11
II Sam 5:1-10Epi tout Israël te reyini kote David nan Hébron. Yo te di: “Gade byen, nou se zo ou ak chè ou. Nan tan pase yo, menm lè Saül te wa, se te ou menm ki te mennen Israël sòti ak antre. Epi konsa, SENYÈ a, Bondye ou a, te di ou: II Sam 5:2‘Ou va bèje pèp Israël Mwen an, e ou va Prens sou pèp Mwen an, Israël.’ ”
Pou sa, tout ansyen nan Israël yo te vin kote wa a Hébron e David te fè yon akò avèk yo Hébron devan SENYÈ a. Epi II Sam 5:3-5yo te onksyone David Wa sou Israël, I Sam 16:1-13selon pawòl SENYÈ a te pwononse pa Samuel la.
Konsa, David, avèk tout Israël te ale Jérusalem (sa vle di, Jos 15:8-63Jébus). Jebizyen ki te abite nan peyi yo te la. Pèp Jébus la te di a David: “Ou p ap antre isit la.” Malgre sa, David te kaptire fò a Sion an (sa vle di, vil David la). Alò, David te pale avan: “Nenpòt moun ki touye yon Jebizyen avan, se li k ap chèf e kòmandan.” Se te II Sam 8:16Joab, fis a Tseruja a ki te monte avan; konsa li te devni chèf. Answit, David te rete nan fò a; pou sa, li te vin rele lavil David la. Li te bati vil toutotou li, soti nan Millo menm pou rive nan tout zòn ki te antoure li yo; epi Joab te repare tout rès vil la. II Sam 3:1David te vin pi gran e pi gran, paske SENYÈ a dèzame yo te avèk li.
10  II Sam 23:8-39Alò, sila yo se chèf an tèt yo, mesye gran pwisans ke David te genyen yo, ki te bay li soutyen fò nan wayòm li a, pou fè l vin wa, selon pawòl a SENYÈ a pa Israël.
11 Sila yo se chif a mesye gran pwisans ke David te genyen yo: II Sam 23:8Jaschobeam, fis a yon Akmoni, chèf a trant lan. Li te parèt ak yon sèl lans devan twa-san òm e te touye tout yon sèl kou. 12 Apre li, se te Éléazar, fis a Dodo a, Achochit la, youn nan twa prensipal mesye pwisan yo. 13 Li te avèk David nan Pas-Damimim II Sam 23:11-12 lè Filisten yo te rasanble ansanm la pou batay e te gen yon mòso tè plen avèk lòj; epi pèp la te sove ale devan Filisten yo. 14 Yo te kanpe pran plas yo nan mitan mòso tè a pou te defann li e li te touye Filisten yo; epi SENYÈ a te delivre yo avèk yon gran viktwa.
15 Alò, twa nan trant mesye chèf yo te desann vè wòch kav Adullam nan, pandan I Kwo 14:9lame Filisten yo t ap fè kan nan vale Rephaïm nan. 16 Konsa, David te anndan fò a pandan I Sam 10:5lame Filisten an te Bethléem. 17 David te gen yon lanvi, epi te di: “O ke yon moun ban m dlo pou bwè soti nan pwi Bethléem ki akote pòtay la!”
18 Konsa, twa mesye sa yo te antre nan kan Filisten yo, te rale dlo soti nan pwi Bethléem ki te akote pòtay la e te pran li pou te pote l bay David. Sepandan, David te refize bwè l, men te vide li bay SENYÈ a. 19 Konsa, li te di: “Lwen de mwen devan Bondye mwen an pou m ta fè sa. Èske mwen ta bwè san a mesye sila yo ki te riske lavi yo? Paske se avèk gwo danjè lavi yo menm ke yo te pote li.” Pou sa, li te refize bwè l. Se bagay sila yo ke twa mesye pwisan yo te fè.
20 Epi Abischaï, frè a Joab la te chèf a trant yo ke li te ye e li te voye lans li kont twa san moun e te touye yo. Li te rekonèt menm jan kon trant yo. 21 Nan trant yo se te li ki te pi rekonèt e te devni kòmandan pa yo; men li pa t rive nan nivo a twa sila yo.
22  II Sam 8:18Benaja, fis a Jehojada a, fis a yon mesye gwo kouraj nan Kabtseel, pwisan nan zèv li yo, te frape touye de fis a Ariël yo, Moabit la. Anplis, li te desann touye yon lyon anndan yon fòs nan yon jou ke lanèj t ap tonbe. 23 Li te touye yon Ejipsyen, yon nonm gran wotè a senk koude. Alò, nan men Ejipsyen an, te gen yon lans tankou shaf a aparèy tise a; men li te desann kote li avèk yon baton, te sezi lans lan soti nan men Ejipsyen an e te touye li avèk pwòp lans pa li a. 24 Bagay sa yo Benaja, fis a Jehojada a te fè e te byen koni menm jan ak twa mesye pwisan yo. 25 Gade byen, li te byen onore pami trant yo, men li pa t rive nan nivo a twa sila yo. Konsa, David te apwente l sou gad pa li.
26 Alò, mesye pwisan lame yo te Asaël, frè Joab, Elchanan, fis a Dodo nan Bethléem, 27 Schammoth, Aworit la, Hélets, Palonit la, 28 Ira, fis a Ikkesch la, Tekoatyen an, Abiézer, Anatotit la. 29 Sibbecaï, Oushatit la, Ilaï, Achoachit la, 30 Maharaï, Netofayit la, Héled, fis a Baana a, Netofayit la, 31 Ithaï, fis a Ribaï a, Gibityen ki sòti nan fis a Benjamin yo, Benaja ak Pirathon. 32 Huraï a ti dlo a Gaash yo, Abie ak Araba. 33 Azmaveth, Bacharumit la, Éliachba, Shaalbonit lan, 34 Bené-Hasdchem, Gizonit lan, Jonathan, fis a Schagué a, Ararit la. 35 Achiam, fis a Sacar a, Ararit la, Éliphal, fis a Ur a, 36 Hépher, a Mekeratit la, Achija, Palonit lan, 37 Hetsro, Kamelit la, Naaraï, fis a Ebzaï a. 38 Joël, frè a Nathan an, Mibchar, fis a Hagri a, 39 Tsélek, Amonit lan, Nachraï, Bewotit ki te pote zam pou Joab yo, fis a Tseruja a. 40 Ira, Jeterit la, Gareb, Jeterit la, 41 Urie, Etyen an, Zabad, fis a Achlaï a. 42 Adina, fis a Schiza a, Ribenit lan, chèf a Ribenit yo ak trant ki te avè l yo. 43 Hanan, fis a Maaca a, Josaphat, Mitnit lan, 44 Ozias, Ashtawotit la, Schama avèk Jehiel, fis a Hotham yo, Awoerit la, 45 Jediaël, fis a Schimri a, Jocha, frè li, Titsit la, 46 Éliel, Machavimit lan, Jeribaï avèk Joschavia, fis a Elnaam yo, Jithma, Moabit la, 47 Éliel, Obed ak Jaasiel-Metsobaja.

11:1 II Sam 5:1-10

11:2 II Sam 5:2

11:3 II Sam 5:3-5

11:3 I Sam 16:1-13

11:4 Jos 15:8-63

11:6 II Sam 8:16

11:9 II Sam 3:1

11:10 II Sam 23:8-39

11:11 II Sam 23:8

11:13 II Sam 23:11-12

11:15 I Kwo 14:9

11:16 I Sam 10:5

11:22 II Sam 8:18