2
1 Nan vente-yinyèm jou nan setyèm mwa a, pawòl SENYÈ a te vin kote ✡ Ag 1:11 Aggée, pwofèt la e te di: 2 “Pale koulye a a Zorobabel, fis a Schealthiel la, gouvènè a Juda a, a Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la e a ✡ Ag 1:12 retay a pèp la e di: 3 ‘Se kilès ki rete pami nou ki te wè tanp sa a lontan nan tout glwa li? Se kijan nou wè li koulye a? Èske li pa vin pa sanble anyen nan zye nou?✡ Esd 3:12 4 Men koulye a ✡ Det 31:23 se pou ou vin dyanm, Zorobabel,’ deklare SENYÈ a: ‘Se pou ou vin dyanm, ou menm tou, Josué, fis a Jotsadak la, wo prèt la e tout pèp peyi a, se pou nou vin dyanm,’ deklare SENYÈ a: ‘Epi travay; paske ✡ II Sam 5:10 Mwen avèk nou,’ deklare SENYÈ dèzame yo. 5 Selon ✡ Egz 19:4-6 pwomès ke M te fè nou an depi lè nou te sòti nan peyi Égypte la, Lespri M ap demere pami nou; ‘Pa pè anyen!’ 6 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo: ✡ Eb 12:26 ‘Yon fwa ankò ✡ És 10:25 nan yon ti tan, Mwen va souke syèl yo, tè a, lanmè a ak tè sèch la. 7 Mwen va souke ✡ Dan 2:44 tout nasyon yo; epi tout ak ✡ És 60:4-9 gwo richès a tout nasyon yo va vini e Mwen va plen kay sa a ak laglwa,’ pale SENYÈ dèzame yo. 8 ✡ I Kwo 29:14-16 ‘Ajan se pa M e lò se pa M’, deklare SENYÈ dèzame yo. 9 ‘Denyè ✡ Za 2:5 glwa kay sa a va pi gran ke ansyen an,’ pale SENYÈ dèzame yo: ‘Epi nan plas sa a, Mwen va bay ✡ És 9:6,7 Lapè’, deklare SENYÈ dèzame yo.”
10 Nan ✡ Ag 2:20 venn-kat nan nevyèm mwa a, nan dezyèm ane Darius la, pawòl SENYÈ a te vini a Aggée, pwofèt la e te di: 11 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Kounye a ✡ Det 17:8-11 mande prèt yo konsènan Lalwa a e di: 12 Si yon nonm pote ✡ Egz 29:37 vyann sakre vlope nan ke wòb li e avèk ke wòb li, li touche pen, manje kwit, diven, lwil, oswa nenpòt lòt manje, èske sa ki touche pa li menm va vin sakre?’ ”
Prèt yo te reponn: “Non”.
13 Epi Aggée te di: ✡ Lev 22:4-6 “Si yon moun ki pa pwòp akoz yon kadav ta touche nenpòt bagay nan sa yo, èske li p ap pwòp?”
Prèt yo te reponn: “Li va vin pa pwòp.”
14 Epi Aggée te di: ✡ Pwov 15:8 “ ‘Se konsa pèp sa a ye. Epi se konsa nasyon sa a ye devan Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘Anplis, se konsa tout zèv men yo ak sa ke yo ofri la yo vin pa pwòp. 15 Alò, koulye a, m ap priye nou ✡ Ag 1:5,7 byen konsidere sa soti nan jou sa a ale dèyè nèt: avan yon sèl wòch te plase sou yon wòch sou tanp SENYÈ a 16 Depi lè sa a, lè yon moun te rive sou yon pil sereyal ak ven mezi, te gen sèlman dis; epi lè yon moun te rive sou yon bokit diven, pou rale retire senkant mezi, te gen sèlman ven. 17 Tout zèv ki te fèt ak men nou yo, Mwen te frape ak ✡ Det 28:22 destriksyon, lakanni, ak lagrèl; malgre sa, nou pa t retounen vin jwenn Mwen,’ deklare SENYÈ a. 18 ✡ Det 32:29 ‘Byen konsidere sa, m ap priye nou, soti nan jou sa a ale dèyè nèt, soti nan venn-katriyèm jou nan nevyèm mwa a; depi jou lè tanp SENYÈ a te ✡ Esd 5:1,2 fonde a, konsidere sa: 19 Èske semans lan toujou nan depo a? Menm pye rezen an, pye fig etranje a, pye grenad ak bwa doliv la, pa reyisi pote anyen. Malgre sa, soti nan jou sila a, Mwen va ✡ Sòm 128:1-6 beni nou.’ ”
20 Epi pawòl SENYÈ a te vini yon dezyèm fwa a Aggée nan ✡ Ag 2:10 venn-katriyèm jou nan mwa a e te di: 21 “Pale ak Zorobabel, gouvènè a Juda a e di: ‘Mwen va ✡ Ag 2:6 souke syèl yo ak tè a. 22 Mwen va ✡ Éz 26:16 boulvèse twòn a wayòm yo e detwi ✡ Mi 7:16 pouvwa wayòm a nasyon yo; Epi Mwen va boulvèse cha lagè yo ansanm ak sila k ap kondwi cha yo; cheval yo ak chevalye yo va vin desann, yo tout pa epe a frè yo.’ 23 ‘Nan jou sa a,’ deklare SENYÈ dèzame yo: “Mwen va pran ou, Zorobabel, fis a Schealthiel la, sèvitè Mwen an,’ deklare SENYÈ a. ‘Epi Mwen va fè ou vin tankou yon ✡ Kan 8:6 bag so, paske ✡ És 42:1 Mwen te chwazi ou,’ deklare SENYÈ dèzame yo.”