21
Pwofesi konsènan dezè lanmè a.
Kon tanpèt van nan dezè a kontinye ravaje, sa sòti nan dezè a, de yon peyi etonnan. Yon vizyon tèlman rèd devwale devan m. És 24:16 Moun nan ki trèt la, fè trèt toujou, e sila k ap detwi a, detwi toujou. Monte Élam, fè syèj! Mwen te fè tout plenyen Médie sispann. Pou rezon sa a, És 13:8 kwis mwen plen doulè. Gwo lapèn sezi mwen tankou doulè a fanm ansent. Mwen tèlman twouble ke m pa ka tande. Mwen tèlman pè ke m pa ka wè. Panse mwen ap vire tounen. Gwo efryans plen tèt mwen. Ti limyè aswè a ke m te anvi wè a, koulye a vin Det 28:67fè m tranble. Yo Jr 51:39-57prepare tab la, yo plase watchman nan, yo manje, yo bwè. Leve, o kapitèn yo, mete lwil sou boukliye yo! Paske konsa SENYÈ a pale avèk mwen: “Ale pozisyone gadyen an; kite li II Wa 9:17-20bay rapò a sa li wè a. Lè l wè sila ki És 21:9monte cheval yo, chevalye aliye pa de yo, yon lign bourik yo, yon lign chamo yo, kite li veye ak atansyon, veye byen pre.” Gadyen nan rele kon yon lyon: Ag 2:1“O SENYÈ, mwen kanpe tout jou yo san deplase sou wo tou la! Nan lanwit sou pòs gad la! Atansyon! Veye byen! Men yon ekip moun monte, chevalye alinye pa de yo ap vini.” Li te reponn: “Tonbe, Babylone fin tonbe! Tout És 46:1 imaj a dye li yo kraze atè.”
10 O Jr 51:33moun pa m ke yo fin bat nèt kon sereyal! Sa ke m te tande soti nan SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, sa mwen fè nou konnen. 11 Pwofesi konsènan Edom an.
Gen yon moun ki toujou ap rele m depi nan Jen 32:3Séir: “Gadyen, kijan nwit lan ap avanse? Gadyen, kijan nwit lan ap avanse?” 12 Gadyen an reponn: “Maten an vin pwoche; men osi anplis, nwit lan. Si ou ta vle fè ankèt, fè ankèt. Retounen ankò.”
13 Pwofesi konsènan Arabie a.
Fòk nou pase nwit lan nan rakbwa pikan Arabie yo, O karavàn a Jen 10:7 Dedan yo. 14 Pote dlo pou moun swaf yo, O moun ki rete nan peyi Jen 25:15Théma yo; rankontre ak sila k ap sove ale ak pen an. 15 Paske yo te És 13:14-15sove ale chape devan nepe yo, devan nepe ki rale yo, banza ki koube a ak presyon batay la. 16 Paske konsa SENYÈ a te di mwen: “Nan yon ane, jan yon anplwaye ta kab konwole li, tout grandè a Sòm 120:5 Kédar va fini; 17 epi És 10:19retay sòlda banza yo, mesye pwisan a, fis a Kédar yo, va vin yon tikras; paske SENYÈ a, Bondye Israël la, te pale.”

21:2 És 24:16

21:3 És 13:8

21:4 Det 28:67

21:5 Jr 51:39-57

21:6 II Wa 9:17-20

21:7 És 21:9

21:8 Ag 2:1

21:9 És 46:1

21:10 Jr 51:33

21:11 Jen 32:3

21:13 Jen 10:7

21:14 Jen 25:15

21:15 És 13:14-15

21:16 Sòm 120:5

21:17 És 10:19