24
Alò, kòlè SENYÈ a te brile ankò kont Israël e li te pwovoke David kont yo pou di: I Kwo 27:23-24“Ale konte moun Israël avèk Juda yo.” Wa a te di a Joab, chèf lame ki te avèk li a: “Ale, koulye a, atravè tout tribi Israël yo, Jij 20:1soti nan Dan jis rive Beer-Schéba e anrejistre pèp la pou m kab konnen nonb de moun yo.”
Men Joab te di a wa a: “Alò, ke SENYÈ a ta kapab ajoute san fwa anplis kantite moun ke yo ye a, pandan zye a mèt mwen an, wa a, kab toujou wè. Men poukisa mèt mwen an, wa a, twouve plezi nan bagay sila a?”
Men pawòl a wa a te pran plas kont Joab, e kont chèf lame yo. Pou sa, Joab avèk chèf lame yo te sòti nan prezans wa a pou anrejistre pèp Israël la. Yo te travèse Jourdain an pou te fè kan Det 2:36Aroër, sou bò dwat vil la ki nan mitan vale Gad la, ak vè Jaezer. Epi yo te vini Galaad, nan peyi Thachthim-Hodschi, yo te rive Danjaan ak kote Jos 19:28Sidon an. Epi yo te rive nan Jos 19:29fòterès Tyr la, nan tout vil a Evyen yo ak Kananeyen yo; epi yo te sòti nan sid Juda, nan Beer-Schéba. Konsa, lè yo te fin pase nan tout peyi a, yo te vini Jérusalem nan fen nèf mwa e ven jou. Epi Joab te bay nimewo anrejistreman pèp la bay wa a. Te gen an Israël, I Kwo 21:5ui-san-mil mesye vanyan ki te kapab rale nepe e mesye nan Juda yo te senk-san-mil.
10 Koulye a, kè I Sam 24:5David te vin twouble lè li te fin konte pèp la. Konsa, David te di a SENYÈ a: “Mwen te fè gwo peche nan sa mwen te fè a. Men koulye a, O SENYÈ, souple retire inikite a sèvitè Ou a, paske mwen te aji nan foli.”
11 Lè David te leve nan maten, pawòl SENYÈ a te vini a I Sam 22:5pwofèt Gad la, vwayan David la, e li te di: 12 “Ale pale avèk David: ‘Konsa SENYÈ a di: “Mwen ap ofri ou twa bagay; chwazi pou ou menm youn nan yo, pou m fè ou.” ’ ”
13 Konsa, Gad te rive kote David e li te di li: “Èske I Kwo 21:12sèt ane gwo grangou va rive ou nan peyi ou? Oswa èske ou va sove ale pandan twa mwa devan lènmi ou yo pandan y ap kouri dèyè ou? Oswa èske va gen twa jou gwo epidemi nan peyi ou? Alò konsidere e wè ki repons mwen va pote bay Sila ki te voye mwen an.”
14 Epi David te di a Gad: “Mwen nan gwo pwoblèm. Annou tonbe nan men a SENYÈ a, Sòm 51:1paske mizerikòd Li gran; men pa kite mwen tonbe nan men a lòm.”
15 Konsa, I Kwo 21:14SENYÈ a te voye yon epidemi sou Israël jis rive nan maten nan lè chwazi a e swasann-di-mil moun nan pèp la soti Dan jis rive Beer-Schéba te mouri. 16  Trav 12:23Lè zanj lan te lonje men li vè Jérusalem pou detwi li, Egz 32:14SENYÈ a te repanti de gwo malè a. Li te di a zanj ki te detwi pèp la: “Sa ase! Koulye a, lache men ou!” Epi zanj SENYÈ a te akote glasi a Aravna a, Jebizyen an.
17 Konsa, David te pale a SENYÈ a lè li te wè zanj ki t ap frape pèp la. Li te di: “Gade byen, II Sam 24:10se mwen ki te peche a, se mwen ki te fè mal la. Men mouton sila yo, kisa yo te fè? Souple, kite men Ou vin kont mwen, ak kont lakay papa m.”
18 Konsa, Gad te rive kote David nan jou sa menm, e li te di li: “Ale monte, bati yon lotèl a SENYÈ a sou glasi Aravna a, Jebizyen an.”
19 David te monte pa pawòl a Gad la, jis jan ke SENYÈ a te kòmande a. 20 Aravna te gade anba e te wè wa a avèk sèvitè li yo ki t ap travèse bò kote li. Epi Aravna te parèt deyò e li te bese figi li jiska atè devan wa a. 21 Alò, Aravna te di: “Poukisa mèt mwen, wa a, te vin kote sèvitè li a?”
David te reponn: “Pou achte glasi a nan men ou, pou m kab bati yon lotèl bay SENYÈ a, Nonb 16:44-50pou epidemi an kab vin sispann sou pèp la.”
22 Aravna te di a David: “Kite mèt mwen an, wa a, pran sa li wè ki bon nan zye li, e ofri li. Gade, I Sam 6:14men bèf pou ofrann brile a, bwa kabwèt yo avèk jouk bèf yo pou bwa dife a. 23 Tout bagay, O wa, Aravna ap bay wa a.” Epi Aravna te di a wa a: “Ke SENYÈ a, Bondye ou a, kapab kontan avèk ou.”
24 Sepandan, wa a te di a Aravna: “Non, men mwen va, anverite, achte li pou yon pri. Paske mwen p ap ofri ofrann brile bay SENYÈ a, Bondye mwen an ki pa koute m anyen.” Konsa, I Kwo 21:24-25David te achte glasi a avèk bèf yo pou senkant sik ajan. 25 David te bati la yon lotèl bay SENYÈ a e li te ofri ofrann brile yo avèk ofrann lapè yo. II Sam 21:14Konsa, SENYÈ a te kontan akoz lapriyè pou peyi a, e epidemi an te vin sispann an Israël.

24:1 I Kwo 27:23-24

24:2 Jij 20:1

24:5 Det 2:36

24:6 Jos 19:28

24:7 Jos 19:29

24:9 I Kwo 21:5

24:10 I Sam 24:5

24:11 I Sam 22:5

24:13 I Kwo 21:12

24:14 Sòm 51:1

24:15 I Kwo 21:14

24:16 Trav 12:23

24:16 Egz 32:14

24:17 II Sam 24:10

24:21 Nonb 16:44-50

24:22 I Sam 6:14

24:24 I Kwo 21:24-25

24:25 II Sam 21:14