I WA YO
1
Alò, Wa David te vin vye, avanse nan laj. Malgre yo te kouvri li avèk rad, li te toujou fwèt. Konsa, sèvitè li yo te di li: “Kite yo chache yon jenn fi vyèj pou wa a, mèt mwen an, e kite li okipe wa a pou devni enfimyè li. Epi kite li kouche nan sen li pou wa a, mèt mwen an, pou li kapab chofe kò li.” Konsa, yo te chache toupatou yon bèl fi nan tout teritwa Israël la, yo te twouve Abischag, Jos 19:18 Sinamit lan, e yo te mennen li kote wa a. Fi a te byen bèl. Li te devni enfimyè a wa a pou te okipe li, men wa a pa t antre nan relasyon avèk li.
Alò, II Sam 3:4Adonija, fis a Haggith la te vin vante tèt li. Li te di: “Mwen va devni wa.” Konsa, li te prepare pou li menm cha avèk chevalye avèk senkant òm pou te kouri devan l. Papa li pa t janm konfwonte li nan okenn moman pou di: “Poukisa ou fè sa?” Li te osi yon bonòm byen bèl e II Sam 3:3-4te ne apre Absalom. Li te fè tèt a tèt ansanm avèk I Kwo 11:6Joab, fis a Tseruja a, avèk I Sam 22:20-23Abiathar, prèt la; epi yo te swiv Adonija pou te ede li. Men I Kwo 16:39Tsadok, prèt la, Benaja, fis a Jehojada a, II Sam 12:1Nathan, pwofèt la, Schimeï, Réï, ak mesye vanyan ki te apatyen a David yo, pa t avèk Adonija.
Adonija te fè sakrifis mouton avèk bèf ak bèt gra kote wòch a Zohéleth la, ki akote Jos 15:7 En-Rouguel. Li te envite tout frè li yo, fis a wa yo ak tout mesye pwisan Juda yo, sèvitè a wa yo. 10 Men li pa t envite Nathan, pwofèt la, Benaja, mesye vanyan yo, ni Salomon, frè l la.
11 Konsa Nathan te pale avèk II Sam 12:24Bath-Schéba, manman a Salomon. Li te di: “Èske ou pa t tande ke Adonija, fis a Haggith la te devni wa, e David, mèt nou an, pa konnen sa? 12 Pou sa, vini koulye a, souple, kite mwen Pwov 15:22 ba ou konsèy pou sove lavi ou avèk lavi a fis ou a, Salomon. 13 Antre koulye a, kote Wa David e di li: ‘Mèt mwen, O Wa a, èske ou pa t sèmante a sèvant ou an, e te di: I Wa 1:30“Anverite Salomon, fis ou a va wa apre mwen, e li va chita sou twòn mwen an”? Poukisa konsa, Adonija gen tan vin wa a?’ 14 Veye byen, pandan ou toujou la a ap pale avèk wa a, mwen va parèt pou konfime pawòl ou yo.”
15 Konsa, Bath-Schéba te antre kote wa a nan chanm dòmi an. Alò, I Wa 1:1wa a te byen vye, epi Abischag, Sinamit lan, t ap okipe wa a. 16 Bath-Schéba te bese kouche nèt atè devan wa a. Epi wa a te di: “Se kisa ke ou vle?”
17 Li te di li: “Mèt mwen, ou te sèmante a sèvant ou a pa SENYÈ a, Bondye ou a, ke: I Wa 1:13Anverite fis ou a, Salomon va devni wa apre mwen, e li va chita sou twòn mwen an.” 18 Alò, gade byen, se Adonija ki wa a. Epi koulye a, mèt mwen an, wa a, ou pa menm konnen. 19  I Wa 1:9Li gen tan fè sakrifis bèf avèk bèt gra ak mouton an gran kantite, e li te envite tout fis a wa yo avèk Abiathar, prèt la, avèk Joab, chèf lame a, men li pa t envite Salomon, sèvitè ou a. 20 Epi koulye a, pou ou menm, mèt, wa a, zye a tout Israël ap gade ou, pou di yo se kilès k ap chita sou twòn a mèt mwen an, wa a, apre li. 21 Otreman, li va vin rive ke Det 31:16depi mèt mwen an, wa a, vin dòmi avèk zansèt li yo, pou mwen avèk fis mwen an, Salomon va vin konsidere kòm koupab.”
22 Epi gade, pandan li te toujou ap pale, Nathan, pwofèt la te vin antre. 23 Yo te pale wa a, e te di: “Men Nathan, pwofèt la.”
Konsa, lè l te antre devan wa a, li te pwostène kò l devan wa a avèk figi li atè. 24 Nathan te di: “Mèt mwen, wa a, èske ou te di: ‘Adonaja va wa apre mwen e li va chita sou twòn mwen an’? 25  I Wa 1:9Paske li te desann jodi a pou te fè sakrifis bèf avèk bèt gra, ak mouton an gran kantite, e li te envite tout fis a wa yo avèk chèf lame a, avèk Abiathar, prèt la. Men vwala, y ap manje bwè devan li, epi yo di: ‘Viv wa Adonija!’ 26  I Wa 1:8-10Men mwen menm, sèvitè ou a, avèk Tsadok, prèt la ak Benaja, fis a Jehojada a, e sèvitè ou a, Salomon, li pa t envite nou. 27 Èske bagay sa a te fèt pa mèt mwen an, wa a? Èske ou pa t montre sèvitè ou yo kilès ki ta dwe chita sou twòn a mèt mwen an, wa a, apre li?”
28 Konsa, Wa David te reponn: “Rele Bath-Schéba vin kote m”. Li te parèt nan prezans a wa a e li te kanpe devan wa a. 29 Wa a te sèmante. Li te di: II Sam 4:9“Jan SENYÈ a viv la, Li menm ki te peye ranson lavi mwen soti nan tout twoub, 30 anverite, jan I Wa 1:13-17mwen te sèmante a ou menm pa SENYÈ a, Bondye a Israël la, e te di: ‘Fis ou a, Salomon va devni wa a apre mwen. Li va chita sou twòn mwen an nan plas mwen’. Mwen va, anverite, fè sa menm jodi a.”
31 Bath-Schéba te bese avèk figi li atè devan wa a. Li te di: Dan 2:4“Ke mèt mwen an, Wa David, viv pou tout tan.”
32 Alò, Wa David te di: “Rele vin kote m I Wa 1:8Tsadok, prèt la, Nathan, pwofèt la, ak Benaja, fis a Jehojada a.” Epi yo te vini nan prezans a wa a. 33 Wa a te di yo: “Pran avèk ou II Sam 20:6-7sèvitè a mèt ou yo, e fè fis mwen an, Salomon, monte sou milèt pa m nan pou l mennen anba nan Guihon. 34 Kite Tsadok, prèt la ak Nathan, pwofèt la onksyone li la kòm wa sou Israël. II Sam 15:10Soufle twonpèt la e di: ‘Viv wa a, Salomon!’ 35 Alò, ou va vin monte apre li. Li va vin chita sou twòn mwen an e li va vin wa nan plas mwen. Paske mwen te chwazi li pou renye sou Israël avèk Juda.”
36 Benaja, fis a Jehojada a te reponn wa a. Li te di: “Amen!” Kite se konsa ke SENYÈ a, Bondye a mèt mwen an, pale. 37  Jos 1:5-17Jan SENYÈ a te avèk mèt mwen an, wa a, konsa ke li kapab avèk Salomon e fè twòn li an pi gran ke twòn a mèt mwen an, Wa David!
38 Konsa I Wa 1:8Tsadok, prèt la, Nathan, pwofèt la, Benaja, fis a Jehojada a, II Sam 8:16Keretyen yo, Peletyen yo te desann. Yo te fè Salomon monte sou milèt a David la pou te mennen li kote Guihon. 39 Tsadok, prèt la, te Egz 30:23-32pran kòn lwil la nan tant lan pou te I Kwo 29:22onksyone Salomon. Yo te soufle twonpèt la, e tout pèp la te di: “Viv wa Salomon!”
40 Tout pèp la te monte apre li. Pèp la t ap jwe flit, yo t ap rejwi avèk gran jwa, jiskaske tè a te vin souke avèk bwi ke yo t ap fè yo. 41 Alò, Adonaja avèk tout envite ki te avèk li yo te tande sa pandan yo te fin manje. Lè Joab te tande bwi a twonpèt la, li te di: “Poukisa gen zen lavil la konsa?”
42 Pandan li te toujou ap pale, men vwala, II Sam 15:27-36Jonathan, fis a Abiathar a, prèt la te vin rive. Alò Adonaja te di: “Antre, pwiske ou se yon nonm vanyan ki pote bòn nouvèl.”
43 Men Jonathan te reponn a Adonaja: “Non! Mèt nou, Wa David, te fè Salomon wa. 44 Wa a te anplis, voye avèk li Tsadok, prèt la, Nathan, pwofèt la, Benaja, fis a Jehojada a, Keretyen yo, Peletyen yo, epi yo te fè li monte sou milèt a wa a. 45 Tsadok, prèt la, avèk Nathan, pwofèt la, te onksyone li wa nan Guihon. Yo te vin monte depi la, ranpli avèk jwa I Wa 1:40jiskaske tout vil la te vin boulvèse. Sa se bwi ke nou te tande a. 46 Anplis menm, I Kwo 29:23Salomon te vin pran chèz li sou twòn wayòm nan. 47 Toujou, sèvitè a wa yo te vin beni mèt nou an, Wa David. Yo te di: ‘Ke I Wa 1:37Bondye ou a kapab fè non a Salomon pi bon ke non ou, e twòn pa li a pi gran ke twòn pa w la!’ Epi Jen 47:31wa a te bese sou kabann nan. 48 Wa a osi te di konsa: ‘Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, ki II Sam 7:12te pèmèt yon moun vin chita sou twòn mwen an jodi a pandan pwòp zye m toujou wè.’ ”
49 Alò, tout envite a Adonija yo te ranpli avèk gwo laperèz. Yo te leve e yo chak te ale fè wout yo. 50 Konsa, Adonija te pè Salomon. Li te leve ale pou sezi kòn lotèl yo, e li te di: “Kite Salomon sèmante a mwen menm jodi a ke li p ap mete sèvitè li a lanmò avèk nepe.” 51 Alò, yo te pale a Salomon. Yo te di: “Gade byen, Adonija pè Wa Salomon; paske tande byen, li te ale sezi kòn lotèl yo, e li t ap di: ‘Kite Wa Salomon sèmante a mwen menm jodi a ke li p ap mete sèvitè li a lanmò avèk nepe.’ ”
52 Salomon te di: “Si li se yon moun onèt, I Sam 14:45nanpwen menm youn nan cheve li k ap tonbe atè, men si se mechanste ki twouve nan li, li va mouri.”
53 Konsa, Wa Salomon te voye mennen li desann soti nan lotèl la. Epi li te vin lonje kò l atè nèt devan Wa Salomon. Salomon te di li: “Ale lakay ou.”

1:3 Jos 19:18

1:5 II Sam 3:4

1:6 II Sam 3:3-4

1:7 I Kwo 11:6

1:7 I Sam 22:20-23

1:8 I Kwo 16:39

1:8 II Sam 12:1

1:9 Jos 15:7

1:11 II Sam 12:24

1:12 Pwov 15:22

1:13 I Wa 1:30

1:15 I Wa 1:1

1:17 I Wa 1:13

1:19 I Wa 1:9

1:21 Det 31:16

1:25 I Wa 1:9

1:26 I Wa 1:8-10

1:29 II Sam 4:9

1:30 I Wa 1:13-17

1:31 Dan 2:4

1:32 I Wa 1:8

1:33 II Sam 20:6-7

1:34 II Sam 15:10

1:37 Jos 1:5-17

1:38 I Wa 1:8

1:38 II Sam 8:16

1:39 Egz 30:23-32

1:39 I Kwo 29:22

1:42 II Sam 15:27-36

1:45 I Wa 1:40

1:46 I Kwo 29:23

1:47 I Wa 1:37

1:47 Jen 47:31

1:48 II Sam 7:12

1:52 I Sam 14:45