòm, frè ou yo, fanmi ou yo, egzile parèy ou yo ak tout lakay Israël la, yo tout, se moun a sila abitan Jérusalem yo te di: ‘Ale lwen SENYÈ a; peyi sa a te bay a Éz 33:24nou kon posesyon.’ ”
16 “Akoz sa, ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Byenke mwen te deplase yo byen lwen pami nasyon yo e byenke mwen te gaye yo pami peyi yo, byenke mwen te yon Sòm 31:20abri pou yo pou yon ti tan nan peyi kote yo te ale yo.” ’
17 “Akoz sa, ou va di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va És 11:11-16ranmase nou soti nan pèp yo, Mwen va rasanble nou sòti nan peyi pami sila nou te gaye yo e Mwen va bannou peyi Israël la.”
18 “ ‘Lè yo vini la, yo va Éz 37:23retire tout bagay abominab li yo ak tout abominasyon li yo sòti ladann. 19 Epi Mwen va bay yo yon sèl kè e Mwen va mete yon lespri nèf anndan yo. Epi Mwen va retire Za 7:12kè wòch ki nan chè yo a e Mwen bay yo yon kè ki fèt ak chè, 20 Pou yo ka Sòm 105:45mache nan règleman Mwen yo e kenbe lalwa Mwen yo pou fè yo. Konsa, yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo. 21 Men pou sila ak kè k ap swiv bagay abominab yo ak abominasyon yo, Mwen va Éz 9:10mennen kondwit yo desann sou tèt yo,” deklare “Senyè BONDYE a.”
22 Epi cheriben yo te Éz 10:19leve zèl yo ak wou akote yo e glwa a Bondye Israël la te vin pann sou yo. 23  Éz 8:4Glwa SENYÈ a te monte soti nan mitan vil la e te kanpe anwo mòn ki nan pati lès vil la. 24 Epi Lespri a te fè m leve e te mennen mwen nan yon vizyon pa Lespri Bondye a, bò kote egzile Chaldée yo.
Se konsa vizyon mwen te wè a, te Trav 10:16kite mwen. 25 Epi mwen te Éz 2:7di egzile yo tout bagay ke SENYÈ a te montre mwen.

11:1 Éz 3:12-14

11:2 Sòm 2:1

11:3 Jr 1:13

11:4 Éz 3:4-17

11:5 Jr 11:20

11:6 És 1:15

11:7 Éz 24:3-13

11:8 Pwov 10:24

11:9 Éz 5:8

11:10 Jr 52:9-10

11:11 Éz 11:3-7

11:12 Éz 18:8-9

11:13 Éz 11:1

11:15 Éz 33:24

11:16 Sòm 31:20

11:17 És 11:11-16

11:18 Éz 37:23

11:19 Za 7:12

11:20 Sòm 105:45

11:21 Éz 9:10

11:22 Éz 10:19

11:23 Éz 8:4

11:24 Trav 10:16

11:25 Éz 2:7