33
Epi pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie yon dezyèm fwa, pandan li te toujou Jr 32:2-8nan prizon nan lakou gad la. Li te di: “Konsa pale Jr 51:19SENYÈ a ki te fè tè a, SENYÈ a ki te fòme li pou etabli li a—SENYÈ a se non Li. Sòm 50:15‘Rele Mwen, Mwen va reponn ou e Mwen va di ou gwo bagay pwisan ke ou pa t janm konnen.’ Paske konsa pale SENYÈ Israël la konsènan kay nan vil sa yo, e konsènan kay a wa a Juda k ap vin kraze pou fè yon ranpa kont Jr 32:24balkon tè syèj yo e kont nepe a, ‘pandan y ap vini pou goumen kont Kaldeyen yo e pou plen yo ak kadav moun ke M te masakre nan kòlè Mwen ak gwo kòlè Mwen yo, epi Mwen te És 8:17kache figi M kont vil sa a, akoz tout mechanste yo, ‘gade byen, Mwen va mennen kote li lasante ak gerizon, e Mwen va geri yo. Epi Mwen va montre yo És 66:12lapè ak verite an abondans. Mwen va restore bonè a Juda ak bonè a Israël, e Mwen va És 1:26rebati yo jan yo te ye o kòmansman an. Mwen va Sòm 51:2netwaye yo de tout inikite avèk sila yo te peche kont Mwen yo. Mwen va padone tout inikite pa sila yo te peche kont Mwen yo e pa sila yo te fè transgresyon kont Mwen yo. Vil sa va pou Mwen yon non lajwa, lwanj ak laglwa devan Jr 3:17-19tout nasyon latè yo, ki va tande afè tout byen ke M fè pou yo. Yo va gen lakrent e tranble akoz tout byen ak tout lapè ke M fè pou li.’ ”
10 Konsa pale SENYÈ a: “Yon fwa ankò yo va tande nan plas sa a, sou sa ou w ap di a: ‘Sa se yon Jr 32:43dezè, san moun e san bèt, sa vle di nan vil a Juda yo ak ri Jérusalem yo, ki dezole, san moun e san pèsòn ni bèt pou rete ladann,’ 11 vwa lajwa a ak vwa kè kontan, vwa a yon jennonm ki fenk marye e vwa a jenn fi maryaj la, vwa a sila k ap di yo: ‘Bay remèsiman a SENYÈ dèzame yo, paske SENYÈ a bon, paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan’; k ap pote yon ofrann remèsiman antre lakay SENYÈ a. Paske Mwen va restore bonè a peyi a jan li te ye oparavan an,” pale SENYÈ a.
12 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Va ankò gen nan plas sa a ki dezè, ki Jr 32:43san moun, ni bèt e nan tout vil li yo, yon kote pou bèje k ap okipe bann mouton yo rete. 13 Nan vil a peyi kolin yo, nan vil a ba plèn yo, nan vil a dezè yo, nan peyi Benjamin an, nan andwa a Jérusalem yo e nan vil a Juda yo, bann mouton yo va ankò Lev 27:32pase anba men a sila k ap konte yo a,” pale SENYÈ a.
14 “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “Lè Mwen va És 32:1-2akonpli bon pawòl la Mwen te pale konsènan lakay Israël la ak lakay Juda a.
15 “Nan jou sa yo e nan lè sa a,
Mwen va fè yon És 4:2Branch ladwati a David pete vin parèt.
Li va egzekite És 4:2lajistis ak ladwati sou tout latè.
16 Nan jou sa yo, Juda va vin sove
e Jérusalem va ansekirite.
Men non pa sila li va rele a:
És 45:24-25SENYÈ a se ladwati nou.”
17 “Paske, se konsa SENYÈ a pale: ‘David II Sam 7:16p ap janm manke yon nonm pou chita sou twòn lakay Israël la. 18 Konsa, Nonb 3:5-10prèt Levit yo p ap janm manke yon nonm devan Mwen, pou ofri ofrann brile, pou brile ofrann sereyal e pou prepare sakrifis yo tout tan san rete.’ ”
19 Pawòl SENYÈ a te vin kote Jérémie e te di: 20 “Konsa pale SENYÈ a: ‘Si ou ka Sòm 89:37kraze akò Mwen an pou jounen an, e akò Mwen an pou nwit lan, pou jou sa a ak nwit sa a pa rive nan lè deziye yo, 21 alò, konsa sèlman, II Sam 23:5akò Mwen an kab kraze avèk David, Sèvitè Mwen an, pou li pa gen yon fis pou renye sou twòn li an e avèk prèt Levit yo, pou ministè pa m yo. 22 Tankou lame syèl la pa ka konte e sab lanmè a pa ka mezire, konsa Mwen va miltipliye desandan a David yo, sèvitè Mwen an ak Levit ki sèvi Mwen yo.’ ”
23 Epi pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie. Li te di: 24 “Pa okipe bagay pèp sa a te pale, lè yo di: És 7:17 ‘De fanmi ke SENYÈ a te chwazi yo, Li te fin rejte yo’? Konsa, yo meprize pèp Mwen an; yo pa menm ankò tankou yon nasyon nan zye yo. 25 Konsa pale SENYÈ a: ‘Si Jen 8:22 akò Mwen an pou lajounen ak lannwit pa kanpe, epi aranjman ki òdone nan syèl yo pa t fèt pa Mwen menm, 26 alò, sèl konsa, Mwen ta rejte desandan a Jacob yo ak David, sèvitè Mwen an e pa chwazi pami desandan li yo Jen 49:10chèf sou desandan a Abraham, Issac ak Jacob yo. Men Mwen va restore bonè pa yo, e Mwen va genyen mizerikòd pou yo.’ ”

33:1 Jr 32:2-8

33:2 Jr 51:19

33:3 Sòm 50:15

33:4 Jr 32:24

33:5 És 8:17

33:6 És 66:12

33:7 És 1:26

33:8 Sòm 51:2

33:9 Jr 3:17-19

33:10 Jr 32:43

33:12 Jr 32:43

33:13 Lev 27:32

33:14 És 32:1-2

33:15 És 4:2

33:15 És 4:2

33:16 És 45:24-25

33:17 II Sam 7:16

33:18 Nonb 3:5-10

33:20 Sòm 89:37

33:21 II Sam 23:5

33:24 És 7:17

33:25 Jen 8:22

33:26 Jen 49:10