19
Konsa pale SENYÈ a: “Ale achte yon po kanari nan men mèt krich la. Pran kèk nan Nonb 11:16ansyen a pèp yo, ak kèk nan prèt prensipal yo. Konsa, ale deyò nan Jos 15:8vale Ben-Hinnom nan, ki akote antre pòtay kanari kraze a, e la pwoklame pawòl ke M pale ou yo. Di: ‘Tande pawòl SENYÈ a, O wa Juda yo ak moun ki rete Jérusalem yo: konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen prèt pou mennen gwo malè sou plas sa a, k ap fè I Sam 3:11zòrèy a tout moun ki tande yo vin toudi. Akoz yo te abandone Mwen, yo te Éz 7:22fè plas sa a vin pa pwòp, e yo te brile sakrifis nan li bay lòt dye, ke ni yo menm, ni papa zansèt yo, ni wa a Juda yo pa t janm konnen—epi akoz yo te plen plas sa a ak san a inosan yo, akoz yo te bati Nonb 22:41wo plas a Baal yo pou brile pwòp fis pa yo nan dife kon ofrann brile a Baal yo, yon bagay ke Mwen pa t janm kòmande, ni pale, ni li pa t janm antre nan tèt Mwen.’ Akoz tout sa a, gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a: “pou plas sa a pa rele És 30:33‘Topheth’ ankò, oswa ‘Vale Ben-Hinnom’ nan; men pito, ‘Vale a Gwo Masak’ la.
“ ‘ “Mwen va Sòm 33:10-11fè nil tout konsèy Juda ak Jérusalem nan plas sa a. Mwen va fè yo tonbe pa nepe devan lènmi yo, e pa men a sila k ap chache lavi yo. Konsa, Mwen va bay kadav yo pou manje a zwazo syèl yo, ak bèt sovaj latè yo. Anplis, Mwen va fè vil sa a yon dega, yon objè degoutan k ap fè moun soufle anlè kon koulèv. I Wa 9:8Tout moun ki pase akote li va vin etone, e sifle anlè akoz tout dezas li yo. Mwen va fè yo Lev 26:29manje chè pwòp fis pa yo ak fi pa yo. Yo va manje chè youn lòt nan syèj la, ak nan gwo twoub avèk sila lènmi pa yo, ak sila k ap chache lavi yo va twouble yo.” ’
10 “Nan moman sa a, ou gen pou kraze Jr 19:1kanari a devan zye a tout moun ki akonpanye ou. 11 Epi di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Se konsa Mwen va Sòm 2:9kraze pèp sa a ak vil sa a, jis jan ke yon moun kraze yon po kanari, pou l pa ka repare ankò. Yo va antere Topheth, jis lè pa gen plas pou antere ankò. 12 Se konsa, mwen va trete plas sa a ak moun ki rete ladann yo,” deklare SENYÈ a, “pou fè vil sa a tankou Topheth. 13 Lakay Juda ak lakay a wa Juda yo va vin souye kon II Wa 23:10Topheth, akoz anwo twati a tout kay yo te brile sakrifis a tout lame syèl yo, e te vide bwason kon ofrann a lòt dye yo.” ’ ”
14 Konsa, Jérémie te sòti Topheth, kote SENYÈ a te voye l pwofetize a. Li te kanpe nan II Kwo 20:5lakou lakay SENYÈ a e te di a tout pèp la: 15 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen prèt pou mennen sou vil sila a ak tout bouk li yo tout gwo twoub ke M te deklare kont li yo, akoz yo te fè tèt yo di Sòm 58:4pou pa koute pawòl Mwen yo.’ ”

19:1 Nonb 11:16

19:2 Jos 15:8

19:3 I Sam 3:11

19:4 Éz 7:22

19:5 Nonb 22:41

19:6 És 30:33

19:7 Sòm 33:10-11

19:8 I Wa 9:8

19:9 Lev 26:29

19:10 Jr 19:1

19:11 Sòm 2:9

19:13 II Wa 23:10

19:14 II Kwo 20:5

19:15 Sòm 58:4