5
“Pou ou menm, Fis a lòm, pran yon Lev 21:5nepe byen file; pran l pou sèvi kon razwa sou tèt ou ak bab ou. Epi pran yon Dan 5:27balans pou peze e divize cheve a. Yon tyè, ou va brile nan dife nan mitan vil la, lè Jr 39:1-2jou syèj yo vin fini. Epi ou va pran yon tyè e frape l avèk nepe toupatou nan vil la e yon tyè, ou va gaye nan van; epi Mwen va rale yon nepe fè l sòti nan fouwo pa dèyè yo. Pran osi, kèk grenn nan yo, pa anpil e mare yo nan pwent wòb ou. Ankò, pran kèk nan yo pou jete nan dife e brile yo nan dife a; soti nan li, yon dife va gaye rive nan tout kay Israël la.
“Konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Sa se Jérusalem; Mwen te mete li nan Det 4:6mitan a nasyon yo ak peyi ki antoure li yo. Men li te fè rebèl kont lòd Mwen yo pi mal pase nasyon yo e kont règleman Mwen yo, II Wa 17:8-20plis ke peyi ki antoure li yo; akoz yo te rejte lòd Mwen yo e pa t mache nan règleman Mwen yo.’
“Akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Akoz ou gen II Wa 21:9-11plis twoub pase nasyon ki te antoure ou yo, ou pa t mache nan règleman Mwen yo, ni ou pa t swiv lòd Mwen yo, ni ou pa t swiv lòd a nasyon ki te antoure ou yo’, Akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Gade byen, Mwen, Mwen menm, kont ou e Mwen va Jr 24:9egzekite jijman pami nou pou tout lòt nasyon yo ka wè. Epi akoz tout abominasyon nou yo, Mwen va fè pami nou sa ke Mwen Dan 9:12pa t fè e tankou sa Mwen p ap janm fèt ankò. 10 Pou sa, Sòm 44:11papa yo va manje fis yo pami nou e fis yo va manje papa yo; paske Mwen va egzekite jijman sou nou e gaye tout retay nou yo nan tout van. 11 Jan Mwen viv la’, deklare Senyè BONDYE a: ‘Anverite, akoz nou te Jr 7:9-11souye Sanktyè pa M nan ak tout zidòl abominab nou yo e ak tout abominasyon nou yo; pou sa, Mwen tou va ralanti fè bak, zye m p ap gen pitye e Mwen p ap epanye (pèsòn). 12 Yon tyè nan nou va mouri akoz epidemi, oswa va vin manje nan gwo grangou pami nou; yon tyè va tonbe devan nepe ki antoure nou e yon tyè, mwen va Éz 5:2-10gaye yo nan tout van e Mwen va rale yon nepe sòti nan fouwo M dèyè yo.’ ”
13 Konsa, kòlè M va fin pase, Mwen va satisfè gwo mekontantman Mwen sou yo e Mwen va És 1:24satisfè kòlè Mwen. Epi yo va vin konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, Mwen te pale ak zèl lè Mwen te pase gwo kòlè Mwen sou yo a.
14 “ ‘Anplis, Mwen va fè ou vin yon kote dezole ak yon Sòm 74:3-10objè repwòch pami nasyon ki antoure ou yo, nan zye a tout sila ki pase la yo. 15 Konsa, sa va yon repwòch, yon ensilt, yon avètisman e yon objè degoutan pou nasyon ki antoure ou yo lè Mwen És 66:15-16egzekite jijman kontra ou nan kòlè Mwen, mekontantman, ak repwòch plen ak raj. Mwen, SENYÈ a fin pale. 16 Lè Mwen voye kont yo flèch dife kon gwo grangou a, flèch ki te fèt pou detwi sila ke M ap voye pou detwi ou yo; alò, Mwen va osi fè gwo grangou a vin pi rèd sou ou e Mwen kase baton pen an. 17 Anplis, Lev 26:22Mwen va voye sou ou gwo grangou, ak bèt sovaj yo e yo va rache timoun yo nan men ou; epidemi ak vèse san va rive sou ou e Mwen va mennen nepe sou ou. Mwen, SENYÈ a, Mwen te pale.’ ”

5:1 Lev 21:5

5:1 Dan 5:27

5:2 Jr 39:1-2

5:5 Det 4:6

5:6 II Wa 17:8-20

5:7 II Wa 21:9-11

5:8 Jr 24:9

5:9 Dan 9:12

5:10 Sòm 44:11

5:11 Jr 7:9-11

5:12 Éz 5:2-10

5:13 És 1:24

5:14 Sòm 74:3-10

5:15 És 66:15-16

5:17 Lev 26:22