3
Alò, lè Né 7:73 setyèm mwa a te fin rive e fis Israël yo te nan vil yo, pèp la, kon yon sèl moun, te reyini ansanm Jérusalem. Konsa, Né 12:1-8 Josué, fis a Jotsadak la avèk frè li yo, prèt yo e Zorobabel, fis a Schealthiel la avèk frè li yo, te leve e te bati lotèl Bondye Israël la pou ofri ofrann brile sou li, kon sa ekri nan lalwa Moïse la, nonm Bondye a. Pou sa, yo te mete lotèl la sou fondasyon li, malgre Esd 4:4 yo te krent anpil akoz pèp a nasyon yo, epi yo te ofri ofrann brile yo sou li a SENYÈ a, ofrann brile nan maten ak nan aswè. Yo te selebre Fèt Tonèl yo kon sa ekri a, e te fè fòs kantite ofrann brile ki te etabli chak jou yo, selon obligasyon chak jou ke òdonans lan egzije yo; epi apre, te genyen Egz 29:38 yon ofrann brile san rete. Anplis, pou nouvèl lin e pou tout fèt SENYÈ a ki te òdone e konsakre yo, e soti nan tout moun ki te ofri yon ofrann bòn volonte a SENYÈ a. Soti nan premye jou nan setyèm mwa a, yo te kòmanse ofri ofrann brile a SENYÈ a, men fondasyon tanp lan potko poze. Yo te vèse bay lajan a mason yo avèk chapant yo avèk manje, bagay pou bwè, lwil pou Sidonyen avèk Tiryen yo II Kwo 2:16 pou pote bwa sèd sòti Liban pou rive nan lanmè Trav 9:36Japho a, selon pèmisyon ke yo te resevwa soti nan Cyrus, wa Perse la.
Alò, nan dezyèm ane a, depi yo te rive lakay Bondye Jérusalem nan dezyèm mwa a, Zorobabel, fis a Schealthiel la avèk Josué, fis a Jotsadak la avèk tout lòt frè pa yo, prèt yo avèk Levit yo e tout moun ki te vini soti an kaptivite pou rive Jérusalem, te kòmanse èv la e te I Kwo 23:4-24 apwente Levit yo ak laj a ventan oswa plis pou sipèvize travay lakay SENYÈ a. Konsa, Esd 2:40 Josué avèk fis li yo ak frè li yo te kanpe ansanm avèk Kadmiel ak fis pa li yo, fis a Juda yo, fis a Hénadad yo avèk fis pa yo ak frè yo, Levit yo, pou sipèvize ouvriye nan tanp Bondye a.
10 Alò, lè ouvriye yo te Za 4:6-10 fin poze fondasyon tanp SENYÈ a, prèt yo te kanpe ak vètman pa yo avèk twonpèt yo, e Levit yo, fis a Asaph yo, avèk senbal yo, pou louwe SENYÈ a selon enstriksyon a Wa David de Israël la. 11 Yo te chante, te fè lwanj e te bay remèsiman a SENYÈ a. Yo te di: Sòm 100:5 “Li bon, Paske lanmou dous Li sou Israël jis pou tout tan.” Epi tout pèp la te leve yon gran kri anlè lè yo te louwe SENYÈ a, akoz fondasyon lakay SENYÈ a te fin poze.
12 Men anpil nan prèt yo avèk Levit yo avèk chèf lakay zansèt yo, Ag 2:3 ansyen granmoun ki te konn wè premye tanp lan, te kriye avèk yon gran vwa lè fondasyon a kay sila a te poze devan zye yo. Anpil nan yo te rele fò avèk jwa, 13 jiskaske pèp la pa t kab distenge antre son lajwa ak son kriye a pèp la, paske pèp la te rele ak gran vwa e son lan te koute soti byen lwen.

3:1 Né 7:73

3:2 Né 12:1-8

3:3 Esd 4:4

3:5 Egz 29:38

3:7 II Kwo 2:16

3:7 Trav 9:36

3:8 I Kwo 23:4-24

3:9 Esd 2:40

3:10 Za 4:6-10

3:11 Sòm 100:5

3:12 Ag 2:3