14
Answit, mwen te gade! Vwala, Jèn Mouton an te kanpe sou Mòn Sion. Ansanm avèk li, te gen san-karant-kat-mil, ki pote Rev 3:2non L ak non a Papa Li, ekri sou fon yo.
Mwen te tande yon son soti nan syèl la, tankou Rev 1:15son anpil dlo ak son a gwo kout tonnè. Vwa ke m tande a te tankou sila k ap jwe ap yo. Epi yo te chante Rev 5:9yon chan tounèf devan twòn nan, devan kat kreyati vivan yo ak ansyen yo. E pèsòn pa t kapab aprann chan an, eksepte Rev 7:4 san-karant-kat-mil ki te achte, soti sou tè a. Sa yo se sila ki pa t souye pa fanm yo, paske se vyèj yo ye. Sa yo se sila ki swiv Jèn Mouton an tout kote Li ale. Sa yo te achte pami lòm kòm premye fwi pou Bondye, e pou Jèn Mouton an. Epi Sòm 2:2manti pa t twouve nan bouch yo; yo te san repwòch.
Epi mwen te wè yon lòt zanj ki t ap vole nan mitan syèl la, avèk yon I Pi 1:25levanjil etènèl pou preche a sila ki viv sou latè yo, a tout nasyon, tribi, langaj, ak pèp.
Konsa, li te di avèk yon vwa fò: Rev 15:4“Gen lakrent pou Bondye, e ba Li glwa, paske lè jijman Li an gen tan vini. Adore Sila ki te fè syèl la, tè a, lanmè a, ak sous dlo yo.”
Yon lòt zanj, yon dezyèm, te swiv, e t ap di: És 21:9“Tonbe, tonbe, gran Babylone nan, Sila ki te Jr 51:7fè tout nasyon yo bwè diven pasyon imoralite li a.”
Answit, yon lòt zanj, yon twazyèm, te swiv yo e t ap di avèk yon vwa ki fò: “Si yon moun Rev 13:12adore bèt la avèk limaj li a, e resevwa yon mak sou fon li oubyen sou men l, 10 li osi va bwè nan És 51:17diven kòlè Bondye a, ki melanje nèt nan Sòm 75:8tas kòlè Li a. Konsa, li va toumante avèk dife ak souf nan prezans a zanj sen yo, ak nan prezans a Jèn Mouton an. 11  És 34:8-10Lafimen toumant yo ap monte pou tout tan e pou tout tan. Yo p ap gen repo ni lajounen ni lannwit, sila yo ki adore bèt la avèk imaj li a, ak nenpòt moun ki resevwa Rev 13:17mak non li an.
12 Men isit, Rev 13:10pèseverans a sen ki Rev 12:17kenbe kòmandman Bondye yo avèk lafwa yo nan Jésus.
13 “Mwen te tande yon vwa ki sòti nan syèl la ki t ap di: “Ekri, ‘Beni se mò ki I Tes 4:16mouri nan Senyè a depi koulye a!’ ”:
“Wi”, di Lespri a, “pou yo kapab Eb 4:9repoze de travay yo, paske zèv pa yo ap swiv yo.”
14 Answit, mwen te gade, e vwala, yon nwaj blan, epi chita sou nwaj la, se yon moun Dan 7:13tankou yon fis a Lòm, avèk yon kouwòn an lò sou tèt li ak yon kouto digo byen file nan men li.
15 Konsa, yon lòt zanj te vini sòti nan tanp lan, e t ap kriye nan yon vwa fò a Sila ki te chita sou nwaj la: Jl 3:13“Mete kouto digo a ladann pou rekòlte, paske lè rekòlt la rive. Mat 13:39-41Mwason latè a mi.”
16 Answit, Sila ki te chita sou nwaj la te voye kouto digo a sou sifas tè a, epi tè a te rekòlte.
17 Yon lòt zanj Rev 11:19te sòti nan tanp ki nan syèl la, e li menm tou te gen yon kouto digo byen file.
18 Konsa, yon lòt zanj ankò, sila ki gen pouvwa sou dife a, te sòti nan Rev 6:9lotèl la. Li te rele avèk yon vwa fò a sila ki te gen kouto digo file a. Li te di: “Mete kouto digo file ou ladann. Ranmase grap sou pye rezen latè yo, paske fwi li yo mi.”
19 Zanj lan te voye kouto digo li a sou tè a. Li te ranmase grap sou pye rezen tè yo, e te jete yo nan És 63:2gwo pèz diven kòlè Bondye a. 20 Konsa, És 63:3basen pèz diven an te foule anba pye deyò vil la, e san te sòti nan pèz diven an, rive nan brid cheval la pou yon distans de twa-san kilomèt.

14:1 Rev 3:2

14:2 Rev 1:15

14:3 Rev 5:9

14:3 Rev 7:4

14:5 Sòm 2:2

14:6 I Pi 1:25

14:7 Rev 15:4

14:8 És 21:9

14:8 Jr 51:7

14:9 Rev 13:12

14:10 És 51:17

14:10 Sòm 75:8

14:11 És 34:8-10

14:11 Rev 13:17

14:12 Rev 13:10

14:12 Rev 12:17

14:13 I Tes 4:16

14:13 Eb 4:9

14:14 Dan 7:13

14:15 Jl 3:13

14:15 Mat 13:39-41

14:17 Rev 11:19

14:18 Rev 6:9

14:19 És 63:2

14:20 És 63:3