10
Answit, mwen te gade e vwala, nan Éz 1:22-26gran espas ouvri ki te sou tèt a cheriben yo, yon bagay tankou yon wòch safì ki pa aparans, te sanble yon twòn ki te parèt anlè yo. Li te pale ak nonm abiye an len an e te di: “Antre nan mitan Éz 1:15-21wou k ap vire vit fè wonn anba cheriben an, plen men nou ak chabon tou limen ki antre cheriben yo e gaye yo toupatou nan vil la.”
Konsa, li te antre pou m te ka wè l. Alò, cheriben yo te kanpe bò dwat a tanp lan lè nonm nan te antre ladann nan e nwaj la te plen Éz 8:3-16lakou enteryè a. Epi Éz 9:3glwa a SENYÈ a te leve monte soti nan cheriben yo, jis rive nan papòt tanp lan. Tanp lan te plen ak nwaj la e lakou a te plen ak ekla a glwa SENYÈ a. Anplis, bri a zèl cheriben yo te vin tande jis rive nan lakou eksteyè a, tankou Job 40:9vwa SENYÈ Pwisan an lè L pale.
Li te vin rive lè Li te kòmande nonm abiye an len an e te di: “Pran dife soti nan mitan wou k ap vire vit fè wonn yo, soti antre cheriben yo”. Epi li te antre e te kanpe akote yon wou. Konsa, cheriben an te lonje men l soti antre cheriben kote dife ki te antre cheriben yo, pran ladann pou mete nan men a sila ki te abiye an len an, ki te pran l e te sòti deyò. Fòm men a yon moun te parèt isit nan cheriben nan anba zèl yo.
Alò, mwen te gade e vwala, Éz 1:15-17kat wou akote cheriben yo, yon wou akote chak cheriben. Aparans a wou yo te tankou ekla a pyè krizolit. 10 Selon aparans yo, toule kat te sanble menm jan, konsi se te yon wou ki te anndan yon lòt wou. 11 Lè yo te deplase yo, yo te ale Éz 1:17nan kat direksyon pa yo, san vire pandan yo t ap prale a. Yo te toujou swiv direksyon kote yo te fikse a, san vire pandan yo t ap prale a. 12 Tout Rev 4:6-8kò yo, do yo, men yo, zèl yo e wou yo te plen zye toutotou, wou ki t ap sèvi pou toule kat yo. 13 Wou yo te rele nan zòrèy mwen, kon wou toubiyon. 14 Yo chak te gen kat figi. Premye figi a te figi a yon cheriben, dezyèm figi a te figi a yon nonm, twazyèm figi a te figi yon lyon e katriyèm figi a te figi a yon èg.
15 Konsa, cheriben yo te leve monte. Yo se Éz 1:3-5kreyati vivan ke m te wè akote rivyè Kebar a. 16 Lè cheriben yo te deplase, wou yo ta ale bò kote yo; anplis, lè cheriben yo te leve zèl yo pou leve atè a, wou yo pa t vire pou kite bò kote yo. 17 Lè cheriben yo te Éz 1:21kanpe an plas, wou yo ta kanpe an plas. Lè yo te leve, wou yo ta leve avèk yo, paske lespri a kreyati vivan an te nan yo.
18 Epi glwa SENYÈ a te kite papòt tanp lan, e te kanpe Sòm 18:10anwo cheriben yo. 19  Éz 11:22cheriben yo te pati, yo te leve zèl yo pou te monte leve kite tè a devan zye m avèk wou yo bò kote yo. Konsa, yo te kanpe dyanm nan antre a pòtay lès lakay SENYÈ a; e glwa a Bondye Israël la te tann sou yo.
20 Sa yo se Éz 1:5-26kreyati vivan ke m te wè anba Bondye Israël la akote rivyè Kebar a; konsa, mwen te konnen ke se cheriben yo te ye. 21  Éz 1:6-8Chak te gen kat figi, chak te gen kat zèl, e anba zèl yo, se te fòm men moun. 22 Selon sa figi yo te sanble, yo te gen menm figi yo aparans ke mwen te wè akote rivyè Kebar a. Yo chak te ale tou dwat devan.

10:1 Éz 1:22-26

10:2 Éz 1:15-21

10:3 Éz 8:3-16

10:4 Éz 9:3

10:5 Job 40:9

10:9 Éz 1:15-17

10:11 Éz 1:17

10:12 Rev 4:6-8

10:15 Éz 1:3-5

10:17 Éz 1:21

10:18 Sòm 18:10

10:19 Éz 11:22

10:20 Éz 1:5-26

10:21 Éz 1:6-8