115
Pa pou nou, O SENYÈ, pa pou nou,
men Sòm 29:2pou Non Ou glwa bay,
akoz lanmou dous Ou, akoz verite Ou.
Poukisa nasyon yo ta di:
Sòm 42:3-10“Kote Bondye yo a ye koulye a?”
Men Sòm 103:19Bondye nou an nan syèl yo.
Li fè sa Li pito.
Zidòl yo se ajan ak lò, Det 4:28 zèv men a lòm.
Yo gen bouch, men yo Jr 10:5pa kab pale.
Yo gen zye, men yo pa kab wè.
Yo gen zòrèy, men yo pa kab tande.
Yo gen nen, men yo pa kab santi anyen.
Yo gen men, men yo pa kab manyen.
Yo gen pye, men yo pa kab mache.
Nanpwen okenn bri ki sòti nan gòj yo.
Sòm 135:18Sila ki mete konfyans nan yo va tankou yo.
Wi, tankou tout moun ki fè yo konfyans yo.
O Israël, mete konfyans ou nan SENYÈ a!
Se Li menm ki Sòm 33:20sekou ak boukliye yo.
10 O lakay Sòm 118:3Aaron, mete konfyans ou nan SENYÈ a;
Se Li menm ki sekou ak boukliye yo.
11 Nou menm ki Sòm 22:23gen lakrent SENYÈ a,
mete konfyans nou nan SENYÈ a.
Se Li menm ki sekou yo ak boukliye yo.
12 SENYÈ a Sòm 98:3te toujou sonje nou.
Li va beni nou.
Li va beni lakay Israël la.
Li va beni lakay Aaron an.
13 Li va beni sila ki krent SENYÈ yo,
Rev 11:18piti kon gran.
14 Ke SENYÈ a kab Det 1:11fè nou grandi plis,
nou menm ak pitit nou yo.
15 Ke nou ta vin beni pa SENYÈ a,
Jen 1:1Kreyatè syèl la ak tè a.
16 Syèl yo se Sòm 89:11Syèl SENYÈ a,
Men latè, Li te bay li a fis a lòm yo.
17  Sòm 6:5Mò yo pa louwe SENYÈ a,
ni sila ki desann antre nan silans yo.
18 Men nou va beni SENYÈ a,
soti nan moman sa a e rive jis pou tout tan.
Louwe SENYÈ la!

115:1 Sòm 29:2

115:2 Sòm 42:3-10

115:3 Sòm 103:19

115:4 Det 4:28

115:5 Jr 10:5

115:8 Sòm 135:18

115:9 Sòm 33:20

115:10 Sòm 118:3

115:11 Sòm 22:23

115:12 Sòm 98:3

115:13 Rev 11:18

115:14 Det 1:11

115:15 Jen 1:1

115:16 Sòm 89:11

115:17 Sòm 6:5