20
1 Lè Paschhur, prèt la, fis a Immer a, ki te ✡ II Wa 25:18chèf ofisye lakay SENYÈ a, te tande Jérémie fè pwofesi sila yo, 2 Paschhur te fè yo ✡ I Wa 22:27bat Jérémie, pwofèt la e te mete li nan sèp ki te kote Pòtay Anwo Benjamin an, ki te akote lakay SENYÈ a. 3 Nan pwochen jou a, lè Paschhur te lage Jérémie sòti nan sèp yo, Jérémie te di li: “Paschhur se pa non ke SENYÈ a te ✡ És 8:3bay ou, men pito Magor-Missabib. 4 Paske konsa pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen va fè ou vin yon gwo laperèz pou tèt ou ak a tout zanmi ou yo; pandan zye ou toujou ap gade, yo va tonbe pa nepe lènmi pa yo. Se konsa, mwen va ✡ Jr 21:4-10livre tout Juda nan men a wa Babylone nan, li va pote yo ale tankou egzile Babylone e li va touye yo ak nepe. 5 Anplis, Mwen va livre tout richès vil sa a, tout pwodwi li yo ak tout bagay koute chè li yo; menm tout trezò a wa a Juda yo, mwen va livre yo nan ✡ II Wa 20:17-18men a lènmi yo, yo va piyaje yo, pote yo ale e pote yo Babylone. 6 Epi ou menm, Paschhur, ou menm ak tout sila ki rete lakay ou yo, va ale an kaptivite; ou va antre Babylone, ou va mouri la e la, ou va antere, ou menm avèk tout ✡ Jr 20:4zanmi ou yo a sila ou te bay fo pwofesi yo.’ ”
7 O SENYÈ, Ou te twonpe mwen e mwen te vin twonpe;
Ou te venk mwen e Ou te enpoze Ou.
Mwen te vin yon ✡ Job 12:4gwo blag tout lajounen;
se tout moun k ap moke mwen.
8 Paske chak fwa ke m pale, mwen kriye fò;
mwen pwoklame vyolans ak destriksyon;
paske pou mwen, ✡ II Kwo 36:16pawòl SENYÈ a te fè m resevwa repwòch
ak pase nan rizib tout lajounen.
9 Men si mwen di: “Mwen p ap sonje Li ankò, ni pale ankò
nan non Li”.
Alò, anndan kè mwen vin ✡ Éz 3:14kon yon dife k ap brile
ki fèmen nan zo mwen.
Mwen bouke kenbe l anndan mwen e mwen vin pa ka sipòte l.
10 Paske mwen tande ti pawòl nan zòrèy a anpil moun:
“Danje, danje toupatou! Denonse! Wi, annou denonse li!”
Tout zanmi m ke m kon fè konfyans yo, k ap tann pou yo wè
lè mwen tonbe, ap di:
“Petèt li va vin twonpe li, pou nou ka vin enpoze nou
kont li e pran vanjans sou li.”
11 Men ✡ Jr 1:8SENYÈ a avè m kon yon ewo fewòs;
akoz sa, pèsekitè mwen yo va tonbe vin fè bak.
Yo p ap reyisi; yo va wont nèt akoz yo fè fayit,
ak yon wont ki p ap janm pase, ki p ap janm bliye.
12 Sepandan, O SENYÈ dèzame yo, Ou menm ki ✡ Sòm 7:9sonde
moun dwat yo,
ki wè panse ak kè a;
kite mwen wè vanjans Ou sou yo;
paske a Ou menm, mwen te konfye ka m nan.
13 Chante a SENYÈ a, louwe SENYÈ a! Paske Li te
✡ Sòm 34:6delivre nanm a malere a soti nan men a malfektè yo.
14 Kite ✡ Job 3:3-6jou ke mwen te fèt la modi;
kite jou ke manman m te akouche m nan vin pa beni!
15 Kite nonm ki te mennen nouvèl kote papa m nan
e ki te di a: “Yon ✡ Jen 21:6-7tigason te fèt a ou menm,”
e ki te fè l byen kontan an, vin modi.
16 Men kite nonm sa a vin kon gwo vil ke SENYÈ a
te ✡ Jen 19:25kraze nèt san pitye a
e kite li tande gwo kri nan granmmaten ak kri: “Anmwey” a midi;
17 Akoz li pa t ✡ Job 3:10-16touye m avan mwen te fèt,
pou manman m ta ka sèvi kon tonbo a
e vant li rete ansent pou tout tan.
18 Poukisa mwen te janm sòti nan vant, pou m ta
✡ Job 3:20gade twoub ak tristès, pou jou m yo ta pase nan wont?