29
1 Alò, sila yo se pawòl a ✡ II Kwo 30:1-6lèt ke Jérémie, pwofèt la, te voye soti Jérusalem bay lòt ansyen an egzil yo; prèt yo, pwofèt yo ak tout moun ke Nebucadnetsar te pran pou fè antre an egzil soti Jérusalem pou rive Babylone yo. 2 (Se te nan lè Wa ✡ II Wa 24:12-16Jeconia ak rèn nan, ofisye tribinal yo, prens a Juda yo, gwo bòs atizan yo, ak sila ki travay nan metal yo te fin pati Jérusalem.) 3 Lèt la te voye pa men Éleasa, fis a Schaphan ak Guemaria a, fis a ✡ I Kwo 6:13Hilkija a, ke Sédécias, fis wa Juda a, te voye Babylone kote wa Nebucadnetsar e te di:
4 Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, a tout egzile ke m te ✡ Jr 24:5voye an egzil soti Jérusalem pou rive Babylone yo, 5 ✡ Jr 29:28 “Bati kay e viv nan yo; epi plante jaden e manje pwodwi yo. 6 Pran ✡ Jr 16:2-4madanm e vin papa a fis ak fi, pran madanm pou fis nou yo e bay a fi nou yo mari yo; epi vin miltipliye la e pa diminye. 7 Chache bonè a peyi sa a kote Mwen te voye nou an egzil la e priye a SENYÈ a pou li; paske nan bonè pa li, ou va jwenn bonè.” 8 Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Pa kite ✡ Jr 27:9pwofèt ki rete nan mitan nou yo ak divinò nou yo twonpe nou, ni pa koute rèv ke yo fè. 9 Paske yo ✡ Jr 27:15fè fo pwofesi bannou nan non Mwen; Mwen pa t voye yo,” deklare SENYÈ a. 10 Paske konsa pale SENYÈ a: “Lè ✡ II Kwo 36:21-23swasann-dizan yo fin ekoule pou Babylone, Mwen va vizite nou e ranpli nou ak bon pawòl Mwen a nou menm, pou mennen nou retounen nan plas sa a. 11 Paske Mwen konnen ✡ Sòm 40:5plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa. 12 Epi nou va ✡ Sòm 50:15rele Mwen, vin kote Mwen pou priye e Mwen va koute nou. 13 Nou va ✡ Det 4:29chache Mwen e nou va jwenn Mwen lè nou chache M ak tout kè nou. 14 Mwen va vin ✡ Det 30:1-10twouve pa nou menm” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va restore bonte nou e ranmase nou soti nan tout nasyon yo ak plas kote Mwen te chase fè nou rive yo,” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va mennen nou fè nou retounen soti nan plas kote Mwen te fè nou antre an egzil la.”
15 Akoz nou te di: “SENYÈ a te fè leve pwofèt pou nou Babylone”— 16 Pou sa, pale SENYÈ a konsènan wa ki chita sou twòn David la e konsènan tout moun ki rete nan vil sa yo, frè nou yo ki ✡ Jr 38:2-23pa t antre ak nou an egzil yo—— 17 Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen ap voye sou yo ✡ Jr 27:8nepe ak gwo grangou, ensèk ak maladi pou ravaje chan yo, Mwen va fè yo tankou fig etranje ki louvri pete fann yo e ki pa ka manje akoz yo pouri yo. 18 Mwen va kouri dèyè yo ak nepe, ak gwo grangou, ak ensèk ak maladi pou ravaje chan yo; epi Mwen va fè yo vin yon gwo laperèz pou tout wayòm sou latè yo, pou yo kapab vin yon ✡ És 65:15madichon, yon bagay lèd e degoutan, yon objè k ap fè moun sifle anlè kon koulèv, yon repwòch pami tout nasyon kote Mwen te chase fè yo ale yo, 19 Akoz yo ✡ Jr 6:19pa t koute pawòl Mwen yo,” deklare SENYÈ a: “ke Mwen te voye bay yo ankò e ankò pa sèvitè Mwen yo, pwofèt yo; men nou pa t koute”, deklare SENYÈ a.
20 Pou sa, nou menm, koute pawòl SENYÈ a, nou menm ki ekzile yo, ke M te ✡ Jr 24:5voye ale kite Jérusalem pou rive Babylone yo. 21 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, konsènan Achab, fis a Kolaja a e konsènan Sédécias, fis a Maaséja a, k ap ✡ Jr 14:14-15fè fo pwofesi bannou nan non Mwen, ‘Gade Byen, Mwen va livre yo nan men Nebucadnetsar, wa Babylone nan e li va touye yo devan zye nou. 22 Akoz yo menm, yon ✡ És 65:15madichon va vin itilize pa tout egzile Juda ki Babylone yo, ki va di: “Ke SENYÈ a fè ou tankou Sédécias ak tankou Achab, ke wa Babylone nan te boukannen nan dife a, 23 Akoz yo te aji ak foli an Israël, yo te ✡ Jr 5:8komèt adiltè ak madanm a vwazen yo e yo te pale manti nan non Mwen, ke M pa t janm kòmande yo fè; epi Mwen se Sila ki konnen an e Mwen yon temwen,” deklare SENYÈ a.’ ”
24 A ✡ Jr 29:31-32Schemaeja, Nechelamit lan, ou va di: 25 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Akoz ou te voye ✡ Jr 29:1lèt nan pwòp non pa w a tout pèp Jérusalem nan, a Sophonie, fis a Maaséja a, prèt la, epi a tout prèt yo, epi di: 26 “SENYÈ a te fè nou prèt olye Johojada, prèt la, pou vin chèf lakay SENYÈ a sou chak moun fou ki pwofetize, pou ✡ Trav 16:24mete li nan sèp ak nan kolye an fè. 27 Alò, konsa, poukisa ou pa t repwoche Jérémie a ✡ Jr 1:1Anathoth ki pwofetize a ou menm nan? 28 Paske, li te ✡ Jr 29:1voye nou Babylone e te di: Egzil la va byen long; bati kay pou viv; plante jaden pou manje pwodwi yo.” ’ ”
29 ✡ Jr 29:25Sophonie, prèt la, te li lèt sa a bay Jérémie, pwofèt la. 30 Epi pawòl a SENYÈ a te vini a Jérémie ki te di: 31 “Voye kote tout egzile yo e di: ‘Konsa pale SENYÈ a konsènan Schemaeja, Nechelamit lan: “Akoz Schemaeja te ✡ Jr 14:14-15pwofetize a nou menm, malgre Mwen pa t voye l e li te fè nou kwè nan yon manti,” 32 Akoz sa, pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen prèt pou pini Schemaeja, Nechelamit lan, ak desandan li yo; ✡ I Sam 2:30-34li p ap gen pèsòn k ap viv pami pèp sa a, ni li p ap wè bonte ke Mwen prèt pou fè pou pèp Mwen an,” deklare SENYÈ a: “akoz li te preche rebelyon kont SENYÈ a.” ’ ”