2
Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon Moab yo, menm kat;
mwen p ap retire pinisyon an,
akoz li te II Wa 3:26,27brile zo a wa Édom nan
pou l fè lacho.
Pou sa, Mwen va voye dife sou Moab e
li va devore sitadèl Jr 48:24,41Kérijoth yo;
epi Moab va mouri nan mitan gwo zen,
kri lagè ak son a twonpèt.
Anplis, Mwen va koupe retire Sòm 2:10jij la
nan mitan yo,
e touye tout prens li yo avèk li,”
di SENYÈ a.
Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon a Juda yo, menm kat,
mwen p ap retire pinisyon an; akoz yo te
Jij 2:17-20 rejte lalwa SENYÈ a e yo
pa t kenbe règleman Li yo; És 9:15,16manti yo
te koz yo vin egare,
dèyè sila menm papa zansèt yo
te mache.
Pou sa, Mwen va voye dife sou Juda e
li va devore palè a Jérusalem yo.” Jr 17:27
Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon a Israël yo, menm kat,
mwen p ap retire pinisyon an; akoz yo te Jl 3:3vann
sila ki dwat yo pou lajan e malere yo
pou achte de grenn sapat.
Sila yo k ap rale souf anlè dèyè pousyè
tè menm sou tèt a sila ki Am 8:4san sekou yo e ki
detounen chemen a sila ki enb yo;
yon gason ak papa li antre nan menm fanm nan
pou yo ka pwofane non sen Mwen an.
Sila ki te konn lonje kò yo bò kote tout lotèl
sou vètman Egz 22:26ki te pran kon garanti yo e nan kay Bondye yo a,
yo bwè diven sila ki te peye kon amann yo.
Malgre sa, se te Mwen menm ki te detwi Nonb 21:23-25 Amoreyen yo
devan yo,
malgre Nonb 13:32wotè yo te tankou wotè a pye palmis e yo te
gen fòs tankou bwadchenn;
mwen te detwi ni fwi yo pa anlè, ni rasin yo pa anba.
 
10 “Se te Mwen menm ki te mennen nou monte soti
peyi Égypte
e mwen te mennen nou nan dezè a pandan
Det 2:7karantan,
pou nou ta ka posede peyi Egz 3:8 Amoreyen yo.
11 Epi Mwen te Det 18:18 fè leve kèk nan fis nou yo
kon pwofèt e kèk nan jennonm nou yo
kon Nonb 6:2,3Nazareyen.
Èske se pa sa, fis Israël yo?” di SENYÈ a.
12 Men, nou te fè Nazareyen yo bwè divin
e nou te kòmande pwofèt yo e te di yo:
És 30:10 “pa pwofetize!”
13 Gade byen, Mwen És 1:14va peze nou anba chaj
kon kabwa chaje lè l plen chaj pakèt sereyal.
14  És 30:16,17Kouri kite p ap posib menm pou sila ki pi rapid la;
Sila ki dyanm lan p ap ka ranfòse fòs li,
ni sila ki pwisan an p ap ka delivre tèt li.
15 Ni sila ki konn Jr 51:56 manyen banza byen an p ap ka kanpe,
sila ki rapid a pye a p ap ka delivre tèt li,
ni sila ki konn monte És 31:3cheval la
p ap ka delivre tèt li.
16 Menm pi brav pami gèrye yo va Jij 4:17chape poul yo
toutouni nan jou sa a”,
di SENYÈ a.

2:1 II Wa 3:26,27

2:2 Jr 48:24,41

2:3 Sòm 2:10

2:4 Jij 2:17-20

2:4 És 9:15,16

2:5 Jr 17:27

2:6 Jl 3:3

2:7 Am 8:4

2:8 Egz 22:26

2:9 Nonb 21:23-25

2:9 Nonb 13:32

2:10 Det 2:7

2:10 Egz 3:8

2:11 Det 18:18

2:11 Nonb 6:2,3

2:12 És 30:10

2:13 És 1:14

2:14 És 30:16,17

2:15 Jr 51:56

2:15 És 31:3

2:16 Jij 4:17