75
Pou direktè koral la; pou jwe a melodi “Pa Detwi”
Yon Sòm Asaph, yon Chanson
Nou bay remèsiman a Ou menm, O Bondye,
Nou bay remèsiman, paske Non Ou toupre.
Moun yo fè deklarasyon Sòm 26:7zèv mèvèy Ou yo.
 
“Lè Mwen menm fikse yon tan ki apwente,
Mwen va Sòm 9:8jije avèk jistis.
Latè avèk tout sa ki ladann souke.
Se Mwen menm ki kenbe pilye li yo.”
Tan
Mwen te di a awogan yo: “Pa vin ògeye!”
A mechan an: Za 1:21 “Pa leve kòn nan.
Pa leve kòn ou anwo.
I Sam 2:3 Pa pale kou rèd avèk ògèy ensolan.”
Paske ni sòti nan lès, ni nan lwès,
ni bò kote Sòm 3:3 dezè a,
kab gen fòs pou leve moun anwo;
Men Bondye se jij la.
Li Sòm 50:6 fè yon moun desann,
e li leve yon lòt fè l wo.
Paske gen yon tas nan men SENYÈ a,
e diven an ap kimen.
Li byen mele e Bondye vide fè l sòti ladann.
Anverite, Ab 16 tout mechan yo oblije bwè l jis rive nan dènye ti gout li.
 
Men pou mwen, mwen va Sòm 22:22 deklare sa, jis pou tout tan.
Mwen va chante lwanj a Bondye Jacob la.
10 Tout kòn a mechan yo, Mwen va koupe fè yo sòti nèt.
Men I Sam 2:1 kòn a moun ladwati yo va leve wo.

75:1 Sòm 26:7

75:2 Sòm 9:8

75:4 Za 1:21

75:5 I Sam 2:3

75:6 Sòm 3:3

75:7 Sòm 50:6

75:8 Ab 16

75:9 Sòm 22:22

75:10 I Sam 2:1