8
Li te vin rive nan sizyèm ane, sou senkyèm jou, nan sizyèm mwa a, pandan mwen te chita lakay mwen ak ansyen a Juda yo ki te chita devan m, ke men Senyè BONDYE a te tonbe sou mwen la. Answit, mwen te gade e vwala, yon imaj kon aparans a yon nonm—soti nan ren li pou rive anba, te gen aparans dife e soti nan ren li pou monte, aparans yon bagay briyan Éz 1:4-27tankou metal k ap klere. Li te lonje yon bagay sanblab ak yon men, e li te kenbe m nan cheve m nan pati dèyè tèt mwen. Konsa, Éz 3:12Lespri a te leve m monte rive antre tè a ak syèl la, e li te mennen mwen nan vizyon Bondye yo pou rive Jérusalem nan antre kote nò nan pòtay pa anndan an, kote ki te gen chèz pou zidòl ki rele jalouzi a, ki konn pwovoke jalouzi a. Gade byen, Éz 1:28glwa Bondye Israël la te la, tankou aparans ke m te wè nan plèn nan.
Li te di mwen: “Fis a lòm, leve zye ou koulye a vè nò.”
Konsa, mwen te leve zye m vè nò, e gade byen, nan nò a pòtay lotèl, se te Sòm 78:58zidòl jalouzi a ki te nan antre a.
Li te di mwen: “Fis a lòm, èske ou wè ki sa y ap fè, gwo II Wa 23:4-5abominasyon ke lakay Israël ap fè isit la, pou m ta kite sanktyè Mwen an? Malgre toujou, ou va wè abominasyon ki pi gwo.”
Li te mennen m nan antre lakou enteryè a, e lè m te gade, vwala, yon twou nan mi an. Li te di mwen: “Fis a lòm, És 29:15fouye yon twou fonse antre nan mi an.” Konsa, mwen te fouye yon twou fonse antre nan mi an e vwala, yon pòt pou antre.
Li te di mwen: “Antre ladann pou wè abominasyon mechan ke y ap komèt isit la.”
10 Konsa, mwen te antre e vwala, tout fòm bagay ki trennen atè, bèt ak bagay abominab, ak tout zidòl lakay Israël yo te grave kon desen sou mi an toutotou li. 11 Epi te kanpe devan yo, Nonb 11:16-25swasann-dis lansyen a lakay Israël yo, e Jaazania, fis a Schaphan an, te kanpe nan mitan yo, chak moun ak pwòp veso lansan li, e odè nwaj lansan an a t ap leve.
12 Epi Li te di mwen: “Fis a lòm, èske ou wè sa ke ansyen lakay Israël yo ap komèt nan fènwa a, chak moun nan chanm a pwòp imaj taye li? Paske men ki sa y ap di: ‘SENYÈ a pa wè nou. SENYÈ a fin abandone peyi a.’ ” 13 Epi Li te di mwen: “Malgre sa, ou va wè abominasyon ki pi gwo ke y ap komèt.”
14 Konsa, Li te mennen mwen nan antre a Éz 44:4pòtay lakay SENYÈ a ki te vè nò; epi vwala, te gen fanm la ki t ap kriye pou Thammuz. 15 Li te di mwen: “Èske ou wè sa, fis a lòm? Malgre sa, ou va wè pi gwo abominasyon ke sa yo.”
16 Konsa, Li te mennen mwen antre nan lakou enteryè lakay SENYÈ a. Epi vwala, nan antre tanp SENYÈ a, antre galri ak lotèl la, anviwon venn-senk òm, avèk do yo bay tanp SENYÈ a, e figi yo vè lès. Epi Det 4:19yo t ap pwostène yo nan lès vè solèy la.
17 Li te di mwen: “Èske ou wè sa, fis a lòm? Èske se yon bagay twò piti pou lakay Juda ta komèt abominasyon ke yo te komèt isit la? Paske yo te Éz 7:11-23ranpli peyi a ak vyolans e te pwovoke M plizyè fwa? Gade byen, y ap vekse M menm ak ti branch bwa yo poze sou nen yo. 18 Akoz sa, anverite, Mwen va aji ak gwo kòlè. Zye m p ap gen pitye, ni Mwen p ap epanye pèsòn. És 1:15Malgre yo kriye nan zòrèy Mwen ak gwo vwa, malgre sa, Mwen p ap koute yo.”

8:2 Éz 1:4-27

8:3 Éz 3:12

8:4 Éz 1:28

8:5 Sòm 78:58

8:6 II Wa 23:4-5

8:8 És 29:15

8:11 Nonb 11:16-25

8:14 Éz 44:4

8:16 Det 4:19

8:17 Éz 7:11-23

8:18 És 1:15