2
Li te vin rive lè SENYÈ a te prèt pou Eb 11:5ranmase Élie monte nan syèl nan yon van toubiyon, ke Élie te ale avèk I Wa 19:16-21Élisée sòti Guilgal. Epi li te rive ke Élie te di a Élisée: “Rete isit la, souple; paske SENYÈ a te voye mwen jis Béthel.”
Men Élisée te di: Rt 1:16“Jan SENYÈ a viv la e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa, yo te desann Béthel.
Alò, II Wa 4:1-38fis a pwofèt ki te Béthel yo te vin sòti kote Élisée e te di li: “Èske ou konnen ke SENYÈ a va pran mèt ou a soti anwo ou jodi a?” Konsa, li te di:
“Wi, mwen konnen. Pa pale!”
Élie te di li: “Élisée, souple, rete isit la, paske SENYÈ a te voye mwen Jos 6:26Jéricho.”
Men li te di: “Jan SENYÈ a viv la, mwen p ap kite ou”. Konsa, yo te vini Jéricho.
II Wa 2:3Fis a pwofèt ki te Jéricho yo te vin kote Élisée e te di li: “Èske ou konnen ke SENYÈ a va retire mèt ou a soti anwo ou jodi a?”
Li te reponn: “Wi, mwen konnen; pa pale.”
Konsa, Élie te di li: “Souple, rete isit la, paske SENYÈ a te voye mwen nan Jos 3:8-17Jourdain an.”
Li te reponn: “Jan Senyè a viv la e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa yo de a te avanse. Alò II Wa 2:15-16senkant mesye nan fis a pwofèt yo te ale kanpe anfas yo nan yon distans, pandan yo de a te kanpe akote Jourdain an. Élie te I Wa 19:13-19pran manto li, li te pliye li ansanm, li te frape dlo yo e yo te vin divize isit e la, jiskaske yo de a te travèse sou tè sèch. Lè yo te fin travèse, Élie te di a Élisée: “Mande sa ke m ta fè pou ou avan mwen retire m de ou.”
Konsa, Élisée te di: “Souple, kite yon Nonb 11:17-25pòsyon doub nan lespri ou a rete sou mwen.”
10 Li te di: “Ou te mande yon bagay ki difisil. Si ou Trav 1:10 wè m lè m retire kite ou, se konsa l ap ye pou ou; men si se pa sa, sa p ap fèt.”
11 Pandan yo t ap fè wout yo e t ap prale, men vwala, II Wa 6:17yon cha dife avèk cheval dife te separe yo de a. Konsa, Élie te monte nan yon toubiyon nan syèl la. 12 Élisée te wè e te kriye fò: II Wa 13:14“Papa m, papa m, cha Israël yo avèk chevalye li yo!”
Epi li pa t wè Élie ankò. Alò, li te kenbe rad li e te chire li an de bout. 13 Anplis, li te pran manto Élie ki te sòti tonbe de li, lè l t ap prale a, e li te retounen kanpe akote rebò larivyè Jourdain an. 14 Li te pran manto Élie ki te tonbe de li menm nan, e li te frape dlo yo e te di: “Kote SENYÈ a, Bondye Élie a?” Epi lè l te II Wa 2:8frape dlo a ankò, yo te divize isit e la, epi Élisée te travèse rive lòtbò.
15 Alò, II Wa 2:7lè fis a pwofèt ki te Jéricho yo te wè li, yo te di: “Lespri Élie a poze sou Élisée.” Epi yo te vin rankontre li e te bese yo menm atè devan li. 16 Yo te di li: “Men vwala, genyen avèk ou senkant sèvitè ak gwo fòs, souple, kite yo ale chache mèt ou a. Petèt I Wa 18:12lespri a SENYÈ a te pran li e te jete li sou yon mòn, oswa nan yon vale.”
Li te di: “Ou p ap voye yo.”
17 Men lè II Wa 8:11yo te bourade li jiskaske li te wont, li te di yo: “Voye yo”.
Konsa, yo te voye senkant mesye. Yo te chache pandan twa jou, men yo pa t jwenn li. 18 Yo te retounen kote li pandan li te rete Jéricho a. Li te di yo: “Èske mwen pa t di nou ‘Pa ale’?”
19 Konsa, mesye lavil yo te di a Élisée: “Gade byen koulye a, sikonstans vil sa a byen bon, jan mèt mwen konn wè a; men dlo a pa bon e tè a pa pwodwi anyen.”
20 Li te di: “Mennen ban m yon veso nèf e mete sèl ladann.” Konsa, yo te mennen ba li. 21 Li te ale nan sous dlo a. Li te jete sèl la ladann e te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mwen te pirifye dlo sa yo! P ap gen lanmò ni move tè a ankò.’ ” 22 Konsa, dlo yo rete bon jis jodi a, selon pawòl Élisée te pale a.
23 Alò, soti la, li te monte Béthel. Pandan li t ap monte nan chemen an, jenn gason yo te sòti deyò soti lavil la. Yo te II Kwo 36:16moke li e te di li: “Ale monte, tèt chòv! Ale monte, tèt chòv!” 24 Lè li te gade dèyè li pou l te wè yo, li te Né 13:25-27modi yo nan non SENYÈ a. Konsa, de lous femèl te sòti nan forè a, e te chire karann-de nan jenn gason pami yo. 25 Li te kite la pou rive I Wa 18:19-20Mòn Carmel, e soti la, li te rive Samarie.

2:1 Eb 11:5

2:1 I Wa 19:16-21

2:2 Rt 1:16

2:3 II Wa 4:1-38

2:4 Jos 6:26

2:5 II Wa 2:3

2:6 Jos 3:8-17

2:7 II Wa 2:15-16

2:8 I Wa 19:13-19

2:9 Nonb 11:17-25

2:10 Trav 1:10

2:11 II Wa 6:17

2:12 II Wa 13:14

2:14 II Wa 2:8

2:15 II Wa 2:7

2:16 I Wa 18:12

2:17 II Wa 8:11

2:23 II Kwo 36:16

2:24 Né 13:25-27

2:25 I Wa 18:19-20