24
1 Apre ✡ II Wa 24:10-16Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te pote Jeconia, fis a Jojakim nan, wa Juda a, dirijan a Juda yo ak gwo atizan ak bòs fòjewon Jérusalem yo pou te mennen yo Babylone, SENYÈ a te montre mwen: gade byen, de panyen fig etranje ki te plase devan tanp SENYÈ a! 2 Yon panyen te gen bon fig etranje yo, tankou nan ✡ Mi 7:1premye rekòlt yo e lòt panyen an te gen move fig ki pa t ka manje akoz yo te pouri.
3 Epi SENYÈ a te di m: ✡ Jr 1:11-13“Kisa ou wè, Jérémie?”
Epi mwen te di: “Fig etranje yo, bon fig etranje yo, byen bon; epi move fig etranje yo, byen move, ki pa ka manje akoz yo pouri.” 4 Epi pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di: 5 “Konsa pale SENYÈ Israël a ‘Tankou bon fig etranje yo, konsa Mwen va konsidere ✡ Na 1:7kon bon, kaptif a Juda yo, ke m te voye sòti nan plas sa a pou antre nan peyi Kaldeyen yo. 6 Paske Mwen va fikse zye M sou yo pou byen e Mwen va ✡ Jr 12:15mennen yo ankò nan peyi sa a; epi Mwen va bati yo e Mwen p ap ranvèse, Mwen va plante yo e Mwen p ap rache yo. 7 Mwen va bay yo yon ✡ Jr 12:15kè pou rekonèt Mwen, paske Mwen se SENYÈ a; epi yo va pèp Mwen e Mwen va Bondye yo, paske yo va retounen kote Mwen ak tout kè yo.’ ”
8 “Men tankou move fig etranje ki pa ka manje akoz yo pouri yo——anverite, konsa”, pale SENYÈ a——“Konsa Mwen va abandone Sédécias, wa Juda a, dirijan li yo, ✡ Jr 39:9retay Jérusalem ki rete nan peyi sa a, ak sila ki rete nan peyi Égypte yo. 9 Mwen va fè yo vin yon gwo laperèz ak yon mal pou tout wayòm latè yo, kon repwòch, yon vye mo, yon rizib e yon ✡ És 65:15madichon tout kote ke M gaye yo. 10 Mwen va voye ✡ És 51:19nepe ak gwo grangou, maladi ak bèt pou ravaje chan yo jiskaske yo fin detwi soti nan peyi ke M te bay a yo menm nan ak papa zansèt yo.”