16
Nan di-setyèm ane a Pékach la, fis a Remalia a, II Kwo 28:1Achaz, fis a Jotham nan, wa Juda a, te devni wa. Achaz te gen ventan lè li te devni wa a e li te renye sèzan nan Jérusalem. Li pa t fè sa ki bon nan zye a SENYÈ a, jan David te konn fè a. Men li te mache nan chemen wa Israël yo e li Lev 18:21 menm te fè fis li pase nan dife, tankou abominasyon a nasyon ke SENYÈ a te chase mete deyò devan fis Israël yo. Li te fè sakrifis e Det 12:2li te brile lansan sou wo plas yo ak sou ti mòn anba chak pyebwa vèt yo.
Alò, És 7:1Retsin, wa Syrie a avèk Pékach, fis a Remalia a, wa Israël la, te monte Jérusalem pou fè lagè; epi yo te fè syèj Achaz; II Kwo 28:5,6men, yo pa t kab venk li. Nan tan sa a Retsin, wa Syrie a, te reprann I Wa 14:22Élath pou Syrie e li te netwaye retire Jideyen yo nèt nan Élath. Epi Siryen yo te vini Élath e yo rete la jis rive jodi a. II Kwo 28:18Konsa, Achaz te voye mesaje yo kote Tiglath-Piléser, wa Assyrie a, e te di: “Mwen se sèvitè ou ak fis ou; vin delivre mwen soti nan men a wa Syrie a, avèk men a wa Israël la k ap fè soulèvman kont mwen.” II Wa 12:17-18Achaz te pran ajan avèk lò ki te twouve lakay SENYÈ a ak nan kès lakay wa a pou te voye yon kado bay wa Assyrie a. Konsa, wa Assyrie a te koute li; epi wa Assyrie a te monte kont Damas pou te kaptire li, li te pote pèp li a deyò an egzil nan És 22:6Kir e li te mete Retsin a lanmò.
10 Alò, Wa Achaz te ale kote Damas pou rankontre Tiglath-Piléser, wa Assyrie a e li te wè lotèl ki te Damas la; epi Wa Achaz te voye bay És 8:2Urie, prèt la, plan lotèl la avèk yon modèl li, selon tout mendèv pa li. 11 Konsa, Urie, prèt la te bati yon lotèl; selon tout sa ke Wa Achaz te voye soti Damas e konsa Urie, prèt la, te fè li, avan wa Achaz te vini soti Damas. 12 Lè wa a te antre sòti Damas, wa a te wè lotèl la; alò, II Kwo 26:16-19wa a te pwoche lotèl la e te monte kote li, 13 epi li te brile ofrann brile li a avèk ofrann sereyal la, li te vide ofrann bwason li an e li te flite san a ofrann lapè li yo sou lotèl la. 14  Egz 27:1-2Lotèl bwonz lan, ki te devan SENYÈ a, li te mennen soti devan kay la, soti nan antre lotèl pa li a, lakay Senyè a e li te mete li sou kote nò lotèl pa li a. 15 Epi Wa Achaz te kòmande Urie, prèt la, e li te di: “Sou gran lotèl la, brile ofrann brile maten an ak ofrann sereyal aswè a; epi ofrann brile wa a avèk ofrann sereyal pa li a, avèk ofrann brile a tout pèp peyi a avèk ofrann sereyal pa yo ak ofrann bwason yo; epi flite sou li tout san a ofrann brile a e tout san a sakrifis la. Men lotèl bwonz lan va sèlman pou mwen pou m kab mande konsèy ladann. 16 Pou sa, Urie, prèt la, te fè tout bagay selon sa ke Wa Achaz te kòmande a.”
17 Alò, Wa Achaz te koupe retire arebò a baz yo e li te retire basen lave a sou yo; li te osi I Wa 7:23-25desann lanmè a soti sou bèf bwonz ki te anba li yo e li te mete li sou yon pave an wòch. 18 Li te retire osi chemen machpye Saba a ke yo te bati nan kay la e antre eksteryè a wa a, li te retire li soti lakay SENYÈ a akoz wa Assyrie a. 19 Alò, tout lòt zèv Achaz te fè yo, èske yo pa ekri II Kwo 28:26nan Liv Kwonik A Wa A Juda yo? 20 Konsa, Achaz te dòmi avèk zansèt pa li yo e li És 14:28te antere avèk zansèt pa li yo nan lavil David la. Fis li, Ézéchias, te renye nan plas li.

16:1 II Kwo 28:1

16:3 Lev 18:21

16:4 Det 12:2

16:5 És 7:1

16:5 II Kwo 28:5,6

16:6 I Wa 14:22

16:7 II Kwo 28:18

16:8 II Wa 12:17-18

16:9 És 22:6

16:10 És 8:2

16:12 II Kwo 26:16-19

16:14 Egz 27:1-2

16:17 I Wa 7:23-25

16:19 II Kwo 28:26

16:20 És 14:28