5
Alò pwofèt yo, pwofèt Ag 1:1 Agée avèk pwofèt Za 1:1Zacharie, fis a Iddo a, te pwofetize a Jwif ki te Juda avèk Jérusalem. Yo te pwofetize nan non Bondye Israël la. Konsa, Zorobabel fis a Schealthiel la avèk Josué te leve, e te kòmanse rebati lakay Bondye ki Jérusalem nan, ansanm ak Esd 6:14pwofèt Bondye yo ki te avèk yo pou bay yo soutyen.
Nan lè Esd 6:6-13 Thathnaï, gouvènè pwovens lòtbò Rivyè a e Schethar-Boznaï avèk kolèg parèy a yo, te vin kote yo, e te pale avèk yo konsa: Esd 1:3 “Se kilès ki te bay ou dekrè pou fin fè tanp sila a, e pou fin fè konstriksyon sila a?” Esd 5:10 Anplis, yo te mande non a mesye yo ki t ap fè batisman sila a. Men Esd 7:6-28 zye a Bondye pa yo te veye sou ansyen nan Jwif yo, e yo pa t fè yo sispann jiskaske yon rapò te sòti nan Darius, wa Perse la.
Kopi a lèt ke Thathnaï, gouvènè lòtbò rivyè a, e Schethar-Boznaï avèk kolèg Arpacschad yo Esd 4:9 ki te lòtbò rivyè a, ke yo te voye a Darius, wa a. Yo te voye bay li yon rapò, e ladann, te ekri sa:
 
A Darius, wa a; lapè avèk ou!
Kite li rekonèt a wa a ke nou te ale nan pwovens a Juda a, vè kay a gran Bondye a, ki ap bati avèk wòch ki gwo, e travès yo ap poze nan mi li yo. Travay sila a ap avanse avèk gwo swen e ap byen reyisi nan men yo. Konsa, nou te kesyonen ansyen sila yo epi te mande yo konsa: “Kilès ki te bay ou dekrè pou rebati tanp sa a, e fini avèk konstriksyon sa a?” 10 Anplis, nou te mande yo non yo pou nou ta kab fè ou konnen e ke nou ta kapab ekri non a mesye ki te chèf an tèt yo. 11 Se konsa yo te reponn nou. Yo te di: “Nou se sèvitè a Bondye syèl la avèk tè a, e n ap rebati tanp ki te bati anpil ane pase yo, I Wa 6:1-38 ke yon gran wa Israël te bati, e te fin acheve. 12 Men akoz papa pa nou yo te pwovoke Bondye syèl la a lakòlè, II Wa 25:8-11 Li te livre yo nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan, Kaldeyen ki te detwi tanp sila a, e te mennen fè sòti tout pèp la jis rive Babylone. 13 Sepandan, nan premye ane Cyrus la, wa Babylone nan, Wa Cyrus te Esd 1:1-4 pibliye yon dekrè pou rebati kay Bondye sila a. 14 Anplis, Esd 1:7 zouti an ajan avèk lò lakay Bondye ke Nebucadnetsar te retire soti nan tanp Jérusalem nan pou te pote yo nan tanp Babylone nan. Menm sila yo, Cyrus te pran soti nan tanp Babylone nan, e yo te bay a yon nonm ki te rele Sheshbatsar, sila li te chwazi kon gouvènè a. 15 Li te di li: ‘Pran zouti sila yo, ale depoze yo nan tanp Jérusalem nan, e kite kay Bondye a vin rebati nan plas li.’ 16 Epi Sheshbatsar sila a te vin Esd 3:8-10poze fondasyon kay Bondye a Jérusalem. Epi depi lè sa a, jis rive koulye a, li te anba konstriksyon men li poko fini.
17 Alò, si sa ta fè wa a kontan, Esd 6:1-2 kite yon rechèch fèt lakay trezorye wa a ki Babylone nan, ke si se konsa, yon dekrè te fèt pa Cyrus pou rebati kay Bondye sila a Jérusalem. Epi konsa, kite wa a voye bannou desizyon pa li sou ka sa a.”

5:1 Ag 1:1

5:1 Za 1:1

5:2 Esd 6:14

5:3 Esd 6:6-13

5:3 Esd 1:3

5:4 Esd 5:10

5:5 Esd 7:6-28

5:6 Esd 4:9

5:11 I Wa 6:1-38

5:12 II Wa 25:8-11

5:13 Esd 1:1-4

5:14 Esd 1:7

5:16 Esd 3:8-10

5:17 Esd 6:1-2